Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 7 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now, about what you wrote: "It's good for a man not to touch a woman." Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, li bon pou yon nonm pa touche yon fanm.
2 But to avoid sexual sin, each man should have his own wife, and each woman her own husband. Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li.
3 The husband should give his wife what he owes her, and likewise the wife to her husband. Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li.
4 The wife has no authority over her own body—the husband does; likewise the husband has no authority over his own body—the wife does. Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan.
5 Do not deprive each other, except by mutual agreement for a set time, to give yourselves to prayer; then come together again, so Satan doesn't tempt you through your lack of self-control. Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.
6 I say this as a concession, not as a command. Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men pa kòm yon lòd.
7 I wish everyone were as I am. But each has his own gift from our Father—one this way, one that way. Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan.
8 I tell the unmarried and widows: staying as I am is good for them. Alò mwen di a sila ki poko marye yo, e ak vèv yo, ke li ta bon pou yo si yo rete menm jan ak mwen menm.
9 But if they can't control themselves, they should marry—better to marry than burn with passion. Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon.
10 To the married I command—not I, but the Lord—a wife must not leave her husband. Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li
11 But if she separates, she must stay unmarried or be reconciled to her husband—and a husband must not divorce his wife. Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.
12 To the rest I say (I, not the Lord): if a brother has an unbelieving wife willing to live with him, he must not divorce her. Men a lòt yo se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li.
13 If a woman has an unbelieving husband willing to live with her, she must not divorce him. Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale.
14 For the unbelieving husband is made holy through the wife, and the unbelieving wife is made holy through the brother. Otherwise your children would be unclean, but now they're holy. Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo sen.
15 If the unbelieving partner leaves, let them leave; the brother or sister is not bound in such cases. Our Father has called you to peace. Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan lapè.
16 How do you know, wife, whether you will save your husband? Or how do you know, husband, whether you will save your wife? Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.
17 Only let each live as the Lord assigned him, as our Father called him. This is my rule in all the churches. Sèlman jan Senyè a bay a chak moun nan, jan Bondye rele chak moun nan konsa, kite l mache. Epi se konsa ke m bay lòd nan tout legliz yo.
18 Was someone circumcised when called? He must not undo it. Was someone uncircumcised when called? He must not be circumcised. Èske yon moun ki te rele pa Bondye te deja sikonsi? Li pa dwe vin ensikonsi. Èske yon moun lè l rele pa Bondye tou ensikonsi? Li pa dwe vin sikonsi.
19 Circumcision is nothing, uncircumcision is nothing, but keeping our Father's commands matters. Sikonsizyon pa anyen, e ensikonsizyon pa anyen, men sa ki enpòtan an se kenbe kòmandman Bondye a.
20 Each one should remain in the condition in which he was called. Chak moun dwe rete nan menm kondisyon ke li te resevwa apèl la.
21 Were you called as a slave? Don't let it trouble you. But if you can gain freedom, take it. Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l.
22 The slave called in the Lord is the Lord's freed person; likewise, the free person called is Christ's slave. Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se esklav a Kris la.
23 You were bought with a price; do not become slaves of men. Nou te achte a yon pri; pa devni esklav a lèzòm.
24 Brothers, whatever condition each was in when called, there let him remain with our Father. Frè m yo chak moun dwe rete avèk Bondye nan menm eta ke li te resevwa apèl la.
25 About the unmarried, I lack a command from the Lord, but I give my judgment as one the Lord's mercy made trustworthy. Alò konsènan vyèj yo, mwen pa gen okenn lòd Senyè a, men mwen bay yon refleksyon kòm yon moun ki pa mizerikòd Senyè a dign de konfyans.
26 I think it's good, given the present crisis, for a person to stay as he is. Mwen kwè ke li bon nan sikonstans boulvès nan tan kounye a pou yon nonm ta rete jan li ye a.
27 Bound to a wife? Don't seek release. Free from a wife? Don't seek a wife. Èske ou mare ak yon madanm? Pa chache vin lib. Èske ou lib de yon madanm? Pa chache yon madanm.
28 But if you marry, you haven't sinned; if a virgin marries, she hasn't sinned. But such people will face distress in the flesh, and I want to spare you that. Men si nou marye, nou pa peche. E si yon vyèj marye, li pa peche. Men deja moun sa yo va gen pwoblèm nan vi sa a, e m ap eseye epagne nou.
29 I say this, brothers: the appointed time has grown short. From now, let those with wives live as if they had none, Men mwen di sa, frè m yo, tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen;
30 and those who weep as if not weeping, and those who rejoice as if not rejoicing, and those who buy as if owning nothing, epi sila ki kriye yo, tankou yo pa t kriye; sila ki rejwi yo, tankou yo pa t rejwi, e sila ki achte yo, tankou yo pa t posede anyen;
31 and those who use the world as if not absorbed by it—for this world's present form is passing away. epi sila ki itilize mond lan, tankou yo pa t itilize li anpil. Paske fòm mond sa a ap disparèt.
32 I want you free of worries. The unmarried man cares about the Lord's affairs, how to please the Lord. Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan,
33 But the married man is concerned about the things of the world, how to please his wife, men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi.
34 and he is divided. The unmarried woman or virgin cares about the Lord's concerns, to be holy in body and spirit; but the married woman cares about the world's concerns, how to please her husband. Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi.
35 I say this for your benefit, not to restrict you, but for proper conduct and undivided devotion to the Lord. Mwen di sa pou pwòp benefis pa nou; se pa pou jennen nou, men pou ankouraje sa ki bon, e pou vin gen yon angajman san distraksyon anvè Senyè a.
36 If anyone thinks he's acting improperly toward his fiancée, and his passions run strong and it must happen, let him do as he wishes—let them marry; it's no sin. Men si yon moun panse ke l ap aji yon jan ki pa dign anvè pitit fi vyèj li, si li vin gen laj ase, e si sa dwe fèt, kite li fè sa li pito. Li pa peche. Kite li marye.
37 But whoever stands firm in his heart, not compelled, but in control of his own will, and has decided in his heart to keep his fiancée, does well. Men sila a ki kanpe fèm nan kè li, san ke li pa anba kontrent, men gen otorite sou pwòp volonte l, e ki deside sa nan pwòp kè l, pou konsève pwòp pitit fi vyèj pa li a, li va fè byen.
38 So the one who marries his fiancée does well; the one who doesn't marry her does better. Konsa, sila ki bay pwòp pitit fi li a nan maryaj ap fè byen, e sila ki pa bay li nan maryaj la ap fè mye.
39 A wife is bound to her husband while he lives; if he dies, she's free to marry anyone she wants, only in the Lord. Yon madanm mare selon lalwa a, ak mari li toutotan ke li vivan. Men si mari li mouri, li lib pou marye avèk sila ke li pito, men sèlman nan Senyè a.
40 But she's happier, in my view, if she stays as she is. And I think I too have our Father's Spirit. Men nan refleksyon pa m, l ap pi kontan si li rete jan li ye a. E mwen panse osi ke m gen Lespri Bondye a avè m.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]