Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Brothers and sisters, I couldn't speak to you as people of the Spirit, but as people of the flesh—infants in Christ. Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo.
2 I gave you milk, not solid food, since you weren't yet ready. Even now you still aren't ready. Mwen te bannou lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab,
3 You're still fleshly. Since jealousy and rivalry are among you, aren't you fleshly, living by human standards? pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl?
4 For when one says, "I follow Paul," and another, "I follow Apollos," aren't you acting like mere humans? Paske lè youn di: “Mwen se moun Paul”, epi yon lòt: “Mwen se moun Appollos”, èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?
5 What then is Apollos? What is Paul? Servants through whom you believed, each as the Lord gave him. Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak.
6 I planted, Apollos watered, but our Father made it grow. Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi.
7 So neither planter nor waterer is anything—only our Father, who makes it grow. Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men Bondye ki fè l grandi a.
8 The planter and the waterer are one; each will get his own reward for his own labor. Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li.
9 For we are our Father's fellow workers; you are his field, his building. Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.
10 By the grace our Father gave me, I laid a foundation like a wise master builder, and another builds on it. Let each watch how he builds on it. Selon gras Bondye ki te ban mwen an, kon yon mèt k ap bati byen saj, mwen te poze yon fondasyon. Men konsa, se yon lòt k ap bati sou li. Konsa, fòk chak moun pridan sou jan li bati sou li a.
11 For no one can lay any foundation other than the one already laid, which is Jesus Christ. Paske pèsòn pa kapab poze okenn lòt fondasyon sof ke sila ki poze deja a, ki se Jésus Kri.
12 Now if anyone builds on the foundation with gold, silver, precious stones, wood, hay, or straw, Alò, si nenpòt moun bati sou fondasyon an avèk lò, ajan, bijou presye, bwa, zèb sèch, oswa pay,
13 each one's work will become clear, for the Day will reveal it, because fire exposes it, and that same fire will test what sort each one's work is. zèv a chak moun va vin byen parèt. Paske lajounen va fè l vin parèt klè, akoz sa gen pou revele avèk dife. Epi dife a, li menm, va fè prèv valè zèv chak moun.
14 If the work that anyone has built survives, he will receive a reward. Si zèv a yon moun ki bati sou li a rete toujou, li va resevwa yon rekonpans.
15 If anyone's work burns up, he'll suffer loss—yet be saved himself, but only as through fire. Si zèv a yon moun vin brile, li va soufri pèt, men li menm, li va sove kòmsi, se pa dife.
16 Don't you know you are our Father's temple, and our Father's Spirit lives in you? Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou?
17 If anyone destroys the temple of our Father, our Father will destroy him. For the temple of our Father is holy, and that temple is you. Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.
18 Let no one deceive himself. If anyone among you thinks he is wise in this age, let him become foolish, so he may become wise. Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.
19 For this world's wisdom is foolishness to our Father. For Scripture says, "He traps the wise in their cunning," Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.”
20 and again, "Our Father knows the thoughts of the wise, that they are futile." Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.”
21 So let no one boast about people. For all things are yours, Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm,
22 whether Paul or Apollos or Cephas, or world or life or death, or present or future—all are yours, sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen de nou menm.
23 and you are Christ's, and Christ is our Father's. Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]