Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 13 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 If I speak in the tongues of people and of angels, but have not love, I am a noisy gong, a clanging cymbal. Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone.
2 If I can prophesy, understand all mysteries and all knowledge, and have all faith, enough to move mountains, but lack love, I am nothing. Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.
3 If I give away everything I own, and if I hand over my body that I may boast, but have no love, I gain nothing. Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
4 Love is patient, love is kind. It does not envy, it does not boast, it is not proud. Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan.
5 It isn't rude, doesn't seek its own, isn't provoked, keeps no record of wrongs. Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa.
6 Love does not delight in wrongdoing, but rejoices with the truth. Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a.
7 It always protects, always trusts, always hopes, always perseveres. Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8 Love never fails. But prophecies will end, tongues will stop, and knowledge will end. Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.
9 For we know in part and we prophesy in part, Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati;
10 but when completeness comes, what is in part disappears. men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt.
11 When I was a child, I spoke as a child, thought as a child, reasoned as a child. When I became a man, I left childish things behind. Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo.
12 For now we see a blurred image in a mirror; then, face to face. Now I know partly; then I will know fully, as I am fully known. Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an.
13 And now these three remain: faith, hope, and love. But the greatest of these is love. Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]