Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 David fled Naioth in Ramah, came to Jonathan, and said, "What have I done? What is my guilt, and how have I sinned against your father, that he wants my life?" Epi David te sove ale kite Najoth nan Rama, e li te vin di a Jonathan: “Kisa mwen te fè? Ki inikite mwen genyen? Epi ki peche mwen gen devan papa ou, pou li ap chache lavi m?”
2 "Never!" Jonathan replied. "You won't die. My father tells me everything, great or small. Why hide this from me? Not true." Li te di li: “Lwen de sa, ou p ap mouri. Gade byen, papa m p ap janm fè anyen ni gran ni piti amwenske li avèti m. Konsa pou ki rezon li ta kache bagay sa a de mwen? Se pa vrè!”
3 But David swore again, "Your father knows very well that I have your favor, and he has said, 'Don't tell Jonathan, or he'll grieve.' Yet as our Father lives, and as you live, there's only a step between me and death." Men David te fè ve ankò, e li te di: “Papa ou konnen byen ke mwen te jwenn favè nan zye ou, e li te di: ‘Pa kite Jonathan konnen bagay sa a, oswa li va blese.’ Men anverite, jan SENYÈ a viv la e jan nanm ou viv la, gen sèlman yon pa antre mwen ak lanmò.”
4 Jonathan said to David, "Whatever you want, I will do for you." Alò, Jonathan te di a David: “Nenpòt sa ou mande, m ap fè l pou ou.”
5 David said, "Tomorrow's the new moon; I should eat with the king. Let me hide in the field until the third evening. Konsa, David te di a Jonathan: “Veye byen, demen se nouvèl lin nan. Mwen ta dwe chita a tab pou manje avèk wa a. Men kite mwen ale pou m kache kò m nan chan an jis rive twa jou.
6 If your father misses me, say, 'David begged leave to hurry to Bethlehem, his town, for his whole clan's yearly sacrifice.'" Si papa ou vin wè ke m pa la, alò li di: ‘David te mande mwen favè pou l ta kab kouri rive Bethléhem, vil pa li a, akoz se lè sakrifis ane a pou tout fanmi an.’
7 If he says, 'Good,' your servant is safe. But if he flies into a rage, you can be sure he has decided harm against me. Si li di: ‘Sa bon,’ sèvitè ou a va sove; men si li vin byen fache, konnen ke li te pran desizyon pou l fè mal la.
8 Show your servant kindness—you brought me into a covenant with you before our Father. If I'm guilty, kill me yourself; why hand me over to your father? Pou sa, aji avèk bon kè avèk sèvitè ou a; paske ou te mennen sèvitè ou antre nan yon akò a SENYÈ a avèk ou. Men si gen inikite nan mwen, mete m a lanmò ou menm; paske poukisa, si se konsa, ou ta dwe mennen mwen kote papa ou?”
9 "Never!" Jonathan said. "If I knew my father meant to harm you, wouldn't I tell you?" Jonathan te di: “Sa se lwen de sa! Paske si mwen ta konprann ke papa m te detèmine pou fè ou mal; alò, èske mwen pa t ap di ou sa?”
10 David asked, "Who will tell me if your father answers you harshly?" Alò, David te di a Jonathan: “Se kilès ki va di mwen si papa ou bay yon repons ki di?”
11 "Come," Jonathan said, "let's go out to the field." So the two of them went out together. Jonathan te di a David: “Vini, annou ale nan chan an.” Konsa, toude te sòti nan chan an.
12 Jonathan said to David, "Our Father, the God of Israel, be my witness! I'll sound out my father tomorrow or the third day—if he favors you, will I not surely send word and let you know? Alò, Jonathan te di a David: “SENYÈ Bondye Israël la se temwen! Lè m fin sonde papa m vè lè sa a demen, oswa nan twazyèm jou a, gade byen, si gen bon repons anvè ou menm, èske mwen p ap voye yon mo ba ou pou fè ou konnen sa?
13 But if my father means to harm you, may our Father punish me severely if I don't warn you and send you off safely. May our Father be with you, as he was with my father. Si se volonte a papa m pou fè ou mal, kite SENYÈ a fè menm jan an ak Jonathan e menm plis toujou, si mwen pa fè ou konnen e voye ou ale, pou ou kab sòti ansekirite. Epi ke Bondye kapab avèk ou menm jan ke li te ye avèk papa m nan.
14 But show me our Father's unfailing love as long as I live, so I won't die. Si mwen toujou vivan, èske ou p ap montre mwen tout lanmou a SENYÈ a pou m pa mouri?
15 Never cut off your kindness from my family—even when our Father cuts off every enemy of David from the face of the earth." Ou p ap retire lanmou ou vè lakay mwen pou tout tan, pa menm lè SENYÈ a vin koupe dènye lènmi David la sou fas tè a.”
16 Jonathan made a covenant with the house of David, saying, "May our Father hold David's enemies accountable." Konsa tou Jonathan te fè yon akò avèk lakay David: “Ke SENYÈ a toujou mande menm devwa sa a nan men a lènmi David yo.”
17 Jonathan again made David swear by his love for him, for he loved him as his life. Jonathan te fè David fè ve a ankò akoz ke li te renmen li e akoz li te renmen li tankou li te renmen pwòp vi pa li.
18 Then Jonathan said, "Tomorrow is the new moon. You'll be missed, since your seat will be empty. Alò, Jonathan te di li: “Demen se nouvèl lin nan e absans ou ap byen klè akoz chèz ou a va vid
19 The day after tomorrow, toward evening, hurry down to where you hid when this trouble began, and stay by the stone Ezel. Lè ou fin rete pandan twa jou, ou va desann vit vini nan plas kote ou te kache nan jou evenman sa yo; epi ou va rete akote wòch Ézel la.
20 I'll shoot three arrows to its side, as if aiming at a target. Mwen va tire twa flèch akote, kòmsi se yon pratik m ap fè.
21 I'll send the boy and say, 'Go, find the arrows.' If I tell him, 'Look, they're on this side of you—bring them here,' then come; as our Father lives, you're safe, no danger. Epi tande byen, mwen va voye yon ti gason e di l: ‘Ale dèyè flèch yo.’ Si mwen pale byen klè a ti gason an, e di l: ‘Gade byen, flèch yo bò sa a de ou menm, ale chache yo;’ alò, ou va vini, paske gen sekirite pou ou e nanpwen mal, jan SENYÈ a viv la.
22 But if I tell the boy, 'Look, the arrows are beyond you,' go—our Father has sent you away. Men si mwen di ti gason an: ‘Gade byen, flèch yo lwen ou,’ alò ale, paske SENYÈ a te voye ou ale.
23 And about what you and I spoke of—remember, our Father stands as witness between you and me forever." Epi pou afè akò ke ou menm avèk mwen fin pale a, gade byen, SENYÈ a antre ou menm avèk mwen menm pou tout tan.”
24 So David hid in the field. When the new moon came, the king sat down to eat. Konsa, David te kache nan chan an. Epi lè nouvèl lin nan vin leve, wa a te chita sou tab la pou manje.
25 The king sat in his usual seat by the wall, Jonathan opposite, Abner beside Saul—David's place empty. Wa a te chita nan plas li kòm nòmal, chèz akote mi an. Alò, Jonathan te leve e Abner te chita akote Saül, men plas David la te vid.
26 That day Saul said nothing, thinking, "Something happened to David to make him ceremonially unclean—surely he is unclean." Malgre Saül pa t di anyen nan jou sa a, paske li te di a li menm: “Se yon malè ki rive e li vin pa pwòp. Asireman, li pa pwòp.”
27 Next day, the second of the month, David's place was empty again. Saul asked his son Jonathan, "Why hasn't Jesse's son come to eat, yesterday or today?" Li te vin rive nan pwochen jou a, dezyèm jou nouvèl lin nan, ke plas David la te vid. Konsa, Saül te di a Jonathan, fis li a: “Poukisa fis a Jesse pa parèt nan repa a, ni yè, ni jodi a?”
28 Jonathan replied, "David earnestly begged me to let him go to Bethlehem. Alò, Jonathan te reponn Saül: “David te swayezman mande pèmisyon a mwen menm pou ale Bethléhem,
29 He said, 'Let me go—our family has a sacrifice in town, and my brother ordered me there. If I have your favor, let me slip away and see my brothers.' That's why he hasn't come to the king's table." paske li te di: ‘Souple kite m ale, akoz fanmi nou gen yon sakrifis nan vil la e frè m yo te mande m parèt. Epi koulye a, si m jwenn favè nan zye ou, souple, kite m fè yon sòti pou m kapab wè frè m yo.’ Pou rezon sa a, li pa t vin parèt sou tab a Wa a.”
30 Saul raged at Jonathan: "Son of a rebellious, perverse woman! Don't I know you've sided with Jesse's son—to your shame, and to the shame of the mother who bore you? Alò, kòlè a Saül te brile kont Jonathan e li te di a li: “Se fis a yon fanm pèvès e rebèl ke ou ye! Èske mwen pa konprann ke w ap chwazi fis a Jesse jis pou wont pa ou e jis rive nan wont a nidite manman ou.
31 As long as Jesse's son lives on earth, neither you nor your kingdom is secure. Send and bring him to me; he must die." Paske depi fis Jesse a rete sou latè, ni ou menm ni wayòm ou a p ap etabli. Alò, pou sa, voye mennen li kote mwen, paske fòk li mouri.”
32 "Why should he be put to death? What has he done?" Jonathan asked his father. Men Jonathan te reponn Saül, papa li: “Poukisa li dwe mouri? Kisa li te fè?”
33 Saul threw his spear at him to strike him down, so Jonathan knew his father was determined to kill David. Alò, Saül te voye frenn nan sou Jonathan pou frape fè l tonbe. Epi konsa, Jonathan te konnen ke papa li te pran desizyon pou mete David a lanmò.
34 Jonathan rose from the table in burning anger, ate nothing that month's second day, grieved for David because his father had disgraced him. Epi Jonathan te leve sou tab la byen anraje e li pa t manje nan dezyèm jou nouvèl lin nan, paske kè l te fè l mal akoz papa li te derespekte l konsa.
35 At morning Jonathan went out to the field to meet David, a young boy with him. Alò, li te vin rive nan maten ke Jonathan te parèt nan chan an pou randevou avèk David la, e yon ti gason te avè l.
36 He told his boy, "Run, find the arrows I shoot." As he ran, Jonathan shot the arrow past him. Li te di a jennonm nan: “Kouri koulye a pou ale chache flèch ke m prèt pou tire yo.” Pandan jennonm nan t ap kouri, li te tire yon flèch ki te depase li.
37 As the boy reached the arrow Jonathan shot, Jonathan called after him, "Isn't the arrow beyond you?" Lè jennonm nan te rive nan plas flèch ke Jonathan te tire a, Jonathan te rele jennonm nan e te di: “Èske flèch la pa pi lwen ou?”
38 Jonathan called after the boy, "Hurry! Quick! Don't stop!" He gathered the arrows and came to his master. Jonathan te rele jennonm nan: “Pa mize, fè vit, pa fè reta!” Epi jennonm Jonathan an te pran flèch la e te retounen vè mèt li.
39 The boy knew nothing of all this; only Jonathan and David knew what it meant. Men jennonm nan pa t konnen anyen. Sèlman Jonathan avèk David te konprann koze a.
40 Then Jonathan gave his weapons to the boy and told him, "Go, carry them back to town." Alò, Jonathan te bay zam li yo a jennonm nan e te di li: “Ale pote antre nan vil la.”
41 When the boy left, David rose from beside the stone's south side, fell facedown, and bowed three times. They kissed and wept together, David weeping most. Lè jennonm nan te fin ale, David te leve soti nan fas sid la. Li te tonbe sou figi li atè e li te bese ba twa fwa. Epi yo te bo youn lòt e te kriye ansanm, men David te kriye plis.
42 Jonathan told David, "Go in peace—we both swore in our Father's name: 'Our Father is witness between you and me, and between your descendants and mine, forever.'" David rose and left; Jonathan returned to town. Jonathan te di a David: “Ale anpè. Jan nou te sèmante youn ak lòt nan non SENYÈ a, e te di: ‘SENYÈ a va antre ou avèk mwen, antre desandan pa w ak desandan pa m jis pou tout tan.’” Epi li te leve sòti pandan Jonathan t ap antre nan vil la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]