Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Hannah prayed: "My heart exults in my Father; my horn is high in my Father. My mouth speaks boldly against my enemies, for I rejoice in your rescue. Anne te priye e te di: “Kè mwen vin leve wo nèt nan SENYÈ a! Kòn mwen leve wo nan SENYÈ a. Bouch mwen pale kouraj kont lènmi mwen yo, akoz mwen rejwi nan delivrans Ou.
2 "There is none holy like our Father; there is none besides you; there is no rock like our Father. Nanpwen pèsòn ki sen tankou SENYÈ a. Anverite, nanpwen lòt sof ke Ou menm, ni nanpwen okenn wòch tankou Bondye pa nou an.
3 "Talk no more so very proudly; let no arrogance come from your mouth, for our Father is our Father of knowledge, and by him deeds are weighed. “Pa pale kè anflè ankò, pa kite awogans sòti nan bouch ou. Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans, e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.
4 The bows of the mighty are shattered, but those who stumbled are armed with strength. “Banza a pwisan yo vin fann, kraze nèt, men fèb yo vin gen fòs.
5 Those who were full hire themselves out for bread, but those who were hungry hunger no more. The barren woman has borne seven, but she who had many children is forlorn. Sila ki te gen vant plen yo vin vann tèt yo pou achte pen, men sila ki te grangou vin satisfè. Menm sila ki te esteril la fè sèt pitit, men Sila ki te fè anpil pitit la vin sispann.
6 Our Father puts to death and brings to life; he brings down to the grave and raises up. “Se SENYÈ a ki detwi e ki fè viv. SENYÈ a rale desann nan sejou lanmò yo, e Li leve wo.
7 Our Father makes poor and makes rich; he brings low and he lifts up. SENYÈ a fè pòv ak rich. Li abese e anplis, Li leve.
8 He raises the poor from the dust and lifts the needy from the ash heap, to seat them with princes and give them a throne of honor. For the pillars of the earth belong to our Father, and on them he has set the world. Li leve malere sòti nan pousyè. Li leve sila ki nan bezwen an soti nan pil sann nan, pou yo chita avèk prens yo, e jwenn yon chèz donè kòm eritaj. Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye. Li te plase lemond sou yo.
9 "He guards the feet of his faithful ones, but the wicked are silenced in darkness; for not by strength does anyone prevail. L ap pwoteje pye a sen Li yo; men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la; paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.
10 Those who oppose our Father will be shattered; he will thunder against them from heaven. Our Father will judge the ends of the earth; he will give strength to his king and lift high the horn of his anointed." Sila ki fè lènmi avèk SENYÈ a va kraze nèt. Kont yo Li va gwonde depi nan syèl yo. SENYÈ a ki va jije, jis rive nan tout ekstremite latè yo. Konsa, Li va bay kouraj a wa Li; Li va fè leve wo kòn onksyon pa Li a.”
11 Then Elkanah went home to Ramah, but the boy served our Father before Eli the priest. Elkana te ale lakay li Rama. Men gason an te fè sèvis SENYÈ a devan Éli, prèt la.
12 Now the sons of Eli were worthless men; they did not know our Father. Alò, fis a Éli yo te vagabon. Yo pa t konnen SENYÈ a,
13 This was the priests' custom with the people: when anyone sacrificed, the priest's servant came while the meat boiled, a three-pronged fork in hand. ni koutim prèt yo avèk pèp pa yo. Lè yon moun t ap ofri yon sakrifis, sèvitè a prèt la te konn vini pandan vyann nan t ap bouyi avèk yon fouch twa pwent nan men l.
14 He'd jab it into the pot, kettle, cauldron, or pan; whatever the fork pulled up, the priest kept for himself. So they treated all Israelites coming to Shiloh. Konsa, li te konn fonse l nan kivèt ak chodyè a, oswa bonm nan, oswa po a. Epi tout sa ke fouch la fè leve, prèt la ta pran l pou kont li. Konsa yo te fè tout Izrayelit yo ki parèt nan Silo.
15 Even before burning the fat, the priest's servant would come and tell the sacrificer, "Give meat to roast for the priest—he won't take boiled meat, only raw." Anplis, avan yo te brile grès la, sèvitè prèt la te vini e te di a mesye ki t ap fè sakrifis la: “Bay prèt la vyann pou boukannen; paske li p ap pran vyann bouyi nan men nou, sèl sa ki poko kwit.”
16 If the man said, "Burn the fat first, then take what you want," he'd answer, "No, give it now, or I'll take it by force." Si mesye a ta di li: “Fòk yo brile grès la avan e apre, ou kab pran sa ou pito,” Alò, li ta di: “Non, men se koulye a, pou ou ban mwen li. Si se pa konsa, m ap sezi l pa lafòs.”
17 The young men's sin was very great before our Father, for they despised our Father's offering. Konsa, peche jennonm yo te trè gran devan SENYÈ a, paske moun te meprize ofrann SENYÈ a.
18 But Samuel served before our Father, a boy dressed in a linen ephod. Alò Samuel te fè sèvis devan SENYÈ a tankou yon jenn gason abiye ak yon efòd fèt ak len.
19 Each year his mother made him a small robe and brought it when she went up with her husband for the yearly sacrifice. Epi manman li ta fè pou li yon ti manto pou pote ba li chak ane lè l te monte avèk mari li pou ofri sakrifis la.
20 Eli would bless Elkanah and his wife: "May our Father give you offspring by this woman instead of what she asked of him and gave to our Father." Then they went home. Alò, Éli ta beni Elkana avèk madanm li e di: “Ke SENYÈ a ba ou pitit pa fanm sa a pou ranplase sila ke li te konsakre bay SENYÈ a.” Epi yo te ale lakay yo.
21 Our Father cared for Hannah; she conceived and bore three sons and two daughters. The boy Samuel grew up before our Father. SENYÈ a te vizite Anne. Li te vin ansent e te bay nesans a twa fis ak de fi. Epi gason Samuel la te grandi devan SENYÈ a.
22 Eli was very old. He kept hearing all his sons did to all Israel, and how they slept with the women serving at the entrance to the tent of meeting. Alò Éli te vin trè vye. Li te tande tout sa ke fis li yo t ap fè a tout Israël la ak jan yo te kouche avèk fanm ki te sèvi nan pòtay tant asanble a.
23 He asked them, "Why act this way? I hear your evil deeds from all these people. Li te di yo: “Poukisa nou konn fè bagay parèy sa yo, bagay mechan ke m tande tout moun sa yo pale yo?
24 No, my sons; the report I hear is not good—it's spreading among the people of our Father. Non, fis mwen yo, rapò ke m tande sikile pami pèp la pa bon.
25 If one sins against another, our Father may mediate for him. But if one sins against our Father, who can intercede for the sinner? Yet they ignored their father's voice, for our Father meant to kill them." Si yon nonm vin peche kont yon lòt, Bondye va entèsede pou li. Men si yon nonm peche kont SENYÈ a, se kilès ki kab entèsede pou li?” Men yo pa t koute vwa a papa yo, paske SENYÈ a te vle mete yo a lanmò.
26 The boy Samuel kept growing in stature and in favor with our Father and with people. Alò, gason Samuel t ap grandi nan wotè ak nan favè avèk SENYÈ a e avèk tout moun.
27 A man of our Father came to Eli: "This is what our Father says: 'Did I not clearly reveal myself to your father's house while in Egypt, under Pharaoh's house? Alò, yon nonm Bondye te vin kote Éli e te di li: “Men konsa SENYÈ a pale: ‘Èske Mwen pa t vrèman revele Mwen menm a kay zansèt ou yo lè yo te an Égypte nan esklavaj lakay Farawon an?
28 "I chose him from all the tribes of Israel as my priest—to go up to my altar, burn incense, wear an ephod before me. I gave your father's house all Israel's fire offerings. Èske Mwen pa t chwazi yo soti nan tout tribi Israël yo pou devni prèt Mwen, pou monte vè lotèl Mwen, pou brile lansan, pou pote yon efòd devan Mwen? Epi èske Mwen pa t bay lakay zansèt nou yo tout ofrann dife fis Israël yo?
29 Why do you kick at my sacrifice and offering I commanded for my dwelling, and honor your sons over me, growing fat on the best of every offering of my people Israel?' Poukisa ou voye pye kont sakrifis Mwen ak sou ofrann ke M te kòmande nan kay abitasyon Mwen an, e bay onè a fis ou yo plis ke Mwen menm lè nou fè nou menm gra avèk pi bèl chwa a chak ofrann pèp Mwen an, Israël?’
30 "So our Father of Israel declares: 'I said your house and your father's house would walk before me forever.' But now our Father declares: 'Never! I honor those who honor me; those who despise me I'll treat lightly.' Pou sa, SENYÈ a, Bondye Israël la deklare: ‘Mwen te vrèman di ke lakay ou ak lakay zansèt ou yo ta dwe mache devan Mwen pou tou tan.’ Men koulye a SENYÈ a deklare: ‘Ou lwen de sa a — paske sila ki onore Mwen yo, Mwen va onore yo. Men sila ki meprize Mwen yo, Mwen va meprize yo.
31 Days are coming when I cut off your strength and your father's house's strength, so none in your house reaches old age. Gade byen, jou yo ap vini ke Mwen va kase fòs ou ak fòs lakay zansèt nou yo jiskaske pa gen yon granmoun lakay nou.
32 You will see distress in my dwelling despite all the good done for Israel; never again an old man in your house. Ou va wè twoub nan abitasyon Mwen, malgre tout byen ke m va fè pou Israël. Se pa pou tout tan ou ap gen yon granmoun lakay ou.
33 Yet I will not cut off every one of yours from my altar; one will be spared to weep out your eyes and grieve your heart, but all your descendants will die in the prime of life. Moun pa w ke M pa koupe retire nèt tout sou lotèl Mwen an, jiskaske zye nou manje, e fè kè w trist nèt. Tout desandan lakay nou yo va vin mouri ak gwo fòs jènes yo toujou sou yo.
34 Your sign: your two sons, Hophni and Phinehas, will both die on the same day. Sa va yon sign pou nou menm ki va vini konsènan de fis ou yo, Hophni avèk Phinées: Nan menm jou a, yo toude va mouri.
35 I will raise up for myself a faithful priest who does what's in my heart and mind. I will build him a lasting house; he will walk before my anointed forever. Men Mwen va fè leve pou kont Mwen yon prèt fidèl ki va fèt selon sa ki nan kè M ak nan nanm Mwen. Epi Mwen va bati pou li yon kay k ap dire e li va mache toujou devan onksyon Mwen.
36 Everyone left in your house will come, bow to him for silver and a loaf of bread, saying, 'Attach me to some priestly office, so I can eat a piece of bread.'" Tout sila ki rete lakay ou yo va vin bese ba a li menm pou yon pyès ajan, oswa yon mòso pen. Yo va di: “Souple, ban m yon plas nan youn nan pozisyon prèt yo pou m kab manje yon mòso pen.”’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]