Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 6 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When one of you has a dispute with another, does he dare take it before the unrighteous for judgment, not before God's people? Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo olye devan sen yo?
2 Don't you know the saints will judge the world? If you judge the world, are you unfit for the smallest cases? Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo?
3 Don't you know we'll judge angels? How much more, matters of this life! Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a?
4 So when you have such disputes, do you appoint as judges those who count for nothing in the church? Donk, si konsa, nou sèvi ak tribinal pou regle pwoblèm nan lavi sa, èske nou chwazi kon jij sila ki pa kab reprezante anyen nan legliz yo?
5 I say this to shame you. Is there no one among you wise enough to judge between fellow believers? Mwen di nou sa pou wont nou. Si se konsa, ke pa gen yon moun saj pami nou ki kapab deside antre frè li yo?
6 Instead, one brother takes another to court, and this in front of unbelievers! Men frè ale devan lalwa avèk frè, e tout sa devan enkwayan yo.
7 Having lawsuits against each other is already a total defeat for you. Why not rather be wronged? Why not rather be cheated? Alò konsa, sa se deja yon defèt pou nou, pou n ap fè pwosè avèk youn lòt. Poukisa nou pa pito soufri lenjistis? Poukisa nou pa pito aksepte sibi fwod?
8 Instead, you yourselves do wrong and cheat, and you do it to your own brothers and sisters. Okontrè, nou menm, nou fè lenjistis ak fwod la. Nou fè sa menm kont frè nou yo.
9 Or don't you know the unrighteous won't inherit our Father's kingdom? Don't be fooled: no sexually immoral person, no idol worshiper, adulterer, male prostitute, nor man who sleeps with men, Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo
10 nor thieves, nor the greedy, nor drunks, nor insulters, nor cheats will inherit the kingdom of our Father. ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a.
11 Such were some of you. But you were washed, but made holy, but set right in the Lord Jesus Christ's name and by the Spirit of our Father. Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
12 "I'm free to do anything"—but not everything helps. "I'm free to do anything"—but nothing will control me. Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen.
13 "Food is for the stomach and the stomach for food"—and our Father will destroy both. But the body isn't for sexual sin—it's for the Lord, and the Lord for the body. Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a.
14 And our Father, who raised the Lord, will also raise us up by his power. Alò, Bondye non sèlman leve Senyè a, men va osi leve nou selon pouvwa Li.
15 Don't you know your bodies are parts of Christ? Should I take Christ's parts and make them parts of a prostitute? Never! Èske nou pa konnen ke kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt!
16 Or don't you know that whoever joins himself to a prostitute becomes one body with her? For it says, "The two will become one flesh." Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: “Yo de a va devni yon sèl chè”.
17 But whoever joins himself to the Lord is one spirit with him. Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin youn nan lespri avèk Li.
18 Flee sexual immorality. Every other sin a person commits is outside the body, but the sexually immoral sins against his own body. Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l.
19 Or don't you know your body is a temple of the Holy Spirit within you, whom you have from our Father? You're not your own, Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou?
20 for you were bought at a price. So glorify our Father in your body. Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]