Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 12 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now concerning spiritual gifts, brothers and sisters, I do not want you to be uninformed. Alò, konsènan don Lespri Sen yo, frè m yo, mwen pa vle nou enkonsyan de yo.
2 You know that back when you didn't know the Father, you were led astray to mute idols, in whatever way you were led. Nou konnen ke lè nou te payen, nou te mennen egare kote zidòl ki pa t kapab pale yo, nenpòt jan yo ta ka mennen nou.
3 So I want you to know: no one speaking by the Holy Spirit says, "Jesus is cursed," and no one can say, "Jesus is Lord," except by the Holy Spirit. Konsa, mwen fè nou konnen ke pa gen pèsòn k ap pale pa Lespri Bondye a ki di: “Jésus madichonnen”. Ni pèsòn p ap ka di: “Jésus se Senyè a”, eksepte pa Lespri Sen an.
4 Now there are varieties of gifts, but the same Spirit. Alò, gen plizyè kalitie don, men se menm Lespri a.
5 And there are varieties of service, but the same Lord. Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a.
6 Workings vary, but the same Father works all of them in everyone. Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun.
7 Each person is given the manifestation of the Holy Spirit for the common good. Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun.
8 To one the Spirit gives a message of wisdom, to another a message of knowledge, by the same Spirit, Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a.
9 to another faith by the same Spirit, to another gifts of healing by the one Spirit, A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a,
10 to another performing miracles, to another prophecy, to another telling spirits apart, to another kinds of tongues, to another interpretation of tongues. epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo.
11 One and the same Spirit works all these, giving to each individually as he decides. Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
12 For the body is one yet has many parts, and all its many parts form one body—so it is with Christ. Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.
13 For we were all baptized in one Spirit into one body—Jews or Greeks, slaves or free—and all given one Spirit to drink. Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.
14 For the body does not consist of one member but of many. Paske kò a se pa yon sèl manm, men anpil manm.
15 If the foot says, "Since I'm not a hand, I'm not part of the body"—it's still part of the body. Si pye a ta di: “Akoz ke mwen se pa yon men, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa sa ki ta fè l okenn mwens yon pati nan kò a.
16 And if the ear says, "Since I'm not an eye, I'm not part of the body," it's still part of the body. Epi si zòrèy la di: “Mwen pa yon zye, mwen pa yon pati nan kò a,” se pa pou rezon sa a li pa omwen yon pati nan kò a.
17 If the whole body were an eye, where would hearing be? If it were all ear, where would smell be? Si tout kò a te yon zye, kote zòrèy la t ap ye? Si tout kò a te sèl zòrèy, kote nen pou santi t ap ye?
18 But as it is, our Father placed each one of the parts in the body, as he chose. Men koulye a Bondye byen plase manm yo, yo chak nan kò a jis jan Li te vle a.
19 If all were a single member, where would the body be? Si yo tout te yon sèl manm, kote kò a t ap ye?
20 As it is, there are many members, yet one body. Men koulye a gen anpil manm, men yon sèl kò.
21 The eye can't tell the hand, "I don't need you," nor again the head the feet, "I don't need you." Konsa, zye a pa kapab di a men an: “Mwen pa bezwen ou” ni ankò, tèt la a pye yo: “Mwen pa bezwen nou.”
22 On the contrary, the parts of the body that seem to be weaker are indispensable. Okontrè, li pi vrè ke manm kò ki sanble pi fèb yo nesesè.
23 The body's parts we think less honorable, we dress with more honor; and we treat our unpresentable parts with more modesty, Epi manm nan kò yo ke nou estime mwens onorab yo, sou yo nou bay plis onè, e manm ki mwens prezantab nou yo, vin pi prezantab,
24 which our presentable parts don't need. But our Father put the body together, giving greater honor to the lacking part, pandan ke manm pi prezantab nou yo pa bezwen sa. Men Bondye byen ranje kò a pou bay plis onè a manm ki manke onè yo,
25 so that the body has no split, and its parts care for each other alike. jis pou pa vin gen divizyon nan kò a, men pou manm yo kapab gen menm sousi pou youn lòt.
26 If one member suffers, all suffer together; if one member is honored, all rejoice together. Si yon manm soufri, pou tout manm yo soufri avèk li. Si yon manm resevwa onè, pou tout manm yo rejwi avèk li.
27 Now you are the body of Christ and individually members of it. Alò ansanm, nou se kò a Kris la, e nou se chak grenn manm de li.
28 In the church, our Father appointed first apostles, second prophets, third teachers, then miracles, then gifts of healing, helping, administrating, and various tongues. Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo.
29 Are all apostles? Are all prophets? Are all teachers? Do all work miracles? Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non!
30 Do all possess gifts of healing? Do all speak with tongues? Do all interpret? Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non!
31 But pursue the greater gifts. And I'll show you a surpassing way. Men swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]