Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When David finished speaking with Saul, Jonathan's soul was tied to David's, and Jonathan loved him as his own soul. Alò, li te vin rive ke lè li te fin pale avèk Saül, ke nanm Jonathan te vin atache a nanm David, e Jonathan te renmen li tankou pwòp tèt li.
2 From that day Saul kept David with him, not letting him return to his father's house. Saül te pran li nèt nan jou sa a e pa t kite li retounen lakay papa l.
3 Then Jonathan made a covenant with David, because he loved him as his own soul. Epi Jonathan te fè yon akò avèk David akoz li te renmen li tankou pwòp tèt li.
4 Jonathan took off his robe and gave it to David, along with his tunic, sword, bow, and belt. Jonathan te retire manto ki te sou li a e te bay David li, ansanm avèk pwotèj li, menm ak nepe li, banza li, avèk sentiwon li.
5 David succeeded everywhere Saul sent him, so Saul put him over the soldiers, pleasing all the people and Saul's servants too. Konsa, David te ale nan nenpòt kote Saül te voye li a, e te byen reyisi. Epi Saül te mete li chèf sou tout mesye lagè yo. Li te fè kè kontan nan zye a tout pèp la, e anplis, nan zye a sèvitè Saül yo.
6 As they returned, when David came back from killing the Philistine, women from every Israelite city came out to meet King Saul, singing, dancing, joyful, with tambourines and instruments. Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik.
7 As they celebrated, the women sang to each other: "Saul has struck down his thousands, David his ten thousands." Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di: “Saül te touye dè milye pa li menm e David dè di-milye pa li menm.”
8 Saul burned with anger; this word was very unwelcome to him. He said, "They credit David ten thousands, me only thousands. What's left him but the kingdom?" Alò, Saül te vin byen fache, paske pawòl sa a te fè l pa kontan. Li te di: “Yo te bay David dè di-milye; men a mwen menm, yo te bay dè milye. Alò kisa anplis li kapab genyen, sof ke wayòm nan?”
9 And from that day on Saul kept a jealous eye on David. Depi nan jou sa a, Saül te veye David de prè.
10 Next day a harmful spirit from our Father rushed on Saul; he raved inside his house while David played the lyre, as he did day by day. Saul had his spear in his hand. Nan jou aprè a, yon move lespri ki sòti nan Bondye te vini sou Saül avèk pwisans. Li te fè pwofesi nan mitan kay la. David, kòm abitid li jou an jou, t ap jwe ap la avèk men li. Saul te gen yon lans nan men l.
11 He hurled the spear, thinking, "I'll pin David to the wall." But David dodged him twice. Li te voye lans lan, paske li t ap di: “Mwen va kloure David sou mi an.” David te chape nan prezans li menm de fwa.
12 Saul was afraid of David, because our Father was with him but had departed from Saul. Alò Saül te pè David, paske SENYÈ a te avèk li; men Li te fin kite Saül.
13 So Saul sent David away from his presence, made him commander of 1,000, and David led the people out to battle and back. Pou sa Saül te retire David devan prezans li. Li te apwente li kòm kòmandan a yon mil lòm. Konsa li te sòti e antre devan pèp la.
14 David had success in all his ways, for our Father was with him. David t ap reyisi nan tout chemen li yo, paske SENYÈ a te avèk li.
15 When Saul saw how greatly David succeeded, he dreaded him. Lè Saül te wè ke li te byen reyisi konsa, li te vin gen gwo perèz li.
16 But all Israel and Judah loved David, because he led them out to battle and back. Men tout Israël avèk Juda te renmen li nèt e li te sòti e antre devan yo.
17 Saul told David, "Here is my older daughter Merab. I'll give her to you as wife—only be brave for me and fight our Father's battles." For Saul thought, "My hand won't be against him; let the Philistines' hand be against him." Alò, Saül te di a David: “Men pi gran fi mwen an, Mérab. Mwen va ba ou li kòm madanm. Sèlman, rete vanyan pou mwen e mennen batay pou SENYÈ a.” Paske Saül t ap di a tèt li: “Mwen p ap kapab leve men kont li, men kite men Filisten yo vin kont li.”
18 David said to Saul, "Who am I, and what is my family, my father's family in Israel, that I'd become the king's son-in-law?" Men David te di a Saül: “Kilès mwen ye e kisa lavi mwen ye, oswa fanmi a papa m an Israël ye, pou mwen ta devni bofis a wa a?”
19 But when Merab, Saul's daughter, was to be given to David, she was given to Adriel the Meholathite as wife. Konsa, li te vin rive ke nan moman a Mérab, fi a Saül la te dwe bay a David la, li te vin bay a Adriel, Meolayit la, kòm madanm.
20 Now Michal, Saul's daughter, loved David. When Saul heard this, it pleased him. Alò, Mical, pitit a Saül la, te renmen David. Lè yo te pale sa a Saül, bagay la te agreyab a li menm.
21 Saul thought, "I'll give her to him as a trap, letting the Philistines' hand strike him." So Saul told David, "Today you have a second chance to be my son-in-law." Saül te di a li menm: “Mwen va ba li fi a pou li kab devni yon pyèj pou li e pou men Filisten yo kapab vin kont li.” Pou sa, Saül te pale David, “Pou yon dezyèm fwa, ou gen dwa devni bofis mwen jodi a.”
22 Saul told his servants, "Tell David privately: 'The king likes you, and all his servants love you. Now become his son-in-law.'" Alò, Saül te kòmande sèvitè li yo: “Pale avèk David an sekrè e di: ‘Gade byen, wa a trè kontan avèk ou e tout sèvitè li yo renmen ou anpil. Alò, pou sa a, vin bofis a wa a.’”
23 Saul's servants told David these words. David said, "Is becoming the king's son-in-law a small thing to you? I'm poor and unimportant." Konsa, sèvitè a Saül yo te pale pawòl sa yo a David. Men David te di: “Èske sa se yon ti bagay pou vin bofis a wa a, akoz mwen menm se yon nonm pòv e san pwa?”
24 And Saul's servants told him, "This is what David said." Sèvitè a Saül yo te bay rapò a a li menm selon pawòl ke David te pale yo.
25 Saul said, "Tell David: 'The king wants no bride-price, only one hundred Philistine foreskins—revenge on the king's enemies.'" He intended David to fall by Philistine hands. Alò, Saül te di: “Konsa ou va pale David: ‘Wa a pa bezwen okenn kòb kòm dwa maryaj, sof ke yon santèn prepuce yo ki sòti nan Filisten yo, pou egzekite vanjans sou lènmi a wa yo.’” Alò, Saül te fè plan pou fè David tonbe pa men a Filisten yo.
26 His servants told David this; he was delighted to become the king's son-in-law. Before the full time passed, Lè sèvitè li yo te pale David pawòl sa yo, sa te fè David kontan pou vini bofis a wa a. Avan jou yo te fini,
27 David and his men went out, killed 200 Philistines, and brought their foreskins to the king, counted in full to become his son-in-law. So Saul gave him his daughter Michal as wife. David ak mesye pa li yo te ale. Yo te frape fè desann de-san lòm pami Filisten yo. Alò, David te mennen prepuce pa yo e yo te bay yo an tout a wa a, pou li ta kapab vin bofis a wa a. Konsa Saül te ba li Mical kòm madanm li.
28 When Saul saw and knew our Father was with David, and that Michal his daughter loved him, Lè Saül te wè e te konnen ke SENYÈ a te avèk David, e ke Mical, fi a Saül la, te renmen li,
29 Saul feared David even more, and became David's enemy for the rest of his life. li te pè David menm plis. Konsa Saül te lènmi a David ale nèt.
30 Philistine commanders kept coming out to battle, and each time David succeeded more than all Saul's officers, so his name became highly honored. Epi kòmandan Filisten yo te sòti pou fè batay. Konsa, li vin rive chak fwa yo sòti, ke David te aji avèk plis sajès ke tout sèvitè a Saül yo. Akoz sa, non li te vin respekte anpil.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]