Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Corinthians 14 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Pursue love, and eagerly desire the spiritual gifts, but especially that you may prophesy. Pouswiv lanmou, men dezire ak tout kè nou, don Lespri yo, sitou don pou nou kapab pwofetize a.
2 Whoever speaks in a tongue speaks not to people but to our Father—no one understands him—he speaks mysteries in the Spirit. Paske sila ki pale an lang yo pa pale ak moun, men ak Bondye; paske pèsòn pa konprann, men nan lespri li, li pale mistè yo.
3 But the one who prophesies speaks to people for their building up, encouragement, and comfort. Men yon moun ki pwofetize pale ak moun pou fè yo konprann plis, pou egzòte yo, e pou konsole yo.
4 The one who speaks in a tongue builds himself up; the one who prophesies builds up the church. Sila ki pale an lang lan, edifye tèt li, men sila ki pwofetize a edifye legliz la.
5 I want you all to speak in tongues, but rather that you prophesy. Whoever prophesies is greater than whoever speaks in tongues, unless he interprets, so the church is built up. Alò, mwen ta kontan si nou tout te pale an lang men menm plis, ke nou tout ta pwofetize. Paske pi gran an se sila ki pwofetize a, pase sila ki pale an lang lan, amwenske li entèprete, pou legliz la kapab vin edifye.
6 Now, brothers and sisters, if I come to you speaking in tongues, what good am I to you unless I speak revelation, knowledge, prophecy, or teaching? Men alò, frè m yo, si mwen vini a nou menm e m ap pale an lang, ki pwofi mwen ye pou nou si omwen mwen pa pale ak nou selon revelasyon, konesans, pwofesi oswa enstriksyon?
7 Yet lifeless things making sound—flute or harp—if notes aren't distinct, how will anyone know what's played? Paske menm bagay ki pa gen lavi nan yo, tankou flit, oswa ap, lè yo fè yon son, si li pa yon son ki klè, kijan nou ka fè konnen si sa k ap jwe a se flit la, oswa ap la?
8 And if the trumpet sounds an unclear call, who will prepare for battle? Paske si twonpèt la pwodwi yon son ki pa klè, kijan yon moun va prepare tèt li pou batay la?
9 So with you: unless your tongue speaks a clear word, how will anyone know what's said? For you'll just be speaking into the air. Donk nou menm tou, sof ke nou pale an lang pawòl ki klè, kijan yo va konnen sa ki pale a? Paske si li pa konsa, se konsi, nou pale pawòl anlè.
10 So many kinds of language exist in the world, no doubt; none is meaningless. Genyen, petèt, anpil kalite lang nan mond lan, e okenn pa san konprann.
11 So if I don't know the sound's meaning, I'll be a foreigner to the speaker, and the speaker a foreigner to me. Si, alò, mwen pa konprann lang lan, a sila ki pale li a, mwen va tankou yon sovaj, e sila ki pale a va yon sovaj pou mwen.
12 So with you: since you are eager for spiritual gifts, seek to excel at strengthening the church. Alò, nou menm osi, paske nou gen zèl pou don Lespri yo, toujou chèche ranpli ak yo pou edifikasyon legliz la.
13 Therefore, the one who speaks in a tongue should pray that he may interpret it. Konsa, kite sila ki pale an lang lan priye pou li kapab osi entèprete li.
14 If I pray in a tongue, my spirit prays but my mind is unproductive. Paske si mwen priye nan yon lang, lespri mwen priye, men entèlijans mwen rete san fwi.
15 What then should I do? I will pray with my spirit, and pray with my mind too; I will sing praise with my spirit, and sing praise with my mind too. Ki konklizyon alò? Ke mwen va priye avèk lespri a, e mwen va priye avèk entèlijans la osi. Mwen va chante avèk lespri a, e mwen va chante avèk entèlijans la osi.
16 Otherwise, if you bless in the spirit, how will the outsider sitting there say "Amen" to your thanksgiving, since he doesn't know what you're saying? Otreman, si nou beni nan lespri a sèlman, kijan sila ki okipe plas moun ki san don yo va di “Amen” lè nou bay remèsiman, paske li menm, li pa konnen sa n ap di a?
17 You may be giving thanks well enough, but the other person is not built up. Paske nou ap bay remèsiman ase byen, men lòt moun nan pa edifye.
18 I thank our Father that I speak in tongues more than all of you. Mwen remèsye Bondye m, mwen pale an lang plis ke nou tout.
19 But in church I'd rather speak five words with my mind, to teach others too, than 10,000 words in a tongue. Sepandan, nan legliz la mwen pito pale senk mo avèk entèlijans mwen, pou m kapab enstwi lòt yo osi, olye di-mil mo an lang.
20 Brothers and sisters, don't think like children. Be infants in evil, but mature in thinking. Frè m yo pa fè tankou timoun nan jan nou reflechi. Nan sa ki mal la rete inosan tankou tibebe, men nan jan nou panse, reflechi tankou granmoun.
21 The Law says: "I will speak to this people through strange tongues and foreign lips, and even then they will not listen to me," says our Father. Nan Lalwa a, li ekri: “Pa lèzòm ak lang etranje yo, e pa bouch etranje yo mwen va pale a pèp sila a, e malgre sa, yo p ap koute Mwen,” di Senyè a.
22 So tongues are a sign not for believers but unbelievers; prophecy is a sign not for unbelievers but believers. Kidonk, lang yo se pou yon sign, pa pou sila ki kwè yo, men pou enkwayan yo; men pwofetize se yon sign, pa pou enkwayan yo, men pou sila ki kwè yo.
23 So if the whole church meets and all speak in tongues, and outsiders or unbelievers enter, won't they say you've lost your minds? Donk, si tout legliz la reyini ansanm e yo tout pale an lang, e moun ki san don oubyen enkwayan yo antre, èske yo p ap di ke nou fou?
24 But if all prophesy, and an unbeliever or outsider enters, he is convicted by all, examined by all, Men si nou tout ap pwofetize, e yon enkwayan oubyen yon moun ki san don antre, l ap vin konvenk pa tout bagay. Konsa, li va rele pou vin rann kont de tout bagay.
25 the secrets of his heart are exposed; so he falls on his face and worships our Father, announcing that our Father is truly among you. Sekrè a kè li vin devwale, e konsa li va tonbe sou fas li pou adore Bondye e deklare ke Bondye an verite pami nou.
26 So what, brothers and sisters? When you gather, each has a hymn, a teaching, a revelation, a tongue, or an interpretation. Let all of it be done for building up. Alò ki rezilta frè m yo? Lè nou reyini, chak moun gen yon sòm, gen yon enstriksyon, gen yon revelasyon, gen yon lang, gen yon entèpretasyon. Ke tout bagay fèt pou edifikasyon yon lòt.
27 If anyone speaks in a tongue, two or at most three, each in turn, and one should interpret. Si yon moun pale an lang, li ta dwe pa plis ke de moun, o menm twa. Fòk li an lòd, youn apre lòt, e yon moun dweentèprete.
28 If no interpreter is present, let him keep silent in church, speaking only to himself and to our Father. Men si pa gen entèprèt, li dwe rete an silans nan legliz la, e kite li pale ak tèt li e ak Bondye.
29 Let two or three prophets speak, and let the others weigh carefully what is said. Kite de oubyen twa pwofèt pale, e kite lòt yo jije sa.
30 And if a revelation comes to someone else sitting there, the first speaker should stop. Men si yon revelasyon vin fèt a yon moun ki chita, premye a dwe fè silans.
31 For you can all prophesy one by one, so that everyone may learn and everyone be encouraged, Paske nou tout kapab pwofetize youn apre lòt, pou nou tout kapab konprann e nou tout kapab jwenn egzòtasyon.
32 and the spirits of prophets are subject to the prophets. Konsa, lespri a pwofèt yo se sijè a pwofèt yo.
33 For our Father is not a God of disorder but of peace, as in all the churches of the saints. Paske Bondye se pa yon Bondye ki mennen konfizyon, men lapè, tankou nan tout legliz a sen yo.
34 Women should stay quiet in the churches; they are not permitted to speak, but must submit, as the Law also says. Ke fanm yo rete an silans nan legliz la; paske yo pa pèmèt pou yo pale, men kite yo vin anba lòd, jan Lalwa anplis konn di a.
35 If they want to learn anything, let them ask their own husbands at home; it's shameful for a woman to speak in church. Si yo dezire aprann yon bagay, kite yo mande pwòp mari yo lakay yo; paske se pa pwòp pou yon fanm pale nan legliz la.
36 Or did our Father's word start with you? Or did it reach only you? Ki sa a? Èske se nan nou menm pawòl Bondye a te sòti premyèman? Oubyen èske li vini a nou menm sèlman?
37 Anyone who thinks himself a prophet or spiritual must recognize that what I write to you is the Lord's command. Si yon moun panse ke li se yon pwofèt, oswa plen lespri, kite li rekonèt ke bagay ke mwen ekri a nou menm yo se kòmandman a Senyè a.
38 But if anyone ignores this, he himself will be ignored. Men si yon moun pa rekonèt sa, li menm, osi li p ap rekonèt.
39 So then, my brothers and sisters, be eager to prophesy, and do not forbid speaking in tongues. Konsa, frè m yo Se pou nou gen yon dezi sensè pou pwofetize, e pa anpeche moun pale an lang.
40 But everything should be done in a fitting and orderly way. Men tout bagay dwe fèt byen pwòp ak nan lòd.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]