Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 11 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Be imitators of me, just as I also am of Christ. Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.
2 Now I commend you for remembering me in everything and keeping the traditions as I passed them to you. Alò mwen fè nou konpliman akoz ke nou sonje mwen nan tout bagay, e nou kenbe fèm a tout sa ke m enstwi nou yo, jis jan ke m te livre yo bannou an.
3 Now I want you to know: the head of every man is Christ, the head of woman is man, and the head of Christ is our Father. Men mwen vle nou konprann ke Kris se tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la.
4 Every man who prays or prophesies with his head covered disrespects his head. Tout gason ki gen yon bagay sou tèt li pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li.
5 But every woman who prays or prophesies with her head uncovered disrespects her head—it's the same as having it shaved. Men chak fanm ki kite tèt li dekouvri pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. Paske li vin menm jan avèk yon fanm ki pase razwa nan tèt li.
6 If a woman refuses to cover her head, let her hair be cut off; but since it's shameful for a woman to have her hair cut off or her head shaved, let her cover her head. Paske si yon fanm pa kouvri tèt li, kite li koupe cheve l tou. Men si se yon dezonè pou yon fanm koupe cheve li, oswa pase razwa nan tèt li, kite li kouvri tèt li.
7 A man shouldn't cover his head, since he's the image and glory of our Father; woman is man's glory. Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason.
8 For man did not come from woman, but woman from man. Paske gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason.
9 Neither was man created for the woman, but woman for the man. Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men fanm nan pou koz a gason an.
10 So a woman should have a sign of authority on her head, because of the angels. Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.
11 Nevertheless, in the Lord woman is not independent of man, nor is man independent of woman. Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan.
12 For as woman came from man, so man comes through woman; everything comes from our Father. Paske menm jan ke fanm nan sòti nan gason an, osi gason an gen nesans li atravè fanm nan; men tout bagay sòti nan Bondye.
13 Judge for yourselves: is it fitting for a woman to pray to our Father, head uncovered? Jije nou menm: èske li bon pou yon fanm priye Bondye avèk tèt li dekouvri?
14 Doesn't nature itself teach you that long hair on a man is a disgrace to him, Èske menm lanati li menm pa enstwi nou ke si yon nonm gen cheve long, se yon dezonè pou li,
15 but if a woman has long hair, it is her glory, because her hair is given her as a covering. men si yon fanm gen cheve long, se yon glwa pou li? Paske cheve li te donnen kon yon kouvèti pou li.
16 If anyone is inclined to argue about this, we have no such custom, nor do the churches of our Father. Men si yon moun ta vle diskite kont sa, ni nou menm, ni legliz Bondye yo pa pou gen okenn lòt pratik.
17 In giving this instruction, I don't praise you, because you come together not for better but worse. Men lè mwen bay nou komman sila a, mwen pa fè nou konpliman, paske nou pa reyini ansanm pou sa ki pi bon men pou sa ki pi mal.
18 For first, when you gather as a church, I hear there are divisions among you, and I partly believe it. Paske premyèman, lè nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite.
19 For divisions must even exist among you, so the genuine among you become evident. Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou.
20 So then, when you gather in one place, it isn't the Lord's Supper you eat. Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a.
21 For as you eat, each rushes ahead with his own supper—one goes hungry, another gets drunk. Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou.
22 Don't you have houses for eating and drinking? Or do you despise our Father's church and shame those with nothing? What should I say to you? Should I praise you? I do not praise you for this. Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.
23 For I received from the Lord what I also passed on to you: the Lord Jesus, the night he was betrayed, took bread, Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an.
24 after giving thanks, he broke it and said, "This is my body, for you; do this to remember me." Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.”
25 Likewise, after supper, he also took the cup, saying, "This cup is the new covenant in my blood. Do this, whenever you drink it, to remember me." Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.”
26 Every time you eat this bread and drink this cup, you announce the Lord's death until he comes. Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a jiskaske Li vini.
27 So whoever eats the bread or drinks the cup of the Lord unworthily is guilty of the Lord's body and blood. Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va koupab de kò ak san Senyè a.
28 Let a person test himself, then eat the bread and drink the cup. Men yon moun dwe egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la.
29 For anyone who eats and drinks without discerning the body eats and drinks judgment on himself. Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a.
30 That is why many among you are weak and sick, and a number have fallen asleep. Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk mouri.
31 But if we judged ourselves rightly, we would not be judged. Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije.
32 When the Lord judges us, he disciplines us, so we won't be condemned with the world. Men lè nou vin jije, nou korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan.
33 So then, my brothers and sisters, when you come together to eat, wait for one another. Konsa, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, se pou nou tann youn lòt.
34 If anyone is hungry, let him eat at home, so your meeting together won't bring judgment. I'll settle the rest when I come. Si yon moun grangou, ke li manje lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]