Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 25 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Samuel died, and all Israel gathered to mourn him and buried him at his home in Ramah. Then David set out and went down to the wilderness of Paran. Samuel te mouri. Konsa, tout Israël te rasanble ansanm pou te kriye pou li, e yo te antere li kote kay li nan Rama. Konsa, David te leve desann nan dezè Paran an.
2 A man in Maon had property at Carmel. He was very wealthy: 3,000 sheep and 1,000 goats. He was shearing his sheep at Carmel. Te gen yon mesye nan Maon ki te fè komès li nan Carmel. Mesye a te byen rich e li te gen twa-mil mouton avèk twa-mil kabrit. Li t ap taye lenn mouton li nan Carmel.
3 The man's name was Nabal, his wife's Abigail. She was sensible and beautiful, but he was harsh and cruel in his dealings—a Calebite. Alò, non mesye a te Nabal e madanm li te rele Abigaïl. Fanm nan te entèlijan e bèl pou wè, men mesye a te di e mechan nan tout afè li yo. Se te yon moun nan ras Caleb.
4 While he was in the wilderness, David heard that Nabal was shearing his sheep. David te tande soti nan dezè a ke Nabal t ap taye lenn mouton li yo.
5 David sent ten young men, telling them, "Go up to Carmel. Visit Nabal and greet him in my name. Alò, David te voye dis jennonm kote l. David te di a jennonm sa yo: “Monte Carmel pou vizite Nabal e salye li nan non mwen.
6 Tell him: 'Long life to you. Peace to you, peace to your household, and peace to all you have.' Epi konsa ou va pale: ‘Ke lavi ou kapab byen long, lapè avèk ou, lapè avèk lakay ou e lapè sou tout sa ou genyen.
7 I hear you have shearers. Your shepherds were with us; we mistreated them in nothing, and they missed nothing the whole time at Carmel. Alò, mwen te tande ke ou genyen tay lenn mouton. Alò, bèje ou yo te avèk moun nou yo. Nou pa t ensilte yo, ni yo pa t manke anyen nan tout jou ke yo te pase Carmel yo.
8 Ask your young men and they'll tell you. So let my young men find favor in your eyes, for we've come on a feast day. Please give whatever you can spare to your servants and your son David." Mande jennonm pa ou yo e yo va pale ou. Pou sa, kite jennonm pa m yo jwenn favè nan zye ou. Paske nou vin parèt nan yon jou ke tout moun ap fete. Pou sa, silvouplè, bay nenpòt sa ke nou twouve nan men a sèvitè ou yo, e a fis ou, David.’”
9 David's young men came and spoke all these words to Nabal in David's name, then waited. Lè jennonm a David yo te parèt, yo te pale ak Nabal selon tout pawòl sa yo nan non David; epi yo te tann.
10 Nabal answered David's servants, "Who is David? Who is this son of Jesse? Many servants today are breaking away from their masters. Men Nabal te reponn sèvitè David yo e te di: “Se kilès ki David la? Epi se kilès ki fis a Jesse a? Gen anpil sèvitè nan tan sa yo k ap chape kite mèt yo.
11 Why take my bread, my water, the meat I killed for my shearers, and give it to men from I don't know where?" Alò, se pou sa ke m ta dwe pran pen mwen avèk dlo mwen ak vyann ke m te fin kòche pou ouvriye pa m yo e bay li a mesye ke m pa menm konnen kote yo sòti yo?”
12 So David's young men turned back and reported every word to him when they arrived. Alò, jennonm a David yo te retounen fè wout yo. Konsa, yo te rive pale David selon tout pawòl sa yo.
13 David told his men, "Each of you strap on your sword!" So each strapped on his sword, David too. About 400 went up after David; 200 stayed with the supplies. David te di a mesye pa li yo: “Nou chak mete nepe nou nan senti nou.” Konsa, tout moun te mete nepe yo nan senti yo. David osi te mete nepe li nan senti li e anviwon kat-sant òm te monte dèyè David pandan de-san te rete avèk pwovizyon yo.
14 One of the young men told Abigail, Nabal's wife, "David sent messengers from the wilderness to greet our master, and he hurled insults at them. Men youn nan jennonm yo te pale ak Abigaïl, madanm Nabal la. Li te di: “Gade byen, David te voye mesaje yo soti nan dezè a pou salye mèt nou an e li te betize avèk yo.
15 These men were very good to us. They never harmed us, and we lost nothing the whole time we roamed the fields with them. Malgre sa, mesye yo te trete nou byen e nou pa t ensilte, ni nou pa t manke anyen tout tan ke nou te avèk yo a, pandan nou te nan chan yo.
16 They were a wall around us night and day, the whole time we were with them tending sheep. Yo te yon mi pwotèj pou nou ni lannwit ni lajounen, toutotan ke nou te avèk yo pou gade mouton yo.
17 Now know and see what you should do, for disaster is set against our master and his whole household. He's so worthless no one can speak to him." Alò, pou sa, kalkile byen kisa ou ta dwe fè. Paske se yon konplo mal k ap fèt kont mèt nou an ak kont tout lakay li, e li tèlman se yon sanzave ke pèsòn pa kab pale avè l.”
18 Abigail quickly took 200 loaves, two skins of wine, five prepared sheep, about thirty-five quarts of roasted grain, one hundred raisin clusters, and 200 fig cakes, and loaded them on donkeys. Alò, Abigaïl te kouri pran de-san mòso pen ak de veso diven, avèk senk mouton deja prepare, senk mezi sereyal boukannen avèk san grap rezen, de-san gato fig etranje e te chaje yo sou bourik yo.
19 She told her servants, "Go ahead of me; I'll follow." But she told her husband Nabal nothing. Li te pale a jennonm pa li yo: “Ale devan m! Gade byen, m ap swiv nou.” Men li pa t pale mari li, Nabal.
20 Riding her donkey down a hidden mountain path, she met David and his men coming down toward her. Li te vin rive ke pandan li te toujou ap monte sou bourik li a e t ap desann nan pati mòn ki kache a, gade byen, David avèk mesye pa li yo t ap desann vin jwenn li. Konsa, li te rankontre yo.
21 Now David had been saying, "I guarded all this man had in the wilderness for nothing—none of his went missing—and he repays me evil for good. Alò, David te di: “Anverite, se an ven ke m t ap veye tout afè ke mesye sa a te genyen nan dezè a, pou l pa manke anyen nan sa ki te pou li yo! Konsa, li te remèt mwen mal pou byen!
22 May our Father do this to David's enemies, and more, if by morning I leave alive one male of all who belong to him." Ke Bondye fè sa a lènmi a David yo e menm plis si avan maten rive, si m kite menm yon mal pami tout sa ki pou li yo!”
23 Seeing David, Abigail quickly got off her donkey and fell facedown before him, bowing to the ground. Lè Abigaïl te wè David, li te kouri desann bourik li, li te tonbe atè devan David e te koube li menm jis atè.
24 She fell at his feet and said, "Let the blame be mine alone, my lord. Please let your servant speak to you; hear your servant's words. Li te tonbe nan pye li e te di: “Sou mwen sèl, mèt mwen, ke tò sa a vin tonbe. Epi souple, kite sèvant ou an pale avèk ou e koute pawòl a sèvant ou an.
25 Please, my lord, ignore this worthless man Nabal, for he's like his name—Nabal means Fool, and foolishness is with him. I, your servant, didn't see the young men my lord sent. Souple, pa kite mèt mwen okipe mesye sanzave sila a, Nabal, paske jan non li ye a, se konsa li ye. Nabal se non li e foli toujou avèk li. Men mwen, sèvant pa ou a, mwen pa t wè jennonm, mèt mwen, ke ou te voye yo.
26 Now, my lord, as surely as our Father lives and you live: since our Father kept you from shedding blood and from avenging yourself by your own hand, may your enemies and all who seek to harm my lord become like Nabal. Alò, pou sa, mèt mwen, jan SENYÈ a viv la, akoz SENYÈ a te anpeche ou vèse san e fè vanjans pa w avèk pwòp men ou; alò, kite lènmi ou yo avèk sila ki chache mal kont mèt mwen yo, vin tankou Nabal.
27 Now let this gift your servant brought to my lord be given to the young men who follow my lord. Alò, kite kado sila ke sèvant ou pote pou mèt mwen an, bay a jennonm ki akonpanye mèt mwen yo.
28 Forgive your servant's offense, for our Father will surely make my lord a lasting dynasty, because my lord fights our Father's battles. Let no wrongdoing be found in you as long as you live. Souple, padone transgresyon a sèvant ou a. Paske SENYÈ a va vrèman fè pou mèt mwen yon kay k ap dire, akoz mèt mwen ap mennen batay a SENYÈ a, emal p ap twouve bò kote ou pandan tout jou ou yo.
29 If someone rises to pursue you and seek your life, my lord's life will be bound securely in the bundle of the living with your Father; but your enemies' lives he will hurl away as from a sling's pocket. Si yon moun ta leve kont ou pou kouri dèyè ou e chache lavi ou, nan lè sa a, lavi ou, mèt mwen va mare nan pakèt ak sila ki viv pou SENYÈ yo, Bondye ou a. Men lavi a lènmi ou yo, Li va lanse deyò tankou wòch k ap sòti nan pòch a yon fistibal.
30 When our Father has done for my lord all the good he promised about you, and made you ruler over Israel, Epi lè SENYÈ a fè pou ou, mèt mwen, selon tout bonte ke Li te pale konsènan ou menm e chwazi ou kòm chèf sou Israël,
31 my lord will feel no grief or guilt for shedding blood without cause or taking his own revenge. And when our Father deals well with my lord, remember your servant." ke ka sila a p ap koze ni doulè ni kè twouble pou mèt mwen, akoz li te vèse san san koz e ke li te pran vanjans li. Lè SENYÈ a aji byen avèk ou mèt mwen, alò sonje sèvant ou an.”
32 David said to Abigail, "Blessed be our Father, the God of Israel, who sent you today to meet me. Alò, David te di a Abigaïl: “Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki te voye ou jou sila a pou rankontre avè m!
33 Blessed be your good judgment, and blessed be you, who kept me today from shedding blood and avenging myself by my own hand. Beni se sajès ou. Beni se ou menm ki te kenbe m jou sa a pou m pa vèse san, e fè vanjans mwen menm avèk pwòp men m.
34 As surely as our Father, the God of Israel, lives, who kept me from harming you—if you hadn't hurried to meet me, not one male of Nabal's would have survived till morning." Sepandan, jan SENYÈ a, Bondye Israël la viv la, ki te anpeche mwen fè ou mal, sof ke ou te parèt vit pou rankontre mwen, anverite, pa t ap gen ki rete pou Nabal nan limyè maten an tankou yon ki fè pipi sou mi la.”
35 David took from her hand what she brought, and said to her, "Go home in peace. See, I have heard your voice and granted your request." Konsa David te resevwa nan men li sa ke li te pote pou li a. Epi li te di li: “Ale lakay ou anpè. Gade, mwen te koute ou e te bay ou demann pa ou a.”
36 When Abigail reached Nabal, he was hosting a feast in his house fit for a king. His heart was merry and he was very drunk, so she told him nothing until morning. Alò Abigaïl te vin kote Nabal. Epi vwala, li t ap fè yon fèt lakay li a tankou fèt a yon wa. Kè Nabal te kontan anndan li, paske li te byen sou. Pou koz sa a, Abigaïl pa t di l anyen jis rive nan limyè maten.
37 In the morning, when the wine left Nabal, his wife told him everything. His heart died within him, and he became like stone. Men nan maten, lè diven an te sòti nan Nabal, madanm li te di li bagay sa yo. Konsa kè l te mouri anndan li jiskaske li te vin tankou yon wòch.
38 About ten days later, our Father struck Nabal, and he died. Anviwon di jou pita, SENYÈ a te frape Nabal e li te mouri.
39 When David heard Nabal was dead, he said, "Blessed be our Father, who pleaded my cause against the insult I suffered from Nabal and kept his servant from evil. Our Father has brought Nabal's evil back on his own head." Then David sent word asking Abigail to become his wife. Lè David te tande ke Nabal te mouri, li te di: “Beni SENYÈ a, ki te plede kòz repwòch mwen nan men Nabal e ki te kenbe sèvitè li a pou l pa fè mal. SENYÈ a anplis, te fè malfezans a Nabal retounen sou pwòp tèt li.” Alò, David te voye ofri Abigaïl pou l ta pran li kòm madanm li.
40 David's servants came to Abigail at Carmel and told her, "David sent us to take you as his wife." Lè sèvitè a David yo te parèt kote Abigaïl nan Carmel, yo te pale a li e te di: “David te voye nou kote ou pou pran ou kòm madanm li.”
41 She got up, bowed facedown to the ground, and said, "Here is your servant, ready to serve and to wash the feet of my lord's servants." Li te leve e te bese jis figi li rive atè, e te di: “Gade byen sèvant pa ou se yon sèvant ki pou ta lave pye a sèvant pa li yo.”
42 Abigail quickly got ready, mounted her donkey, and with her five attendants followed David's messengers and became his wife. Konsa, Abigaïl te leve vit pou te ale monte sou yon bourik, avèk senk sèvant li yo ki te okipe li. Li te swiv mesaje David yo e te devni madanm li.
43 David had also married Ahinoam of Jezreel, so both of them were his wives. David te anplis pran Achinoam a Jizreel e yo toulède te devni madanm li.
44 Saul had given his daughter Michal, David's wife, to Paltiel son of Laish, from Gallim. Alò, Saül te deja bay fi li, Mical, madanm a David, a Palti, fis a Laïsch ki te sòti Gallim.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]