Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 John 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Beloved, don't believe every spirit, but test the spirits to see if they're from our Father, for many false prophets have gone out into the world. Byeneme yo, pa kwè tout lespri yo, men sonde yo pou wè si yo sòti nan Bondye, paske anpil fo pwofèt yo gen tan antre nan lemonn.
2 By this you know the Spirit of our Father: every spirit confessing that Jesus Christ has come in the flesh is from our Father, Selon sa nou rekonèt Lespri Bondye a: chak lespri ki konfese ke Jésus Kri te vini nan lachè a sòti nan Bondye:
3 and every spirit that does not confess Jesus is not from our Father. This is the antichrist's spirit, which you heard was coming, and is already in the world now. Epi chak lespri ki pa konfese Jésus, pa sòti nan Bondye. Li menm se lespri antikris la, sou kilès nou te tande ke l ap vini, epi koulye a se deja nan lemonn lan.
4 You are from our Father, little children, and have overcome them, because greater is the one in you than the one in the world. Ti moun yo, nou se a Bondye, epi te venk lespri sa ki fo, paske pi gran se Li ki nan nou, pase li ki nan lemonn an.
5 They are from the world; therefore they speak from the world, and the world listens to them. Yo sòti nan lemonn an. Akoz sa yo pale tankou lemonn an, epi lemonn an koute yo.
6 We are from our Father. Whoever knows him hears us; whoever is not from him does not hear us. This is how we know the Spirit of truth and the spirit of error. Nou se a Bondye: li ki konnen Bondye va koute nou. Li ki pa a Bondye p ap koute nou. Pa sa a nou konnen Lespri verite a ak Lespri la a sa ki fo.
7 Beloved, let us love one another, for love is from our Father, and all who love are born of him and know him. Byeneme yo, kite nou renmen yon ak lòt, paske lamou se ne de Bondye, epi konnen Bondye.
8 Whoever does not love does not know our Father, because our Father is love. Sila ki pa gen lamou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lamou.
9 This is how our Father's love was shown among us: our Father sent his one and only Son into the world so we might live through him. Se konsa lamou Bondye te vin parèt nan nou; ke Bondye te voye sèl Fis inik Li nan lemonn an pou nou ta kapab viv nan Li.
10 This is love: not that we loved our Father, but that he loved us and sent his Son as the atoning sacrifice for our sins. Nan sa se lamou; pa ke nou te renmen Bondye, men ke Li te renmen nou, epi te voye Fis Li kon sakrifis pwopiyatwa (sèl sakrifis la ki te akseptab pou peche nou yo).
11 Beloved, if our Father so loved us, we also ought to love one another. Byeneme yo, si Bondye te renmen nou, nou osi dwe renmen youn ak lòt.
12 No one has ever seen our Father; if we love one another, our Father remains in us and his love is made complete in us. Pèsòn pa janm wè Bondye nan okenn tan. Si nou gen lamou youn pou lòt, Bondye rete nan nou, epi lamou Li vin konplete nan nou.
13 By this we know we live in him and he in us: he has given us his Spirit. Se konsa nou konnen ke nou rete nan Li epi Li nan nou, paske Li te bay nou Lespri Li.
14 We have seen and testify that our Father sent the Son as Savior of the world. Konsa, nou gen tan wè epi fè temwen ke Papa a te voye Fis la kòm Sovè lemonn an.
15 Whoever confesses Jesus is the Son of our Father, our Father remains in him, and he in our Father. Nenpòt ki konfese ke Jésus se Fis Bondye a, Bondye rete nan li, epi li nan Bondye.
16 We have known and believed the love our Father has for us. Our Father is love, and whoever remains in love remains in him, and he in them. Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lamou ke Bondye gen pou nou. Bondye se lamou, epi sila ki rete nan lamou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li.
17 This is how love is made complete in us, so we may have confidence on judgment day, because as he is, so are we in this world. Se konsa, lamou vin pèfekte avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.
18 In love there is no fear; perfect love drives out fear, since fear involves punishment, and whoever fears is not complete in love. Pa gen lakrent nan lamou; men lamou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent gen pinisyon, men sila ki gen perèz pa pèfekte nan lamou.
19 We love because our Father first loved us. Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.
20 If anyone says, "I love our Father," yet hates his brother, he is a liar. For whoever does not love his brother, whom he has seen, cannot love our Father, whom he has not seen. Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè.
21 And this commandment we have from him: whoever loves our Father must also love his brother. Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye, dwe renmen frè li tou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]