Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David left there and escaped to the cave of Adullam; his brothers and all his father's household heard and went down to him there. Konsa, David te kite la pou te chape rive nan kav Adullam nan. Epi lè frè li yo avèk tout lakay papa li te tande koze sa a, yo te desann bò kote li.
2 Everyone in distress, debt, or bitter in spirit gathered to him; he became their commander—about 400 men. Tout sila ki te nan pwoblèm yo, tout moun ki te nan gwo dèt, tout moun ki pa t kontan te vin rasanble kote li, e li te devni chèf sou yo. Alò te gen anviwon kat-san òm avèk li.
3 From there David went to Mizpeh of Moab and asked its king, "Please let my father and mother come stay with you until I know what our Father will do for me." Epi David te kite la pou ale Mitspé nan Moab. Li te di a wa Moab la: “Souple, kite papa m avèk manman m vin rete avèk ou jiskaske mwen konnen sa ke Bondye va fè pou mwen an.”
4 He left them with Moab's king; they stayed with him while David was in the stronghold. Epi li te kite yo avèk wa Moab la. Yo te rete avèk li pandan tout tan ke David te nan fò a.
5 Gad the prophet told David, "Don't stay in the stronghold; leave, and go into the land of Judah." So David left and went to Hereth Forest. Pwofèt la, Gad, te di a David: “Pa rete nan fò a. Sòti ale nan peyi Juda.” Konsa, David te sòti e te ale nan forè a nan Héreth.
6 Saul heard David and his men were found. He sat at Gibeah under the tamarisk on the height, spear in hand, all his servants standing around him. Alò Saül te tande ke David avèk mesye ki te avèk li yo te vin dekouvri. Konsa, Saül te chita nan Guibea anba pye tamaren an sou ti mòn lan avèk frenn li nan men l e tout sèvitè li yo te kanpe antoure li.
7 Saul said to his attending servants, "Listen, Benjaminites! Will Jesse's son even give you all fields and vineyards? Will he make you all commanders of thousands and commanders of hundreds, Saül te di a sèvitè ki te kanpe antoure li yo: “Tande koulye a, O Benjamit yo! Èske fis a Jesse a, osi bannou tout chan kiltive avèk chan rezen? Èske li va fè nou tout kòmandan a dè milye e kòmandan a dè santèn?
8 that you've all conspired against me? No one tells me my son made a covenant with Jesse's son. None of you pities me or tells me my son has stirred my servant against me to ambush me, as he does today." Paske nou tout te fè konplo kont mwen jiskaske pèsòn pa t fè m konnen lè fis mwen an te fè yon akò avèk fis a Jesse a. Nanpwen nan nou ki gen regrè pou mwen, ni ki di mwen ke fis mwen an te fòse sèvitè pa m yo kont mwen pou kouche an anbiskad, jan li ye la jodi a.”
9 Doeg the Edomite, with Saul's servants, said, "I saw Jesse's son come to Nob, to Ahimelech son of Ahitub. Alò, Doëg, Edomit lan, ki te kanpe akote sèvitè Saül yo te di: “Mwen te wè fis a Jesse a lè l t ap vini Nob, kote Achimélec, fis a Achithub la.
10 Ahimelech inquired of the LORD for him, gave him provisions and the sword of Goliath the Philistine." Li te konsilte SENYÈ a pou li, li te ba li pwovizyon e li te bay li nepe Goliath la, Filisten an.”
11 The king summoned the priest Ahimelech son of Ahitub, his father's whole family, the priests in Nob, and they all came to the king. Alò, wa a te voye yon moun pou livre yon lòd prezans obligatwa pou Achimélec, prèt la, fis Achithub la, avèk tout lakay papa li, prèt ki te nan Nob yo. Epi tout te vin parèt devan wa a.
12 Saul said, "Listen now, son of Ahitub." He answered, "Here I am, my lord." Saül te di: “Koute koulye a, fis a Achithub la.” Epi li te reponn: “Men mwen isit la, mèt mwen.”
13 Saul asked, "Why have you and Jesse's son conspired against me? You gave him bread and a sword and asked God for him, so he'd rise against me and lie in wait, as he does today." Alò, Saül te di li: “Poukisa ou menm avèk fis a Jesse a te fè konplo kont mwen nan afè ba li pen, avèk yon nepe e konsilte avèk Bondye pou li, pou li kapab leve kont mwen e kache fè anbiskad, jan sa ye la jodi a?”
14 Ahimelech answered the king, "Who among all your servants is as faithful as David, the king's son-in-law, your guard captain, and honored in your house? Alò, Achimélec te reponn wa a e te di: “Epi se kilès pami sèvitè ou yo ki fidèl tankou David, bofis menm a wa a, ki se kapitèn gad ou e onore lakay ou?
15 Did I begin asking our Father for him today? Far be it from me! Let the king charge his servant nothing—nor my father's whole household—for your servant knew nothing of all this, small or great." Èske se jodi a ke m fenk kòmanse konsilte Bondye pou li? Lwen de mwen, sa! Pa kite wa a fè okenn move panse sou sèvitè li a, ni okenn moun lakay papa m; paske sèvitè ou a pa konnen anyen nan afè sila a.”
16 But the king said, "You will surely die, Ahimelech, you and all your father's household." Men wa a te di: “Anverite, ou va mouri, Achimélec; ou menm avèk tout lakay papa ou!”
17 The king told the guards standing beside him, "Turn and kill the priests of our Father, their hand too is with David; they knew he was fleeing and did not tell me." But the king's servants would not lift a hand against the priests of our Father. Epi wa a te di a gad ki te okipe li yo: “Vire mete prèt SENYÈ a a lanmò, akoz men yo avèk David e akoz yo te konnen ke li te sove ale e yo pa t revele sa a mwen menm.” Men sèvitè a wa yo pa t vle lonje men yo pou atake prèt SENYÈ yo.
18 The king told Doeg, "Turn and strike down the priests." Doeg the Edomite turned and struck them down, killing eighty-five men who wore linen ephod that day. Alò, wa a te di a Doëg: “Ou menm vire atake prèt yo.” Epi Doëg, Edomit lan, te vire atake prèt yo e te touye katre-ven-senk òm ki te abiye ak efòd len an.
19 He struck Nob, the priests' city, by the sword—men, women, children, infants, oxen, donkeys, sheep—all by the sword. Epi li te frape Nob, vil prèt yo avèk lam nepe, ni gason, ni fanm, ni timoun ni bebe, ansanm avèk bèf, bourik ak mouton avèk lam nepe.
20 But one son of Ahimelech son of Ahitub, named Abiathar, escaped and fled to David. Men youn nan fis Achimélec yo ki te rele Abiathar te chape sove ale pou twouve David.
21 Abiathar told David that Saul had killed the priests of our Father. Abiathar te di David ke Saül te touye prèt SENYÈ yo.
22 David told Abiathar, "I knew that day Doeg the Edomite was there—he'd tell Saul. I caused the death of everyone in your father's house. Alò, David te di a Abiathar: “Mwen te konnen nan jou sa a, lè Doëg, Edomit lan, te la, ke li t ap byensi pale ak Saül. Mwen te fè rive lanmò a chak moun lakay papa ou yo.
23 Stay with me; don't be afraid. Whoever seeks my life seeks yours. With me you are safe." Rete avèk mwen. Pa pè. Moun ki vle touye ou a ap eseye touye mwen tou. Ou va ansekirite avèk mwen.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]