Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Saul spoke to his son Jonathan and all his servants about killing David. But Jonathan, Saul's son, delighted greatly in David. Alò, Saül te pale Jonathan, fis li a ak tout sèvitè li yo pou mete David a lanmò. Men Jonathan fis a Saül la te fè kè kontan anpil akoz David.
2 Jonathan told David, "Saul my father wants to kill you, so be careful in the morning—stay hidden and out of sight. Pou sa, Jonathan te pale David. Li te di: “Papa m vle mete ou a lanmò. Pou sa, souple, veye anpil nan maten an. Ale nan kote kache a, e rete la.
3 I will go out, stand beside my father in the field where you are, and speak to my father about you—then tell you whatever I discover." Mwen va sòti e kanpe akote papa m nan chan kote ou ye a. Mwen va pale avèk papa m selon ou menm. Epi si mwen vin konprann yon bagay, alò, mwen va di ou.”
4 Jonathan spoke well of David to his father Saul and said to him: "The king must not sin against his servant David, for he hasn't sinned against you. On the contrary, his deeds have been very good for you. Konsa, Jonathan te pale ak Saül, papa li, kèk bon pawòl sou David. Li te di li: “Pa kite wa a peche kont sèvitè li, David. Paske li menm pa t peche kont ou; akoz zèv pa li yo, li te ede ou anpil.
5 He risked his life to strike down the Philistine, and our Father won a great victory for all Israel. You saw it and rejoiced. Why would you sin against innocent blood, killing David for no reason?" Paske li te pran vi li nan men l. Li te frape Filisten an, e SENYÈ a te fè rive yon gran delivrans pou tout Israël. Ou te wè e ou te rejwi. Konsa, poukisa ou ta peche kont san inosan an nan mete David a lanmò san koz?”
6 Saul listened to Jonathan and swore, "As our Father lives, David will not be put to death." Saül te koute vwa a Jonathan, e Saül te fè ve: “Jan SENYÈ a viv la, li p ap mete a lanmò.”
7 Jonathan called David and told him all this, then brought him to Saul, and David served him as before. Alò, Jonathan te rele David e li te di li tout pawòl sila yo. Epi Jonathan te mennen David vè Saül, e li te vin nan prezans li kòm oparavan.
8 War broke out again. David went out, fought the Philistines, struck them with a great blow, and they fled from him. Lè te gen lagè ankò, David te sòti pou te goumen avèk Filisten yo, e te bat yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo te sove ale devan li.
9 But a harmful spirit from our Father came on Saul while he sat in his house, spear in hand, and David played the lyre. Alò, te genyen yon move lespri ki sòti nan SENYÈ a sou Saül pandan li te chita lakay li avèk yon frenn nan men li, pandan David t ap jwe ap la avèk men li.
10 Saul tried to pin David to the wall with his spear, but David dodged, and the spear struck the wall. David fled and escaped that night. Saül te tante frennen David pou kloure li nan mi an avèk frenn nan, men li te chape kite prezans a Saül. Konsa, frenn nan te kloure nan mi lan. David te sove ale e te pran flit menm nwit sa.
11 Saul sent men to watch David's house and kill him at dawn. Michal, David's wife, warned him: "If you don't flee tonight, you'll be dead by morning." Saül te voye mesaje yo lakay David pou yo ta veye li, avèk entansyon pou mete l a lanmò nan maten an. Men Mical, madanm a David la te avèti li. Li te di: “Si ou pa sove lavi ou aswè a, demen ou va mete a lanmò.”
12 So Michal let David down through a window, and he fled and escaped. Konsa, Mical te fè David lagedesann nan yon fenèt. Li te sòti deyò e te chape ale.
13 Then Michal took the household idol, laid it on the bed, put a goat-hair blanket at its head, and covered it with a cloth. Mical te pran zidòl kay la e li te poze li sou kabann nan. Li te mete yon kouvèti fèt avèk plim kabrit kote tèt li e te kouvri li avèk rad.
14 When Saul sent messengers to seize David, Michal said, "He is ill." Lè Saül te voye mesaje yo pran David, li te di: “Li malad.”
15 So Saul sent the messengers back to see David, saying, "Bring him to me in the bed, to kill him." Alò, Saül te voye mesaje yo wè David, e li te di: “Mennen li monte kote mwen sou kabann li, pou m kab mete l a lanmò.”
16 When the messengers came in, the household idol was on the bed, goat-hair quilt at its head. Lè mesaje yo te antre, gade byen, zidòl kay la te sou kabann nan avèk kouvèti plim kabrit la sou tèt li.
17 Saul said to Michal, "Why did you deceive me like this and let my enemy escape?" Michal said to Saul, "He told me, 'Let me go, why should I kill you?'" Konsa, Saül te di a Mical: “Poukisa ou te twonpe m konsa e kite lènmi mwen an ale jiskaske li vin chape?” Mical te reponn Saül: “Li te di mwen, ‘Kite mwen ale! Poukisa mwen ta bezwen mete ou a lanmò?’”
18 David fled and escaped, came to Samuel at Ramah, and told him all Saul had done to him. Then he and Samuel went and stayed in Naioth. Alò David te sove ale e te chape rive vè Samuel nan Rama. Epi li te di li tout sa ke Saül te fè l. Li menm avèk Samuel te ale rete Najoth.
19 Saul was told, "David is at Naioth in Ramah." Koze sa a te rive kote Saül ke: “Gade byen, David nan Najoth nan Rama.”
20 Saul sent messengers to seize David. But seeing the band of prophets prophesying, with Samuel standing as their leader, the Spirit of our Father came on Saul's messengers, and they too prophesied. Epi Saül te voye mesaje yo pran David. Men lè yo te wè konpayi pwofèt yo ki t ap pwofetize ansanm avèk Samuel, ki te kanpe kòm dirijans sou yo, Lespri Bondye te vini sou mesaje Saül la, epi yo tou te pwofetize.
21 Saul was told; he sent other messengers, and they too prophesied. Saul again sent messengers, a third time, and they also prophesied. Lè sa te pale a Saül, li te voye lòt mesaje. Epi yo menm tou te vin pwofetize. Alò, Saül te voye mesaje yon twazyèm fwa, e yo anplis te pwofetize.
22 Finally Saul himself went to Ramah, reaching the great well at Secu. He asked, "Where are Samuel and David?" "At Naioth in Ramah," someone said. Epi li menm tou te ale Rama pou kont li e te rive jis nan gran pwi ki nan Secu a. Li te pale e te di: “Kote Samuel avèk David?” Epi yon moun te di: “Veye byen, yo nan Najoth nan Rama.”
23 He went to Naioth in Ramah, but the Spirit of our Father came upon him too, and he walked along, prophesying, until he reached Naioth in Ramah. Li te kontinye jis rive nan Najoth nan Rama. Konsa, Lespri Bondye te vini sou li tou jiskaske li t ap pwofetize pandan nan wout la pou rive kote Najoth nan Rama a.
24 He too stripped off his clothes, prophesied before Samuel, and lay naked all that day and night. So people say, "Is Saul also among the prophets?" Anplis, li te retire rad li, li tou te pwofetize devan Samuel e li te kouche toutouni tout jounen an ak tout nwit lan. Pou sa, yo konn di: “Èske Saül, osi, pami pwofèt yo?”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]