Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 10 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Brothers and sisters, I want you to know: our ancestors were all under the cloud, all passed through the sea. Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a.
2 They were all baptized into Moses in the cloud and in the sea. Epi yo tout te batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a;
3 They all ate the same spiritual food, e yo tout te manje menm manje lespri a.
4 and all drank the same spiritual drink, for they drank from the spiritual rock following them—that rock was Christ. Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la.
5 But our Father wasn't pleased with most of them, for they were struck down in the wilderness. Sepandan, avèk pifò nan yo, Bondye pa t kontan; akoz sa yo te mouri nan dezè a.
6 Now these things became our examples, so we wouldn't crave evil things as they craved. Alò, bagay sa yo te rive kòm yon egzanp pou nou, pou nou pa gen move lanvi jan yo menm te gen move lanvi a.
7 Don't become idolaters like some of them were; as it is written: "the people sat to eat and drink, then rose up to play." Pa vin moun idolat tankou kèk nan yo te ye a, paske sa ekri: “Pèp la te chita pou manje ak bwè, e te kanpe pou jwe.”
8 Let's not sin sexually as some of them did—23,000 died in a single day. Ni pou nou pa kite nou aji avèk imoralite, jan kèk nan yo te fè, e venn-twa-mil te tonbe nan yon sèl jou.
9 Let us not test Christ, as some of them did, and were destroyed by the snakes. Ni nou pa pou tante Senyè a, jankèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa sèpan yo.
10 And do not grumble, as some of them grumbled, and were destroyed by the destroyer. Ni plenyen tankou kèk nan yo te fè a, e yo te detwi pa destriktè a.
11 These things happened to them as examples, written as a warning for us, on whom the ends of the ages have come. Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt.
12 So then, let anyone who thinks he stands take care that he does not fall. Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.
13 No temptation has seized you except what is common to mankind. And our Father is faithful: he will not let you be tempted beyond what you can bear, but with the temptation will also provide a way out, so you can endure it. Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
14 So, loved ones, flee idol worship. Konsa, byeneme m yo, sove kite idolatri.
15 I speak as to sensible people; judge for yourselves what I say. Mwen pale, konsi, se ak moun saj. Byen jije sa ke mwen di a.
16 The cup of blessing we bless—isn't it sharing in the blood of Christ? The bread we break—isn't it sharing in the body of Christ? Lè nou beni tas beni a, èske nou pa pataje san Kris la? Lè nou kase pen an, èske nou pa pataje nan kò Kris la?
17 Since there's one bread, we many are one body, for we all share the one bread. Paske gen yon sèl pen, nou menm ki anpil la se yon sèl kò; paske nou tout pataje yon sèl pen.
18 Consider the people of Israel: are not those who eat the sacrifices partners in the altar? Gade nasyon Israël la selon lachè a. Èske se pa tout sila ki manje sakrifis ki pataje sou lotèl yo?
19 What am I saying, then—that idol-sacrificed food is anything, or an idol is anything? Kisa mwen vle di konsa? Ke yon bagay ki te sakrifye a zidòl se yon bagay, oswa ke yon zidòl se yon bagay?
20 No, but what those who don't know the Father sacrifice, they sacrifice to demons, not our Father; I don't want you sharing with demons. Non, men mwen di bagay yo ke pèp payen yo sèvi nan sakrifis yo, yo sakrifye bay dyab yo, e pa a Bondye; epi mwen pa vle nou devni moun k ap pataje bagay bay dyab.
21 You can't drink the cup of the Lord and the cup of demons; you can't share the Lord's table and the table of demons. Nou pa kapab bwè tas Senyè a ak tas a dyab yo. Nou pa kapab pataje tab a Senyè a, ak tab a dyab yo.
22 Or are we trying to provoke the Lord to jealousy? Are we stronger than he is? Oubyen èske nou pouse Senyè a a jalouzi? Èske nou pi fò pase Li?
23 "Everything is allowed"—but not everything helps. "Everything is allowed"—but not everything builds up. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye.
24 Let no one seek his own good, but the good of his neighbor. Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou.
25 Eat whatever is sold in the meat market without asking any questions for conscience's sake, Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon.
26 for "the earth is our Father's, and everything in it." “Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.”
27 If an unbeliever invites you to a meal and you want to go, eat whatever is served, without asking questions for conscience's sake. Si youn nan sila ki pa kwè yo envite nou, e nou vle ale manje nenpòt bagay ke yo mete devan nou, avèk bon konsyans e san poze kesyon.
28 But if someone tells you, "This was offered in sacrifice," don't eat it, for the sake of the one who told you, and of conscience. Men si yon moun di nou: “Vyann sa a te sakrifye bay zidòl,” pa manje l, pou kòz a sila ki te enfòme nou an, ak pou bon konsyans. Paske “Latè se pou Senyè, ak tout ki ranpli l.”
29 I mean not your own conscience, but the other's. For why should another's conscience judge my freedom? Mwen pa vle di pwòp konsyans pa nou, men konsyans pa li. Paske poukisa libète mwen vin jije pa konsyans a yon lòt?
30 If I eat with thankfulness, why am I denounced because of something for which I give thanks? Si mwen patisipe avèk remèsiman, poukisa libète mwen mal jije pou sa ke mwen bay remèsiman?
31 So whether you eat, drink, or do anything, do it all for our Father's glory. Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.
32 Give no offense to Jews or to Greeks or to the church of our Father, Pa ofanse ni Jwif, ni Grèk, ni legliz Bondye a.
33 so I try to please everyone in everything—not seeking my own good, but the good of the many, that they may be saved. Menm jan ke mwen osi fè tout moun plezi nan tout bagay, pa pou chache pwòp enterè pa m, men enterè a anpil moun, jis pou yo kapab sove.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]