Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ruth 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Boaz went up to the town gate and sat. When the family redeemer he'd mentioned came by, Boaz said, "Come sit here, friend." So he came and sat. Alò Boaz te monte nan pòtay la e te chita la. Konsa, fanmi pwòch a sila Boaz te pale a t ap pase. Epi li te di: “Vire akote, zanmi m; vin chita la!” Epi li te vire akote e te chita.
2 Then he took ten of the town elders and said, "Sit here." So they sat down. Li te pran dizòm nan ansyen lavil yo, epi te di: “Vin chita isit la.” Konsa, yo te vin chita.
3 He told the family redeemer, "Naomi, back from Moab's country, is selling the parcel of land that belonged to our brother Elimelech. Epi li te di a fanmi pwòch la: “Naomi, ki te vin retounen soti nan peyi Moab la, ap oblije vann mòso tè ki te pou frè nou an, Élimélec.
4 So I decided to tell you: buy it before those sitting here and my people's elders. If you'll redeem it, redeem it. If not, tell me so I know, since no one but you can redeem, and I'm after you." He said, "I will redeem it." Konsa, mwen te vle fè ou konnen, epi di: “Achte li devan sila ki chita yo ak devan ansyen pèp mwen yo. Si ou va peye ranson li, peye ranson li; men si ou p ap fè sa, fè m konnen; paske nanpwen pèsòn ke ou menm pou peye ranson li, e se mwen aprè ou.” Konsa li te di: “Mwen va peye ranson li.”
5 Boaz said, "The day you buy the field from Naomi, you also acquire Ruth the Moabite, the dead man's widow, to raise up his name on his inheritance." Epi Boaz te di: “Nan jou ke ou achte chan an nan men Naomi a, fòk osi ou pran Ruth, Moabit la, vèv a mò a, pou ou kapab fè leve non a sila ki mouri an sou eritaj pa li.”
6 Then the redeemer said, "I can't redeem it myself, or I'd ruin my own inheritance. You take my right of redemption; I cannot redeem it." Pwòch fanmi an te di: “Mwen pa kapab peye ranson li pou kont mwen; paske mwen ta mete pwòp eritaj mwen an danje. Peye ranson li pou kont ou; ou kapab genyen dwa ranson pa m nan. Paske, mwen pa kapab peye ranson li.”
7 Earlier in Israel, to make any deal for redeeming or exchanging property binding, a man would take off his sandal and give it to the other. This confirmed agreements in Israel. Alò sa se te koutim lontan an Israël pou ranson ak echanj tè pou vin an lòd avèk nenpòt afè. Yon nonm ta retire sapat li, te lonje li bay yon lòt. Se konsa pou te fè atestasyon an Israël.
8 So when the family redeemer said to Boaz, "Buy it for yourself," he took off his sandal. Konsa, pwòch fanmi an te di Boaz: “Achte li pou kont ou.” Epi li te retire sandal li.
9 Then Boaz told the elders and all the people, "You are witnesses today that I have bought from Naomi all that belonged to Elimelech, Chilion, and Mahlon. Alò, Boaz te di a lansyen yo ak tout pèp la: “Nou se temwen jodi a ke mwen te achte soti nan men Naomi tout sa ki te pou Élimélec yo ak tout sa ki te pou Kiljon avèk Machlon yo.
10 I have also taken Ruth the Moabite, Mahlon's widow, as my wife, to preserve the dead man's name with his inheritance, so his name won't vanish from his family or his hometown's records. You are witnesses today." Anplis, mwen te pran Ruth, Moabit la, vèv a Machlon an, kon madanm mwen, jis pou non a mò a kapab leve sou eritaj pa li. Pou non a mò a pa vin dekoupe soti nan frè li yo, ni nan rejis tribinal nesans li a. Nou se temwen jodi a.”
11 Then all the people at the gate and the elders said, "We are witnesses. May our Father make the woman entering your house like Rachel and Leah, who together built the house of Israel. Prosper in Ephrathah and be famous in Bethlehem. Tout pèp la te la nan tribinal la ak lansyen yo te di: “Nou se temwen Ke SENYÈ a kapab fè fanm k ap antre lakay ou a tankou Rachel avèk Léa, tou de ki te bati lakay Israël la. Epi ke ou va reyisi richès ou nan Éphrata e vin rekonèt pa tout moun nan Bethléhem nan.
12 May your house be like Perez's, whom Tamar bore to Judah, through the children our Father gives you by this young woman." Anplis, ke lakay pa w kapab vin tankou lakay Pérets, ke Tamar te fè pou Juda, ak desandan ke SENYÈ a va bannou pa jenn fanm sila a.”
13 So Boaz took Ruth as his wife. He slept with her, and our Father let her conceive, and she gave birth to a son. Konsa Boaz te pran Ruth. Li te devni madanm li, epi li te antre ladann. Konsa SENYÈ a te fè l kapab vin ansent e li te fè yon fis.
14 Then the women said to Naomi, "Praise our Father, who has not left you today without a family redeemer—may his name become famous in Israel! Alò fanm yo te di a Naomi: “Beni se SENYÈ a ki pa t kite ou san redanmtè jodi a. Ke non li kapab vin rekonèt toupatou an Israël!
15 He will renew your life and sustain your old age, for your daughter-in-law who loves you, worth more to you than seven sons, has borne him." Anplis ke li kapab devni pou ou yon redanmtè lavi ak yon soutyen pou vyeyès ou. Anplis, pou bèlfi ou, ki renmen ou e ki pran swen ou pi byen pase sèt fis ki te bay li nesans.
16 Then Naomi took the child, held him on her lap, and cared for him. Alò, Naomi te pran pitit la, te fè l kouche sou janm li yo pou te pran swen li.”
17 The neighbor women named him: "A son is born to Naomi!" They called him Obed, father of Jesse, father of David. Fanm vwazinaj la te bay li non an, epi te di: “Yon fis te ne pa Naomi!” Konsa, yo te rele li Obed. Li se papa a Jessé, papa a David.
18 Now these are the generations of Perez: Perez fathered Hezron, Alò, sila yo se jenerasyon a Pérets yo: Pérets te fè Hetsron,
19 Hezron fathered Ram, Ram fathered Amminadab, Hetsron te fè Ram; Ram te fè Amminadab;
20 Amminadab fathered Nahshon, Nahshon fathered Salmon, Amminadab te fè Nachschon; Nachschon te fè Salmon;
21 Salmon fathered Boaz, Boaz fathered Obed, Salmon te fè Boaz; Boaz te fè Obed;
22 Obed fathered Jesse, and Jesse fathered David. Obed te fè Jessé; epi, Jessé te fè David.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]