Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David came to Ahimelech the priest at Nob. Ahimelech came trembling to meet him and asked, "Why are you alone, no one with you?" Alò, David te rive Nob, vè Achimélec, prèt la. Achimélec te parèt tou tranble lè l te rankontre David, e li te mande li: “Poukisa se ou sèl e pa gen moun avèk ou?”
2 David told Ahimelech the priest, "The king ordered me and said, 'No one must know anything about the mission I'm sending you on and what I've commanded you.' I've directed my young men to a certain place. David te di a Achimélec, prèt la: “Wa a te ban m yon komisyon konsènan yon afè e li te di mwen: ‘Pa kite pèsòn konnen anyen sou afè ke m ap voye ou a. Se sou sila mwen ap pase ba ou lòd la; mwen te dirije mesye yo a yon sèten plas.’
3 So what do you have? Give me five loaves, or whatever you can find." Konsa, kisa ou gen nan men ou? Ban m senk moso pen oswa nenpòt sa ou kab twouve.”
4 The priest told David, "I have no ordinary bread, only holy bread—if the young men have kept from women." Prèt la te reponn David, e te di: “Nanpwen pen òdinè, men gen pen konsakre; si sèlman mesye yo te kenbe tèt yo lwen fanm.”
5 David answered the priest, "Women have been kept from us, as always when I set out. The young men's bodies are holy even on an ordinary journey; how much more so today will their bodies be holy?" David te reponn prèt la e te di li: “Asireman, fanm yo te kenbe lwen de nou kòm dabitid lè m konn pati. Kò a mesye yo te sen, malgre li te yon vwayaj òdinè. Konbyen anplis jodi a kò yo va sen?”
6 So the priest gave him the holy bread, since only the bread of the Presence was there—removed from before our Father to be replaced with warm bread the day it was taken away. Konsa, prèt la te ba li pen konsakre a, paske pa t gen pen la sof ke pen Prezans ki te retire soti devan SENYÈ a, pou l ta kab ranplase li avèk pen cho menm lè ke li te retire.
7 One of Saul's servants was there that day, detained before our Father: Doeg the Edomite, chief of Saul's shepherds. Alò, youn nan sèvitè a Saül yo te la nan jou sa a, fèmen devan SENYÈ a. Non li se te Doëg, Edomit la, chèf a bèje Saül yo.
8 David asked Ahimelech, "Have you a spear or sword here? I brought neither my sword nor weapons, because the king's order was urgent." David te di a Achimélec: “Alò, èske pa gen yon frenn oswa yon nepe ki disponib? Paske mwen pa t mennen ni nepe mwen, ni zam mwen avè m, akoz afè wa a te tèlman ijan.”
9 The priest said, "Goliath the Philistine's sword—Goliath, whom you killed in the Valley of Elah—is here, wrapped in cloth behind the ephod. Take it if you want; there's no other here." David said, "None compares; give it to me." Alò, prèt la te di: “Nepe Goliath la, Filisten an, ke ou te touye nan vale Ela a. Gade byen, li vlope nan yon twal dèyè efòd la. Si ou vle li, pran l. Paske nanpwen lòt sof ke li menm isit la.” Epi David te di: “Nanpwen lòt tankou li. Ban mwen li.”
10 That day David rose and fled from Saul, and came to Achish king of Gath. Alò, David te leve e te sove ale kite Saül nan jou sa a pou te ale vè Akisch, wa a Gath la.
11 But Achish's servants said to him, "Isn't this David, king of the land? Isn't he the one they sing about in their dances: 'Saul has struck down his thousands, and David his tens of thousands'?" Men sèvitè a Akisch yo te di li: “Èske sa se pa David, wa a peyi a? Èske yo pa t konn chante a sila a pandan yo t ap danse, e t ap di: ‘Saül te touye dè milye pa li e David dè di-milye pa li?’”
12 David took these words to heart and was very much afraid of Achish the king of Gath. David te swiv pawòl sa yo nan kè l e te pè Akisch, wa Gath la anpil.
13 So he changed his behavior before them and acted insane in their presence; he scrawled on the gate doors and let his saliva run down his beard. Konsa, li te kache bon tèt li devan yo e te aji tankou moun fou pandan li te nan men yo. Li te ekri pa aza yon bann mak sou pòtay avèk pòt yo e te kite krache desann sou bab li.
14 Achish told his servants, "Look, you see the man is insane. Why bring him to me? Akisch te di a sèvitè li yo: “Gade byen, ou wè mesye a ap aji tankou yon moun fou. Poukisa ou mennen li kote mwen?
15 Am I short of madmen, that you brought this one to rave at me? Should he enter my house?" Èske mwen manke moun fou, pou ou te mennen sila a pou aji tankou moun fou nan prezans mwen? Èske sila a va antre lakay mwen?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]