Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 8 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 About food sacrificed to idols: we know we all have knowledge. Knowledge puffs up, but love builds up. Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann.
2 If anyone thinks he knows something, he does not yet know as he ought to know. Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko konnen jan li dwe konnen an.
3 But if anyone loves our Father, he is known by him. Men si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen li.
4 About eating food sacrificed to idols: we know an idol is nothing in the world, and there is no Father but one. Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye.
5 For even if there are so-called gods, in heaven or earth—and truly there are many "gods" and many "lords." Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè,
6 Yet for us there is one God, our Father, all things from him and we exist for him; and one Lord Jesus Christ, all things through him and we exist through him. malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.
7 But not everyone has this knowledge. Some, still used to idols until now, eat this food as if it were truly sacrificed to an idol, and their weak conscience is made unclean. Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye.
8 Food does not bring us closer to our Father. We are no worse if we do not eat, and no better if we do. Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje.
9 But be careful that this right of yours does not somehow become a stumbling block to the weak. Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite.
10 If someone sees you, who have knowledge, eating in an idol's temple, won't his weak conscience be emboldened to eat food sacrificed to idols? Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo?
11 So by your knowledge this weak person is destroyed—the brother for whom Christ died. Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an.
12 When you sin like this against your brothers and wound their weak conscience, you sin against Christ. Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la.
13 So if food makes my brother stumble, I'll never eat meat again, so I won't make my brother stumble. Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]