Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 24 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After Saul returned from chasing the Philistines, he was told, "David is in the En Gedi wilderness." Alò, lè Saül te retounen kouri dèyè Filisten yo, yo te pale l e te di: “Gade byen, David nan dezè En-Guédi a.”
2 Saul took 3,000 chosen men from all Israel to search for David and his men in front of the Wild Goats' Rocks. Alò, Saül te pran twa mil òm, byen chwazi soti nan tout Israël pou te ale chache David avèk mesye pa li yo devan Wòch a Kabrit Mawon yo.
3 He reached the sheep pens by the road, where a cave was. Saul went in to relieve himself; David and his men sat deep in the cave. Li te rive nan Pak mouton yo nan wout la, kote ki te gen yon kav; epi Saül te antre ladann pou fè poupou. Alò David avèk mesye pa li yo te chita nan pati dèyè kav la.
4 David's men said, "This is the day our Father meant when he told you, 'I am giving your enemy into your hand to do to him as you wish.'" David got up and quietly cut a corner off Saul's robe. Mesye a David yo te di a li menm: “Gade byen, men jou ke SENYÈ a te di ou a: ‘Gade byen, Mwen prèt pou livre lènmi ou an nan men ou, e ou va fè a li menm sa ki sanble bon pou ou’”. Alò David te leve e san fè bwi, te koupe arebò manto a Saül la.
5 Afterward David's conscience struck him because he had cut off the corner of Saul's robe. Li te vin rive apre ke konsyans David te twouble li, akoz li te koupe arebò a manto Saül la.
6 He told his men, "May our Father forbid I do this to my lord, his anointed—raise my hand against him, for he is our Father's anointed." Epi li te di a mesye pa li yo: “Se lwen de mwen ke akoz SENYÈ a, mwen ta fè bagay sa a mèt mwen an, onksyone a SENYÈ a, pou m ta lonje men m kont li; akoz li se yon onksyone pa SENYÈ a.”
7 With these words David restrained his men from attacking Saul. Then Saul left the cave and went on his way. David te konvenk mesye pa l yo avèk pawòl sila yo, li te anpeche yo leve kont Saül. Epi Saül te leve e te kite kav la pou t al fè wout li.
8 David rose, left the cave, and called after Saul, "My lord the king!" Saul looked back, and David bowed his face to the ground. Alò, apre David te leve ale deyò kav la. Li te rele Saül e te di: “Mèt mwen, Wa a!” Epi lè Saül te gade dèyè li. David te bese avèk figi li atè e te fè kò l kouche nèt.
9 David said to Saul, "Why listen to the men who say, 'Look, David is seeking to harm you'? David te di a Saül: “Poukisa ou koute pawòl a moun k ap di: ‘Gade byen, David ap chache fè ou mal!’?
10 Today your eyes saw how our Father gave you into my hand in the cave. Some urged me to kill you, but I spared you and said, 'I won't raise my hand against my lord—our Father's anointed.' Gade byen, jou sa a zye ou gen tan wè ke SENYÈ a te livre ou nan men m nan kav la. E kèk moun te di m touye ou, men zye m te gen pitye pou ou. Konsa mwen te di: ‘Mwen p ap lonje men m kont mèt mwen an, paske li se yon onksyone a SENYÈ a.’
11 See, my father—your robe's corner in my hand! I cut it but didn't kill you. Know and see there's no evil or rebellion in my hand. I haven't sinned against you, yet you hunt my life to take it. Koulye a, papa mwen, gade! Anverite, gade arebò a manto ou ki nan men m nan! Paske akoz ke m te koupe arebò manto ou a e ke m pa t touye ou, konnen e byen konprann ke nanpwen mal, ni rebelyon nan men m pou m pa t fè peche kont ou, malgre ke ou ap kache tann pou pran lavi m.
12 May our Father judge between you and me, and our Father avenge me on you—but my hand won't touch you. Ke SENYÈ a kapab jije antre ou menm avèk mwen e ke SENYÈ a ta pran vanjans mwen sou ou; men se pa men m k ap kont ou.
13 As the old proverb says, 'From the wicked comes wickedness.' My hand won't be against you. Tankou pwovèb a ansyen yo di: ‘Nan mechan an, mechanste sòti!’ Men se pa men mwen k ap kont ou.
14 Who has Israel's king come out against? Who are you chasing? A dead dog? A single flea? Apre kilès wa Israël la vin sòti? Kilès k ap pouswiv ou? Yon chen mouri oubyen yon grenn pis?
15 May our Father judge between you and me, see it, plead my case, and rescue me from your hand." Pou sa, SENYÈ a jije antre ou menm avèk mwen. Epi ke Li wè, Li plede ka m nan, e Li delivre mwen soti nan men ou.”
16 When David finished saying this to Saul, Saul said, "Is that your voice, my son David?" and wept aloud. Lè David te fin pale pawòl sa yo a Saül, Saül te di: “Èske sa se vwa ou, fis mwen, David?” Epi Saül te leve vwa li e te kriye.
17 He told David, "You are more just than I; you did me good, I did you harm. Li te di a David: “Ou pi jis pase m; paske ou te aji byen avè m, pandan mwen te aji mal avè w.
18 Today you showed the good you did me: our Father put me in your hand, yet you did not kill me. Ou te deklare jodi a byen ke ou te fè m! Ke SENYÈ a te livre mwen nan men ou, men ou pa t touye mwen.
19 If a man finds his enemy, would he let him go unharmed? May our Father repay you well for what you did for me today. Paske si yon nonm jwenn avèk lènmi li, èske l ap kite li sòti konsa? Pou sa ke Bondye kapab rekonpanse ou pou sa ou te fè m la jodi a.
20 Now I know you will surely be king, and Israel's kingdom will stand firm in your hand. Alò, gade byen, mwen konnen asireman, ke ou va devni wa e ke wayòm Israël la va vin etabli nan men ou.
21 So swear to me by our Father: you won't cut off my descendants after me or wipe out my name from my father's house." Pou sa, sèmante a mwen menm pa SENYÈ a pou ou pa retire desandan apre mwen yo e pou ou pa detwi non mwen soti lakay papa m.”
22 David swore to Saul. Saul went home; David and his men went up to the stronghold. David te sèmante konsa a Saül, e Saül te ale lakay li. Men David avèk mesye pa li yo te monte nan fò a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]