Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 5 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Sexual immorality is actually reported among you—a kind not even found among those who don't know the Father: a man has his father's wife. Anverite gen rapò ke gen imoralite pami nou, yon kalite imoralite ki pa menm egziste pami pèp etranje yo; ke yon moun gen madanm a papa li.
2 And you are arrogant! Shouldn't you have mourned instead, so the one who did this would be removed from among you? Nou vin awogan, olye nou kriye anpil pou sila ki te fè zak sila a pou l ta kapab vin retire nan mitan nou.
3 For though absent in body but present in spirit, I have already judged the one who did this, as if present. Paske mwen menm, bò kote pa m, malgre mwen absan nan kò men mwen prezan nan lespri. Mwen deja jije mesye ki fè zak sila a, tankou mwen te prezan.
4 When you gather in our Lord Jesus' name, my spirit present, with our Lord Jesus' power, Nan non Senyè nou an Jésus Kri, lè nou vin rasanble, e mwen menm avèk nou nan lespri avèk pouvwa Senyè nou an Jésus,
5 hand this man over to Satan to destroy the flesh, so his spirit may be saved on the day of our Lord Jesus. nou gen pou livre yon nonm konsa bay Satan pou detwi chè l, pou lespri li kapab sove nan jou Senyè a Jésus.
6 Your boasting isn't good. Don't you know a little yeast works through the whole batch of dough? Vante tèt nou an pa bon. Èske nou pa konnen ke yon ti kras ledven fè tout boul pen an leve?
7 Clear out the old yeast, so you may be a new batch—as you are without yeast. For Christ, our Passover lamb, has been sacrificed. Retire vye ledven an pou nou kapab vin yon boul pat tounèf; kòmsi ke nou an reyalite deja san ledven. Paske Kris, Pak pa nou an, osi te sèvi kon sakrifis nou.
8 So let us celebrate the festival, not with old yeast, the yeast of malice and evil, but with the unleavened bread of sincerity and truth. Konsa, annou selebre fèt la pa avèk vye ledven an, ni avèk move ledven an ak mechanste, men avèk pen san ledven nan plen senserite ak verite a.
9 I wrote to you in my letter not to associate with sexually immoral people. Mwen te ekri nou nan lèt mwen an pou nou pa asosye nou avèk moun imoral yo;
10 Not at all meaning this world's sexually immoral, or the greedy and swindlers, or idol worshipers—since then you'd have to leave the world. Mwen pa t vle di tout moun imoral ki nan mond sa a, ni avèk moun lemonn ki gen lanvi, ki nan fwod, oubyen moun idolat yo; paske konsa nou ta dwe kite mond lan nèt.
11 But I'm writing to you not to associate with anyone who claims to be a brother or sister but is sexually immoral, or greedy, or an idol worshiper, or a slanderer, or a drunk, or a swindler. With such a person don't even eat. Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
12 Why should I judge those outside the church? Shouldn't you judge those inside? Paske kisa mwen gen pou fè nan jije moun deyò yo? Èske se pa sila anndan legliz yo pou nou jije?
13 Our Father judges those outside. "Expel the wicked person from among you." Men sila ki deyò yo, se Bondye ki pou jije yo. Retire sila ki malveyan an pami nou menm.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]