Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 There was a man from Ramathaim-zophim in the hill country of Ephraim named Elkanah son of Jeroham, son of Elihu, son of Tohu, son of Zuph, an Ephraimite. Alò te genyen yon sèten mesye ki te soti nan Ramathaïm-Tsophim nan peyi ti kolin Éphraïm yo, non li se te Elkana, fis a Jeroham la, fis a Élihu a, fis a Thohu, fis a Tsuph, Efratyen an.
2 He had two wives, Hannah and Peninnah. Peninnah had children, but Hannah had none. Li te gen de madanm: youn te rele Anne e lòt la te Peninna. Peninna te fè pitit, men Anne pa t fè pitit.
3 Each year he went up from his town to worship and sacrifice to the Father of heaven's armies at Shiloh, where Eli's two sons, Hophni and Phinehas, were priests of our Father. Alò, mesye sa a te konn monte soti nan vil li a chak ane pou adore ak fè sakrifis a SENYÈ dèzame yo nan Silo. Epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te prèt SENYÈ a nan kote sa a.
4 When Elkanah sacrificed, he gave portions to his wife Peninnah and all her sons and daughters. Lè jou a te vini pou Elkana te fè sakrifis yo, li ta bay yon pòsyon a Peninna, madanm li an e a tout fis li yo avèk fi li yo.
5 But to Hannah he gave a double portion, because he loved her, though our Father had closed her womb. Men a Anne, li ta bay yon pòsyon doub, paske li te renmen Anne; men SENYÈ a te fèmen vant li.
6 Because our Father had closed her womb, her rival kept provoking her bitterly to make her miserable. Men lòt madanm nan avèk kè anmè te konn chache pwovoke l pou fè l fache akoz SENYÈ a te fèmen vant li.
7 Year after year, whenever Hannah went up to the house of our Father, Peninnah provoked her, so she wept and would not eat. Li te rive ane aprè ane, otan ke li te monte vè lakay SENYÈ a, li ta pwovoke li. Konsa, li te kriye e li te vin refize manje.
8 Her husband Elkanah asked her, "Hannah, why are you crying? Why won't you eat? Why is your heart sad? Am I not more to you than ten sons?" Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”
9 After they ate and drank at Shiloh, Hannah rose. Eli the priest sat on the seat by the doorpost of our Father's temple. Konsa, Anne te leve lè l te fin manje ak bwè nan Silo. Alò Éli, prèt la, te chita sou chèz akote poto pòt tanp SENYÈ a.
10 Deeply distressed, she prayed to our Father and wept bitterly. Anne te twouble anpil. Li te priye a SENYÈ a e te kriye byen anmè.
11 She vowed, "Father of heaven's armies, if you will only see your servant's suffering, remember me, not forget your servant, and give her a son, I will give him to our Father all his life, and no razor will touch his head." Li te fè yon ve; li te di: “O SENYÈ dèzame, si Ou va vrèman gade afliksyon sèvant Ou an e sonje mwen an, sonje mwen e pa bliye sèvant Ou an, men konsa Ou va bay sèvant Ou an yon fis, epi mwen va bay li a SENYÈ a pou tout jou lavi li yo, e yon razwa p ap janm touche tèt li.”
12 As she kept on praying before our Father, Eli watched her mouth. Alò, li te vin rive ke pandan li t ap priye devan SENYÈ a, Éli t ap gade bouch li.
13 Hannah was praying in her heart; her lips moved but no voice was heard. So Eli thought she was drunk. Selon Anne, li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou.
14 He said to her, "How long will you stay drunk? Put away your wine." Alò Éli te di li: “Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.”
15 "No, my lord," Hannah answered. "I'm a woman deeply troubled in spirit. I've drunk no wine or strong drink but have poured out my soul before our Father. Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a.
16 Don't take your servant for a worthless woman; I've been praying here from my deep anguish and grief." Pa konsidere sèvant ou kòm yon fanm san valè; paske jis koulye a, mwen te pale akoz gran doulè avèk chagren mwen.”
17 Eli answered, "Go in peace, and may the Father of Israel grant what you asked of him." Alò, Éli te reponn e te di: “Ale anpè. Epi ke Bondye Israël la kapab ba ou sa ou mande L la.”
18 She said, "May your servant find favor in your eyes." Then the woman went her way and ate, her face no longer downcast. Anne te reponn: “Ke sèvant ou twouve favè nan zye ou.” Konsa, fanm nan te al fè wout li. Li te vin manje e figi li pa t tris ankò.
19 Early next morning they rose, worshiped before our Father, and returned home to Ramah. Elkanah was intimate with Hannah his wife, and our Father remembered her. Alò, yo te leve granmmaten pou te adore SENYÈ a, epi te retounen lakay yo nan Rama. Konsa, Elkana te antre an relasyon avèk Anne, madanm li an, e SENYÈ a te sonje li.
20 In time Hannah conceived and bore a son. She named him Samuel, saying, "Because I asked our Father for him." Li te vin rive nan pwòp lè li, apre Anne te vin ansent lan, ke li te bay nesans a yon gason. Epi li te bay li non Samuel. Li te di: “Akòz mwen te mande SENYÈ a pou li.”
21 When Elkanah and all his household went up to offer the yearly sacrifice to our Father and fulfill his vow, Nom nan, Elkana te monte avèk tout lakay li pou fè ofrann sakrifis bay SENYÈ a ak pou peye ve li a.
22 Hannah didn't go. She told her husband, "When the boy is weaned, I'll bring him to appear before our Father, and he'll stay there forever." Men Anne pa t monte, paske li te di a mari li: “Mwen p ap monte jiskaske pitit la sevre. Epi mwen va pote li pou l kapab parèt devan SENYÈ a pou l rete la nèt.”
23 "Do what seems best to you," her husband Elkanah said. "Stay until you have weaned him; only may our Father keep his word." So Hannah stayed and nursed her son until she weaned him. Elkana, mari li te di li: “Fè sa ki sanble bon a ou menm. Rete jiskaske ou sevre li; sèlman ke SENYÈ a kapab acheve pawòl li.” Konsa, fanm nan te rete pran swen pitit la jiskaske li te vin sevre.
24 After weaning him, she took the boy up with her, with a three-year-old bull, about twenty-five pounds of flour, and a jug of wine, and brought him to the house of our Father at Shiloh; and the child was young. Alò, lè li te fin sevre li, li te pran li monte avè l ansanm avèk yon towo twazan, yon efa farin, ak yon boutèy diven. Li te mennen li lakay a SENYÈ a nan Silo, malgre pitit la te tèlman piti.
25 They slaughtered the bull and brought the boy to Eli. Konsa, yo te touye towo a e te mennen gason an bay Éli.
26 Hannah said, "Oh, my lord, as surely as you live, my lord, I am the woman who stood here beside you, praying to our Father. Anne te di: “O mèt mwen! Tankou nanm ou viv la, mèt mwen, mwen se fanm ki te kanpe la bò kote ou a, ki t ap priye a SENYÈ a.
27 I prayed for this child, and our Father has granted me what I asked of him. Se pou gason sila a ke m te priye a, e SENYÈ a te ban mwen demand ke m te fè Li a.
28 So I give him to our Father. His whole life he is given to him." And he worshiped our Father there. Konsa, mwen te konsakre li bay SENYÈ a. Pou tout tan ke li ta viv li konsakre a SENYÈ a.” Konsa, Samuel te adore SENYÈ a la sou plas.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]