Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 John 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 See what kind of love our Father has given us, that we should be called children of our Father! And we are. The world doesn't know us because it didn't know him. Gade ki grand amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele ti moun yo a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Beloved, we are our Father's children now; what we will become has not yet been shown. But we know that when he appears, we will be like him, since we will see him as he is. Alò, chè zanmi yo, nou se ti moun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye.
3 And everyone who has this hope in him purifies himself, just as he is pure. Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
4 Everyone who keeps committing sin also commits lawlessness; sin is lawlessness. Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa.
5 You know he appeared to take away our sins, and in him is no sin. Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche.
6 Whoever remains in him doesn't go on sinning; whoever goes on sinning hasn't seen or known him. Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7 Little children, let no one deceive you. Whoever practices righteousness is righteous, just as he is righteous. Ti moun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a se jis, menm jan ke Li jis.
8 Whoever keeps on sinning is of the devil, for the devil has been sinning from the beginning. The reason the Son of our Father appeared was to destroy the works of the devil. Men sila ki pratike peche se a dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman a. Fis a Bondye te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
9 No one born of our Father keeps on sinning, because his seed abides in him; and he cannot keep on sinning, because he has been born of our Father. Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye.
10 This shows who our Father's children are, and who the devil's children are: whoever doesn't do what's right isn't from our Father, nor is anyone who doesn't love their brother or sister. Selon sa pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo se byen klè. Nenpòt ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li.
11 For this is the message you have heard from the beginning: that we should love one another. Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman a ke nou dwe renmen yon lòt.
12 Not like Cain, who belonged to the evil one and killed his brother. Why did he kill him? Because his own deeds were evil and his brother's were righteous. Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan a, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa yo a frè l te jis.
13 Do not be surprised, brothers and sisters, if the world hates you. Pa etonnen, frè yo, si lemonn rayi nou.
14 We know we've passed from death to life, because we love each other. Whoever doesn't love remains in death. Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.
15 Everyone who hates his brother or sister is a murderer, and you know no murderer has eternal life remaining in him. Nenpòt ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl a anndan li.
16 This is how we know love: Christ laid down his life for us; we too should lay down our lives for one another. Men konsa nou rekonèt lamou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo.
17 But if anyone has the world's goods and sees his brother or sister in need, yet closes his heart to them, how does our Father's love remain in him? Men nenpòt ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kontre li, ki jan lamou Bondye kapab rete nan li?
18 Little children, let us not love with words or talk, but in deed and in truth. Ti moun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.
19 By this we'll know we come from the truth, and settle our heart before him, Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:
20 whenever our heart condemns us; for our Father is greater than our heart, and he knows everything. si kè nou kondannen nou, Bondye se bokou pi gran ke kè nou, epi Li konnen tout bagay.
21 Beloved, if our heart does not condemn us, we have confidence before our Father; Byeneme yo, si kè nou pa kondannen nou, nou gen konfyans devan Bondye.
22 whatever we ask, we receive from him, because we keep his commands and do what pleases him. Pou sa a, nenpòt ke nou mande, nou va resevwa de Li, paske nou kenbe kòmandman Li yo, epi fè bagay yo ki fè plezi devan zye Li yo.
23 This is his command: believe in his Son Jesus Christ's name, and love one another as he commanded us. Men sa se kòmandman Li, ke nou kwè nan non a Fis Li a, Jésus Kri, epi renmen yon lòt, kon Li te kòmande nou.
24 Whoever keeps his commands remains in our Father, and our Father in them. This is how we know he remains in us: by the Holy Spirit he gave us. Sila a ki kenbe kòmandman Li yo, rete nan Li, epi Li rete nan li menm. Nou konnen konsa ke Li rete nan nou, akoz Li te bay nou Lespri Li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]