Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ruth 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then her mother-in-law Naomi said, "My daughter, shouldn't I seek a home for you, so it goes well for you? Alò Naomi, bèlmè li a te di l: “Fi mwen, èske m pa dwe chache sekirite pou ou, pou sa kapab ale byen pou ou?
2 Isn't Boaz, whose young women you were with, our relative? Tonight he winnows barley at the threshing floor. Alò èske Boaz avèk sèvant li kote ou te ye yo, èske se pa pwòch fanmi pa nou? Gade byen, l ap vannen lòj nan glasi a aswè a.
3 Wash, perfume yourself, put on your cloak, and go down to the threshing floor. Don't reveal yourself to the man until he finishes eating and drinking. Pou sa, lave kò ou, onksyone ou e mete pi bèl rad ou yo pou desann nan glasi vannen an. Men pa fè nonm nan konnen kilès ou ye jiskaske li fin manje ak bwè.
4 When he lies down, note the place; go uncover his feet and lie down—he'll tell you what to do." Li va rive ke lè li fin kouche, ke ou va remake byen kote li kouche a, epi ou va ale dekouvri pye li e kouche la. Konsa li va di ou kisa pou w fè.”
5 And Ruth said to her, "All that you say I will do." Epi li te di li: “Tout sa ou di m fè, mwen va fè l.”
6 So she went down to the threshing floor and did everything her mother-in-law had told her. Konsa, li te desann kote glasi vannen an pou te fè selon tout sa ke bèlmè li te kòmande li yo.
7 Boaz ate, drank, and felt good, then lay down at the end of the grain heap. She came secretly, uncovered his feet, and lay down. Lè Boaz te fin manje ak bwè, kè l te kontan. Konsa li te ale kouche nan pwent pil lòj la, e Ruth te vin kote li an sekrè. Konsa, li te dekouvri pye li pou te kouche la.
8 At midnight the man was startled, turned over, and there lay a woman at his feet! Li te vin rive nan mitan nwit lan ke nonm nan te sibitman sanse yon bagay, epi lè l panche devan an, men yon fanm te kouche la nan pye li.
9 "Who are you?" he asked. "I am Ruth, your servant," she said. "Spread your cloak's corner over your servant, for you are a redeemer." Li te di: “Kilès ou ye?” Li te reponn: “Mwen se Ruth, sèvant ou a. Konsa, tann kouvèti ou sou sèvant ou a, paske ou se pwòch fanmi pa m.”
10 He said, "Blessed are you by our Father, my daughter. This last kindness is better than the first, since you didn't chase young men, poor or rich. Epi li te di: “Ke ou kapab beni pa SENYÈ a, fi mwen. Ou te montre dènye favè ou a pi bèl pase premye a! Konsa, ke ou pa t kouri dèyè jennonm yo, kit rich, kit pòv.
11 Now, my daughter, don't be afraid. I'll do all you ask, for my whole town knows you're a worthy woman. Alò fi mwen, pa pè; mwen va fè pou ou nenpòt sa ke ou mande, paske tout pèp nan vil la konnen ke ou se yon fanm plen kalite.
12 Now it is true that I am a redeemer, yet there is a redeemer nearer than I. Alò, se vrè ke mwen se yon pwòch fanmi. Men gen yon fanmi pi pre pase m.
13 Stay tonight. In the morning, if he'll redeem you—good, let him redeem. If not, as our Father lives, I will redeem you. Lie down until morning." Rete pou nwit lan e lè maten rive, si li va peye ranson ou, trè byen; kite li peye ranson ou. Men si li pa vle peye ranson ou, alò, kon SENYÈ a viv la, mwen va peye ranson ou! Kouche la jis rive nan maten.”
14 She lay at his feet until morning, rose before anyone was recognizable, for he said, "No one may know a woman came to the threshing floor." Konsa, li te kouche nan pye li jis rive nan maten e te leve avan youn ta kab rekonèt lòt. Konsa, Boaz te di: “Pa kite li vin konnen ke fanm nan te vini nan glasi vannen an.”
15 He said, "Bring the shawl you're wearing; hold it out." She held it out. He measured six portions of barley, put it on her, and went into the city. Ankò li te di: “Ban mwen manto ki sou ou a e kenbe li.” Konsa, li te kenbe li e li te mezire sis mezi nan lòj la e te poze l sou li. Epi li te lantre nan vil la.
16 When Ruth came to her mother-in-law, Naomi asked, "How did it go, my daughter?" She told her all the man had done for her. Lè li te rive vè bèlmè li, li te di: “Kijan sa te sòti, fi mwen?” Epi li te di li tout sa ke nonm nan te fè pou li.
17 She said, "He gave me these six measures of barley, saying, 'Don't return to your mother-in-law empty-handed.'" Li te di: “Men sis mezi lòj li te ban mwen yo, paske li te di: ‘Pa kite men a bèlmè ou vid.’”
18 Naomi said, "Wait, my daughter, until you know the outcome, for the man won't rest until he settles it today." Epi li te di: “Tann, fi mwen, jiskaske ou konnen kijan afè sa vin fini, paske nonm nan p ap pran repo jiskaske li fin regle li jodi a menm.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]