Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Consider us servants of Christ and stewards of our Father's mysteries. Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e jeran a mistè ki pou Kris yo.
2 Moreover, it is required of stewards that they be found faithful. Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl.
3 But it matters little to me whether you judge me, or any human court does. I don't even judge myself. Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen.
4 I know nothing against myself, but that doesn't acquit me. The one who judges me is our Lord Jesus. Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a.
5 So don't judge before the time, before our Lord Jesus comes. He will bring to light what's hidden in darkness and reveal hearts' purposes. Then each will receive praise from our Father. Pou sa pa kontinye jije avan lè, men tann jiskaske Senyè a vini pou Li kapab nan menm tan eklere nan limyè bagay ki kache nan tenèb yo, e devwale tout motif ki nan kè lèzòm. Konsa, lwanj chak moun resevwa va sòti nan Bondye.
6 Brothers and sisters, I've applied this to myself and Apollos for your sake, so you may learn from us not to go beyond what is written, and not be arrogant, favoring one over another. Alò, frè m yo, mwen te sèvi tout sa konsènan mwen menm ak Apollos kòm yon egzanp pou koz a nou menm. Selon sa mwen te di, mwen vle ou konprann ke nou pa pou ale pi lwen de sa ki nan ekriti sen yo, pou okenn nan nou pa vin ògeye anvè youn e kont yon lòt.
7 For who makes you different? What do you have that you didn't receive? If you received it, why brag as if you didn't? Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.
8 Already you have all you want! Already you have become rich! Without us you have begun to reign—if only you really did reign, so we might reign with you too! Nou deja ranpli! Nou deja vin rich! Nou deja vin wa san èd nou menm! E anverite, mwen ta kontan si nou te deja wa pou nou menm ta kapab renye ansanm avèk nou.
9 For I think our Father displayed us apostles last, like men condemned to die, since we've become a spectacle to the world, angels, and people. Paske mwen panse ke Bondye te fè nou menm kòm apot pi ba ke tout; tankou moun ki kondane a lanmò, paske nou te gen tan vin yon spektak pou mond lan, ni pou zanj yo, ni pou moun.
10 We are fools for Christ's sake, but you're wise in Christ. We're weak, you're strong. You're honored, we're dishonored. Nou se moun fou pou kòz a Kris la, men ou menm, ou saj nan Kris; nou fèb, men ou menm, ou fò; ou menm, ou byen distenge, men nou menm, nou san onè.
11 To this hour we go hungry, thirsty, ragged, beaten, and homeless. Jiska moman sa a nou grangou ak swaf, mal abiye, maltrete, e san kote pou nou rete.
12 We work hard with our own hands. Insulted, we bless; persecuted, we endure. Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa.
13 Slandered, we respond gently. We've been the world's trash, everyone's scum, to this day. Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.
14 I am not writing this to shame you, but to warn you as my beloved children. Mwen pa ekri bagay sa yo pou fè nou wont, men pou avèti nou kòm pitit byeneme mwen.
15 Though you have countless guides in Christ, you don't have many fathers—I fathered you in Christ Jesus through the gospel. Paske si nou te gen anpil kantite pwofesè an Kris ki pa menm kab konte, menm konsa nou pa t ap gen anpil papa. Paske nan Jésus Kris, mwen te devni papa nou akoz bòn nouvèl la.
16 Therefore I urge you, be imitators of me. Konsa, mwen egzòte nou, pou nou vin imitatè a mwen menm.
17 That's why I sent you Timothy, my dear, faithful child in the Lord—he'll remind you of my ways in Christ Jesus, as I teach everywhere, in every church. Se pou rezon sa a, mwen voye bannou Timothée, ki se pitit byeneme e fidèl mwen nan Senyè a. Li va fè nou sonje chemen mwen an ki baze nan Kris, menm jan ke mwen enstwi toupatou nan tout legliz yo.
18 Some are puffed up, as though I were not coming to you. Alò, kèk nan nou vin awogan, kòmsi mwen pa t ap vin kote nou.
19 But I'll come to you soon, if our Lord Jesus wills, and find out not the talk of these arrogant people, but their power. Men mwen va vini kote nou byento si Bondye vle e mwen va vin fè egzamen, pa nan pawòl a sila ki awogan yo, men nan pèz pwisans yo.
20 For the kingdom of our Father is not a matter of talk but of power. Paske wayòm Bondye a pa fèt avèk pawòl, men avèk pwisans.
21 What do you want? Should I come with a rod, or with love in a spirit of gentleness? Kisa nou dezire? Èske mwen dwe vin kote nou avèk yon baton, oswa avèk lanmou avèk lespri jantiyès?
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]