Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 23 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 They reported to David, "Look, the Philistines are fighting against Keilah and looting the threshing floors." Alò, yo te pale David. Yo te di: “Gade byen, Filisten yo ap goumen kont Keïla. Y ap piyaje grenn jaden sou glasi yo.”
2 David asked our Father, "Should I go and attack these Philistines?" And our Father answered, "Go, attack the Philistines and rescue Keilah." Konsa, David te fè demann a SENYÈ a. Li te mande L: “Èske mwen dwe ale atake Filisten sila yo?” Epi SENYÈ a te reponn David: “Ale atake Filisten yo pou delivre Keïla.”
3 David's men said, "Look, we're afraid here in Judah—how much more if we go to Keilah against Philistine battle lines!" Men mesye David yo te di li: “Gade byen, nou nan perèz menm isit la nan Juda. Konbyen anplis, si nou ale Keïla kont chan Filisten yo?”
4 David asked our Father again, and our Father answered: "Get up, go down to Keilah, for I'm giving the Philistines into your hand." Alò, David te fè demann SENYÈ a yon lòt fwa. Epi SENYÈ a te pale li e te di: “Leve, desann Keïla; paske Mwen va livre Filisten yo nan men ou.”
5 David and his men went to Keilah, fought the Philistines, drove off their livestock, and struck them a great blow—rescuing Keilah's residents. Konsa, David avèk mesye pa li yo te ale Keïla pou te goumen avèk Filisten yo. Yo te mennen bèt yo sòti e te frape moun avèk yon gwo masak. Konsa David te delivre pèp a Keïla a.
6 Abiathar son of Ahimelech had fled to David at Keilah; he arrived with an ephod in his hand. Alò, li te vin rive ke lè Abiathar, fis Achimélec la, te sove ale pou rive kote David nan Keïla, li te desann avèk yon efòd nan men l.
7 When Saul heard David was in Keilah, he said, "God has handed David to me; he has trapped himself, entering a town with gates and bars." Lè yo te pale a Saül ke David te vini Keïla, Saül te di: “Bondye te delivre li nan men m. Paske li te fèmen li menm andedan lè l te antre nan yon vil avèk pòtay doub ak fè fòje.”
8 Saul summoned all the people to war: go down to Keilah, besiege David and his men. Konsa, Saül te konvoke tout pèp la pou fè lagè, pou desann Keïla pou fè syèj sou David avèk mesye pa li yo.
9 David learned Saul was plotting evil against him and told Abiathar the priest, "Bring the ephod here." Alò David te konnen ke Saül t ap fè konplo mechanste kont li. Konsa, li te di a Abithar, prèt la: “Mennen efòd la isit la.”
10 David said, "O my Father, the God of Israel, your servant has heard for certain: Saul plans to come to Keilah and destroy the city because of me. Epi David te di: “O SENYÈ, Bondye Israël la, Sèvitè ou tande ke se sèten ke Saül ap chache vini Keïla pou detwi vil la akoz mwen menm.
11 Will Keilah's citizens hand me over to him? Will Saul come down, as your servant has heard? O my Father, the God of Israel, please tell your servant." And our Father said, "He will come down." Èske mesye Keïla yo va livre mwen nan men li? Èske Saül va desann tankou sèvitè ou te tande a? O SENYÈ, Bondye Israël la, mwen priye, pale ak sèvitè ou a.” Epi SENYÈ a te di: “Li va desann.”
12 David asked, "Will the citizens of Keilah hand me and my men over to Saul?" And our Father said, "They will hand you over." Konsa, David te di: “Èske mesye Keïla yo va livre mwen avèk mesye pa mwen yo nan men Saül?” SENYÈ a te reponn: “Yo va livre ou.”
13 David and his roughly 600 men left Keilah and wandered from place to place. Told that David had escaped Keilah, Saul stopped pursuing him. Alò, David avèk mesye pa li yo, anviwon sis-san moun, te leve sòti Keïla, e yo te ale nenpòt kote ke yo ta kab ale. Lè li te pale a Saül ke David te chape Keïla, li te sispann swiv li.
14 David remained in the wilderness strongholds and the hill country of the wilderness of Ziph. Saul searched for him every day, but our Father did not give him into his hand. David te rete nan dezè a nan fòterès yo e li te rete nan peyi ti mòn dezè Ziph la. Epi Saül te chache li chak jou. Men Bondye pa t livre li nan men li.
15 David was at Horesh in the Ziph wilderness when he saw Saul had come out to seek his life. Alò, David te vin konprann ke Saül te parèt deyò pou chache lavi li pandan David te nan dezè Ziph la nan Horès.
16 Jonathan, Saul's son, set out and went to David at Horesh, then strengthened him in our Father. Epi Jonathan, Fis a Saül la, te leve ale kote David nan Horès pou te ankouraje li nan Bondye.
17 "Don't be afraid," he said. "My father Saul's hand won't find you. You'll be king over Israel, and I'll be second to you. Even my father Saul knows it." Konsa, li te di li: “Pa pè, paske men Saül, papa m nan, p ap jwenn ou. Ou va wa sou Israël e mwen va bò kote ou; epi Saül, papa m, konnen sa tou.”
18 Both made a covenant before our Father. David stayed at Horesh; Jonathan went home. Konsa, yo de a te fè yon akò devan SENYÈ a. Epi David te rete Horès pandan Jonathan te ale lakay li a.
19 Then the Ziphites went up to Saul at Gibeah, saying, "Isn't David hiding among us in the strongholds at Horesh, on Hachilah's hill south of Jeshimon? Epi Zifyen yo te vin monte kote Saül nan Guibea, e te di: “Èske David pa kache pami nou nan fòterès nan Horès yo, sou mòn a Hakila a, ki sou kote sid a Jeschimon an?
20 Now, king, come down, do come down, whenever you wish; our task is handing him to the king." Alò, koulye a, O wa, desann selon tout volonte nanm ou ta vle fè. Epi poupati pa nou an, nou va livre li nan men a wa a.”
21 Saul replied, "May our Father bless you, for you have taken pity on me. Saül te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, paske ou te gen kè sansib anvè mwen.
22 Go, prepare further; learn where he sets foot, who has seen him there—I'm told he is very cunning. Ale, koulye a, fè byensi e fè ankèt pou wè kote li mete pye li ak sila ki konn wè li la yo; paske yo di m ke li rize anpil.
23 Learn all the hiding places where he hides, then bring me solid facts. I'll go with you, and if he's in the land, I'll search him out among all the clans of Judah." Konsa, gade e aprann tout kote l kache kò l, retounen kote mwen avèk asirans e m ap prale avè w. Epi si li nan peyi a, mwen va chache mete l deyò pami tout milye Juda yo.”
24 They set out for Ziph ahead of Saul. David and his men were in the wilderness of Maon, in the Arabah south of Jeshimon. Epi yo te leve ale Ziph devan Saül. Alò, David avèk mesye pa li yo te nan dezè Maon, nan Araba akote sid a Jeschimon.
25 Saul and his men set out to search, and David was told. He went down to the rock and stayed in the wilderness of Maon. Saul heard, and pursued David into the wilderness of Maon. Lè Saül avèk mesye pa li yo te ale chache, yo te fè David konnen. Konsa, li te desann kote wòch la pou te rete nan dezè Maon an. Epi lè Saül te tande sa, li te kouri dèyè David nan dezè Maon an.
26 Saul went along one side of the mountain, David and his men along the other, David hurrying to escape Saul while Saul and his men closed in to capture David and his men. Saül te ale yon bò mòn nan, David avèk mesye pa l sou lòt kote mòn nan. Epi David t ap fè vit pou chape kite Saül, paske Saül avèk mesye pa li yo t ap antoure David avèk mesye pa li yo pou yo ta sezi yo.
27 But a messenger came to Saul, saying, "Come quickly! The Philistines are raiding the land." Men yon mesaje te vin kote Saül, e te di: “Fè vit! Vini! Paske Filisten yo te atake peyi a.”
28 So Saul stopped pursuing David and went against the Philistines. That's why they named that place Sela-hammahlekoth. Konsa, Saül te retounen soti nan kouri dèyè David pou te ale rankontre Filisten yo. Pou sa, yo te vin rele plas sa a Wòch Chape a.
29 And David went up from there and lived in the strongholds of En Gedi. David te monte soti la a pou te rete nan fòterès En-Guédi yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]