Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 26 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Ziphites came to Saul at Gibeah: "Isn't David hiding on Hachilah hill, facing Jeshimon?" Zifyen yo te vin kote Saül nan Guibea. Yo te di l: “Èske David pa kache nan ti mòn Hakila a, devan Jeschimon?”
2 Saul went down to the Wilderness of Ziph with 3,000 chosen men of Israel to search for David there. Konsa, Saül te leve desann nan dezè Ziph la e te genyen avè l twa-mil òm Israël, byen chwazi pou chache David nan dezè Ziph la.
3 Saul camped on Hachilah hill facing Jeshimon beside the road, while David stayed in the wilderness. David saw Saul had followed him into the wilderness, Saül te fè kan nan ti mòn Hakila a, ki devan Jeschimon, akote wout la, e David te rete nan dezè a, lè li te wè ke Saül te vini dèyè li nan dezè a.
4 he sent out scouts and learned that Saul had indeed arrived. Konsa, David te voye espyon yo deyò, e li te konnen san dout ke Saül t ap vini.
5 David went to the place where Saul had camped, and saw where Saul lay with Abner son of Ner, his army commander. Saul lay inside the camp, troops surrounding him. Pou sa, David te leve pou vini nan plas kote Saül te fè kan an. Epi David te wè plas kote Saül te kouche avèk Abner, fis a Ner a, kòmandan lame li a. Saül te kouche nan mitan won kan an e pèp la te fè kan an antoure li.
6 David asked Ahimelech the Hittite and Abishai son of Zeruiah, Joab's brother, "Who'll go down with me to Saul's camp?" Abishai said, "I'll go down with you." Konsa, David te di a Achimélec, Etyen an ak Abischaï, fis a Tseruja a, frè a Joab, e li te di: “Se kilès k ap desann avè m kote Saül nan kan an?” Abischaï te di: “M ap desann avè w.”
7 David and Abishai came to the troops at night. Saul lay asleep in camp, spear stuck in the ground by his head, Abner and the troops around him. Konsa, David avèk Abischaï te pwoche kote pèp la nan lannwit. Epi vwala, Saül te kouche nan dòmi anndan won kan an avèk frenn li kole nan tè kote tèt li. Epi Abner avèk pèp la te kouche antoure li.
8 Abishai said to David, "Our Father has given your enemy into your hand today. So let me strike him to the ground with one spear—no second thrust needed." Alò, Abischaï te di a David: “Jodi a, Bondye gen tan livre lènmi ou an nan men ou. Pou sa, koulye a, kite mwen frape li avèk frenn nan rive jis atè ak yon sèl kou e mwen p ap frape li yon dezyèm fwa.”
9 But David told Abishai, "Don't destroy him! Who can lift a hand against our Father's anointed and stay guiltless?" Men David te di a Abischaï: “Pa detwi li, paske se kilès ki kab lonje men l kont onksyone a SENYÈ a e rete pa koupab?”
10 David said, "As our Father lives, our Father will strike him, or his day comes and he dies, or he goes into battle and is destroyed. Anplis, David te di: “Jan SENYÈ a viv la, asireman, SENYÈ a va frape li, oswa jou li va rive pou li mouri, oswa li va tonbe nan batay e peri.
11 Far be it, before our Father, to raise my hand against our Father's anointed. Now take the spear at his head, the water jug, and let's go." SENYÈ a anpeche ke m ta lonje men m kont onksyone SENYÈ a. Men koulye a, souple, pran frenn ki bò kot tèt li a ak veso dlo a, epi, an ale.”
12 David took the spear and water jug from beside Saul's head; they left. No one saw them, no one knew, and no one woke, for a deep sleep from our Father had fallen on them all. Konsa, David te pran frenn nan avèk veso dlo a soti kote tèt a Saül e yo te pati. Men pèsòn pa t konnen, ni leve, paske yo tout t ap dòmi, akoz yon fon somèy ki sòti nan SENYÈ a te vin tonbe sou yo.
13 Then David crossed over and stood on a distant hilltop, a wide gap between them. Konsa, David te travèse de lòt kote, e te kanpe sou tèt mòn nan a yon distans avèk yon gran espas antre yo.
14 He called to the troops and Abner son of Ner: "Won't you answer, Abner?" "Who are you, calling to the king?" Abner replied. David te rele tout moun yo ak Abner, fis a Ner a. Li te di: “Èske ou p ap reponn, Abner?” Alò, Abner te reponn: “Se kilès ou ye k ap rele wa a?”
15 David said to Abner, "Aren't you a man? Who is like you in Israel? Why didn't you guard your lord the king? Someone came to destroy the king, your lord. Konsa, David te di a Abner: “Èske ou pa yon gason? Alò, se kilès ki tankou ou an Israël? Kòmsi, poukisa ou pa t veye mèt ou, wa a? Paske yon moun nan pèp la te vini detwi wa a, mèt ou a.
16 You've done wrong. As our Father lives, you all deserve death for not guarding your lord, our Father's anointed. Now look—where are the king's spear and water jug by his head?" Bagay ke ou te fè a, pa bon! Jan SENYÈ a viv la, fòk ou mouri! Paske ou pa t veye mèt ou, onksyone a SENYÈ a. Konsa, koulye a, gade kote frenn a wa a ye ak veso dlo ki te kote tèt li a.”
17 Saul recognized David's voice: "Is that your voice, my son David?" David said, "My voice, my lord the king." Saül te rekonèt vwa a David, e te di: “Èske se vwa ou, fis mwen, David?” David te di: “Se vwa m, mèt mwen, wa a.”
18 He said, "Why does my lord chase his servant? What have I done, what wrong in my hand? Anplis li te di: “Alò, poukisa mèt mwen ap kouri dèyè sèvitè li a? Paske kisa mwen te fè? Oswa ki mal ki nan men m?
19 May my lord the king hear his servant's words: if our Father stirred you against me, may he accept an offering; but if it is people who have done it, may they be cursed before him—for today they've driven me from my share in his inheritance, saying, 'Go, serve other gods.' Alò, pou sa, souple kite mèt mwen, wa a, koute pawòl a sèvitè li yo. Si SENYÈ a te boulvèse ou kont mwen, kite Li aksepte yon ofrann. Men si se lèzòm, modi yo ye devan SENYÈ a. Paske yo te chase mwen sòti jodi a pou fè m pa atache ankò a eritaj SENYÈ a. Yo di: ‘Ale sèvi lòt dye yo.’
20 Don't let my blood fall to the ground, far from our Father's presence—Israel's king comes out to hunt one flea, like chasing a partridge in the mountains." Alò, pou sa, pa kite san mwen tonbe atè lwen prezans SENYÈ a, paske wa Israël la te vin parèt pou chache yon sèl pis, tankou yon moun k ap fè lachas pentad nan mòn yo.”
21 Saul said, "I have sinned. Come back, David my son. I will never harm you again, since my life was precious in your eyes today. I have been foolish and gravely mistaken." Alò Saül te di: “Mwen te peche. Retounen, fis mwen, David. Paske mwen p ap fè ou mal ankò, akoz lavi mwen te presye nan zye ou nan jou sa a. Gade, mwen te jwe wòl a yon enbesil e mwen te fè yon gwo erè.”
22 David answered, "Here is the king's spear. Let a young man come get it. David te reponn: “Gade byen, men frenn a wa a! Alò kite youn nan jennonm yo travèse vin pran l.
23 Our Father repays everyone for their righteousness and faithfulness. Today he gave you into my hand, but I wouldn't raise my hand against his anointed. SENYÈ a va rekonpanse chak moun pou ladwati pa li ak fidelite li; paske SENYÈ a te livre ou nan men m jodi a. Mwen te refize lonje men m kont onksyone a SENYÈ a.
24 As I valued your life highly today, may our Father value my life highly and rescue me from all trouble." Gade byen, jan lavi ou te gen gwo valè nan zye m jodi a, konsa ke vi m ta ye nan men SENYÈ a. Ke li ta delivre mwen nan tout twoub.”
25 Saul told David, "Blessed are you, my son David—you will do great things, and surely prevail." David went his way; Saul returned home. Epi Saül te di a David: “Beni se ou menm, fis mwen, David. Ou va vin reyisi anpil e ou va vin genyen.” Konsa, David te fè wout li e Saül te retounen nan plas li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]