Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 27 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David thought, "One day I'll be swept away by Saul's hand. Nothing is better for me than to escape at once to Philistine land. Then Saul will give up searching for me anywhere in Israel's borders, and I'll escape his hand." Konsa, David te di nan tèt li: “Alò, yon jou mwen va peri nan men Saül. Nanpwen anyen k ap pi bon pou mwen pase pou m chape ale nan peyi Filisten yo. Konsa, Saül va dekouraje nan chache mwen toujou sou tout teritwa Israël la, e mwen va chape nan men li.”
2 David set out and crossed over, he and the 600 men with him, to Achish son of Maoch, king of Gath. Konsa, David te leve e te travèse, li menm avèk sis-san òm ki te avè l yo, kote Akisch, fis a Maoc la, wa a Gath la.
3 David lived with Achish at Gath, he and his men, each with his household—David with his two wives, Ahinoam of Jezreel and Abigail of Carmel, Nabal's widow. Epi David te viv avèk Akisch nan Gath, li menm avèk mesye pa li yo, chak moun avèk tout moun lakay yo. David te avèk de madanm pa li yo, Achinoam Jizreyelit la ak Abigaïl, Kamelit la, vèv a Nabal la.
4 When Saul was told that David had fled to Gath, he no longer searched for him. Alò, sa te pale a Saül ke David te sove ale Gath. Konsa, li pa t chache li ankò.
5 David said to Achish, "If you favor me, give me a place in one of the country towns to live in. Why should your servant live with you in the royal city?" Alò, David te di a Akisch: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye ou, kite yo ban mwen yon plas nan youn nan vil andeyò yo, pou m kapab viv la. Paske poukisa sèvitè ou ta viv nan vil wayal la avèk ou?”
6 That day Achish gave him Ziklag; so Ziklag has belonged to Judah's kings to this day. Konsa, Akisch te bay li Tsiklag nan jou sa a. Konsa, Tsiklag te devni pou wa Juda yo jis rive jodi a.
7 The length of time David lived in Philistine territory was a year and four months. Nonb de jou ke David te viv nan peyi a Filisten yo se te 1 nan, kat mwa.
8 David and his men went up and raided the Geshurites, Girzites, and Amalekites, for they had lived in that land from ancient times, toward Shur and to the land of Egypt. Alò, David avèk mesye pa li yo te monte pou te fè atak sou Gechouryen, Gizyen avèk Amalekit yo; paske se yo menm ki te mèt tè sa a depi nan tan ansyen yo, nan wout soti Schur, menm pou rive nan peyi Égypte la.
9 Whenever David attacked the land, he left no man or woman alive, took the sheep, cattle, donkeys, camels, and clothing, then returned to Achish. David te atake peyi a, e pa t kite yon gason ni yon fanm vivan. Li te pran tout mouton, bèf, bourik, chamo, avèk rad. Apre, li te retounen kote Akisch.
10 Achish would ask, "Where did you raid today?" David would say, "The Negev of Judah," "the Negev of the Jerahmeelites," or "the Negev of the Kenites." Alò, Akisch te di: “Se kibò ou te atake jodi a?” Epi David te reponn: “Kont Negev la nan Juda e kont Negev a Kenyen yo.”
11 David left no man or woman alive to bring to Gath, thinking, "They might report on us, saying, 'This is what David did.'" This was his practice the whole time he lived in Philistine territory. David pa t kite yon mesye ni yon fanm vivan pou mennen yo nan Gath. Li te di: “Otreman, yo va pale afè nou, e di: ‘Se konsa David te fè e se konsa li aji pandan tout tan ke li rete nan peyi Filisten yo.’”
12 Achish trusted David, thinking, "He has made himself utterly detestable to his people Israel; he will be my servant forever." Konsa, Akisch te kwè David, Li te di: “Anverite, li vin fè tèt li rayisab pami pèp Israël pa l la. Konsa, li va sèvitè pa m jis pou tout tan.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]