Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 John 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 My dear children, I write this so you won't sin. But if anyone does sin, we have an advocate before the Father—Jesus Christ, the righteous one. Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat.
2 He himself is the atoning sacrifice for our sins, and not ours only but also the whole world's. Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.
3 By this we know that we have come to know him: if we keep his commandments. Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo.
4 Whoever says, "I know him," yet doesn't keep his commands, is a liar—the truth isn't in him. Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li.
5 But whoever keeps his word, the love of our Father is truly complete in him. This is how we know we are in him: Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li:
6 Whoever claims to remain in him ought to walk in the very way he walked. Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
7 Dear ones, I write you no new command, but an old one, held since the start—the old command is the word you heard. Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen depi kòmansman an. Lansyen kòmandman an se pawòl a ke nou te tande depi kòmansman an.
8 Again, I write you a new command—true in him and in you—because the darkness is passing and the true light already shines. Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki se vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja.
9 Anyone who says they're in the light but hates their brother or sister is in the dark even now. Sila ki di ke li nan limyè a, men rayi frè l se nan tenèb la jiska prezan.
10 Whoever loves his brother or sister abides in the light, and in him there is no cause for stumbling. Sila ki renmen frè li se nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li.
11 But whoever hates his brother or sister is in the dark, walking in the dark, not knowing where he's going—the dark has blinded his eyes. Men sila ki rayi frè li se nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap w ale, paske tenèb la fin fè l avèg.
12 I write to you, little children, because your sins are forgiven for his name's sake. M ap ekri nou, ti moun yo, paske peche nou yo gen tan padonnen pou kòz a non Li.
13 I write to you, fathers, because you know the One from the beginning. I write to you, young men, because you have defeated the evil one. M ap ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman an. M ap ekri nou jenn nonm yo, paske nou te vin gen viktwa la sou sila ki mechan. Mwen te ekri nou ti moun yo, paske nou konnen Papa a.
14 Children, I write because you know the Father. Fathers, I write because you know the One from the beginning. Young men, I write because you're strong, and our Father's word lives in you, and you've overcome the evil one. Mwen te ekri nou, papa yo, paske nou konnen Li ki te la depi kòmansman a. Mwen te ekri nou jenn nonm yo paske nou gen fòs, epi pawòl Bondye a reste nan nou, epi nou te vin gen viktwa sou sila ki mechan.
15 Do not love the world, or anything in the world. Whoever loves the world, the love of the Father is not in him. Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt renmen lemonn, lamou Papa a pa reste nan li.
16 Everything in the world—the craving of the flesh, the craving of the eyes, and the pride of life—is not from the Father but from the world. Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògey lavi la pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.
17 The world and its cravings are passing away, but whoever does the will of our Father remains forever. Men lemonn an disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
18 Children, it is the last hour. As you heard antichrist comes, so now many antichrists have come; by this we know it's the last hour. Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke antikris la ap vini menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè.
19 They went out from us, but were not of us; if they had been of us, they would have stayed with us. But they left, to show that none of them belonged to us. Yo te sòti pami nou, men yo pa t vrèman nan nou, paske si yo te nan nou, yo t ap rete avèk nou. Men yo te sòti jis pou li ta kapab vin klè ke yo pa nan nou.
20 But you have an anointing from the Holy One, and you all know the truth. Men nou menm gen lonksyon lan ki sòti nan Sila ki Sen an, epi nou tout konnen sa.
21 I write to you not because you don't know the truth, but because you do—and no lie comes from the truth. Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a.
22 Who is the liar, if not the one denying Jesus is the Christ? This is the antichrist, denying the Father and the Son. Kilès k ap manti, sòf ke li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la.
23 No one who denies the Son has the Father. Whoever confesses the Son has the Father also. Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.
24 You—let what you heard from the start remain in you. If what you heard from the start remains in you, you too will remain in the Son and the Father. Pou nou menm, kite sa demere nan nou ke nou te tande depi kòmansman an. Si sa nou te tande depi kòmansman an demere nan nou, nou va osi reste nan Fis la, ak Papa a.
25 And this is the promise that he himself made to us—eternal life. Epi sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.
26 I write these things to you about those who are trying to lead you astray. Bagay sa yo mwen te ekri nou konsènan sa yo ki ta eseye pase nou nan desepsyon.
27 As for you, the anointing you received from him remains in you, and you don't need anyone to teach you. But since his anointing teaches you about everything—true, not a lie—remain in him, just as it taught you. Epi pou nou menm, lonksyon ke nou te resevwa a Li demere nan nou, epi nou pa gen bezwen pou pèsòn enstwi nou; men lonksyon Li enstwi nou nan tout bagay. Li se verite, epi pa janm nan manti, menm jan ke li te enstwi nou, demere nan Li.
28 And now, little children, remain in him, so that when he appears we may have confidence and not shrink from him in shame at his coming. Epi koulye a, ti moun yo, reste nan Li, jis pou lè L vin parèt, nou kapab gen konfyans epi pa vin piti ak wont lè Li vini.
29 If you know he's righteous, you also know that all who do right are born of him. Si nou konnen ke Li dwat nèt, nou konnen osi ke tout moun ki pratike ladwati a se ne a Li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]