Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The boy Samuel served our Father under Eli. In those days our Father's word was rare; visions were uncommon. Alò, Samuel te sèvi SENYÈ a devan Éli. Yon pawòl soti nan SENYÈ a te ra nan jou sa yo, e vizyon yo pa t fèt souvan.
2 One day Eli lay in his usual place. His eyes had grown so weak he could not see. Li te rive nan lè sa a ke pandan Éli te kouche nan plas li, (alò, vizyon li te kòmanse febli; li pa t kab wè byen),
3 The lamp of our Father had not yet gone out; Samuel lay in the temple of our Father, where his ark was. epi lanp Bondye a potko etenn e Samuel te kouche nan tanp SENYÈ a kote lach Bondye a te ye a,
4 Then our Father called to Samuel, and Samuel said, "Here I am." ke SENYÈ a te rele Samuel. Li te reponn: “Men mwen isit la!”
5 He ran to Eli and said, "Here I am; you called me." Eli said, "I did not call you; go back and lie down." So he went and lay down. Alò, li te kouri vè Éli e te di: “Men mwen, paske ou te rele m.” Men Éli te di: “Mwen pa t rele ou. Ale kouche ankò.” Konsa, li te retounen kouche.
6 Again our Father called, "Samuel!" Samuel got up, went to Eli, and said, "Here I am; you called me." "I didn't call, my son," Eli said. "Go back and lie down." Senyè a te rele ankò: “Samuel!” Konsa, Samuel te leve, li te ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele m.” Men li te reponn: “Mwen pa t rele ou, fis mwen, ale kouche ankò.”
7 Samuel did not yet know our Father; the word of our Father had not yet been revealed to him. Alò, Samuel potko konnen SENYÈ a, ni pawòl SENYÈ a potko revele a li.
8 So our Father called Samuel again, a third time. He got up, went to Eli, and said, "Here I am; you called me." Then Eli realized our Father was calling the boy. Alò, SENYÈ a te rele Samuel ankò pou yon twazyèm fwa. Epi li te leve ale vè Éli. Li te di: “Men mwen, paske ou te rele mwen.” Konsa, Éli te vin apèsi ke SENYÈ a t ap rele gason an.
9 Eli told Samuel, "Go lie down. If he calls, say, 'Speak, my Father, for your servant is listening.'" So Samuel went and lay down in his place. Epi Éli te di a Samuel: “Ale kouche e li va fèt ke si Li rele ou, ke ou va di: ‘Pale, SENYÈ a, paske sèvitè ou ap koute ou.’” Konsa, Samuel te ale kouche nan plas li.
10 Then our Father came, stood there, and called as before: "Samuel! Samuel!" Samuel said, "Speak, for your servant is listening." Alò SENYÈ a te vin kanpe e Li te rele tankou lòt fwa yo: “Samuel! Samuel!” Epi Samuel te di: “Pale, paske sèvitè ou ap koute ou.”
11 Then our Father said to Samuel, "Watch—I'm about to do something in Israel that will make both ears of everyone who hears it ring. SENYÈ a te di a Samuel: “Veye byen, Mwen prèt pou fè yon bagay an Israël k ap fè zòrèy tout moun an Israël vin toudi.
12 That day I will carry out against Eli all I said about his family, start to finish. Nan jou sa a, Mwen va pote kont Éli tout sa ke M te pale selon lakay li, soti nan kòmansman, jiska lafen.
13 I told him I will judge his house forever for the sin he knew of: his sons blasphemed me, and he never stopped them. Paske Mwen te di li ke Mwen prèt pou jije lakay li pou tout tan pou inikite ke li te konnen yo. Akoz fis li yo te mennen yon madichon sou pwòp tèt yo, e li pa t repwoche yo.
14 So I have sworn to Eli's house: the guilt of Eli's house will never be atoned for by sacrifice or offering." Pou sa, mwen te fè temwen anvè lakay Éli ke inikite lakay Éli p ap padone, ni avèk ofrann, ni avèk sakrifis.”
15 Samuel lay down until morning, then opened the doors of our Father's house. But he was afraid to tell Eli the vision. Konsa, Samuel te kouche jis rive nan maten. Li te ouvri pòt lakay SENYÈ a. Men li te krent pou pale Éli vizyon an.
16 But Eli called him and said, "Samuel, my son." "Here I am," Samuel replied. Alò, Éli te rele Samuel e te di: “Samuel, fis mwen.” Epi li te di: “Men mwen.”
17 "What did he say to you?" Eli asked. "Don't hide it from me. May our Father punish you severely if you hide from me anything he told you." Li te di: “Ki pawòl ke Li te pale ou a? Souple, pa kache l pou mwen. Ke Bondye fè l konsa a ou menm, e menm plis osi, si ou kache yon bagay a mwen nan tout pawòl ke li te pale ou yo.”
18 Samuel told him everything and hid nothing from him. Eli said, "It is our Father; let him do what he thinks right." Konsa, Samuel te di li tout bagay. Li pa t kache anyen a li menm. Epi li te di: “Li se SENYÈ a; kite Li fè sa ki sanble bon pou Li menm.”
19 Samuel grew up; our Father was with him, letting none of Samuel's words fall to the ground. Konsa, Samuel te grandi, SENYÈ a te avèk li e Li pa t kite okenn nan pawòl li yo manke reyisi.
20 All Israel, from Dan to Beersheba, knew Samuel was confirmed as a prophet of our Father. Tout Israël soti nan Dan jis rive menm Beer-Schéba te konnen ke Samuel te konfime kòm yon pwofèt a SENYÈ a.
21 Our Father continued to appear at Shiloh, because there he revealed himself to Samuel through his word. Epi SENYÈ a te vin parèt ankò nan Silo, paske SENYÈ a te revele Li menm a Samuel nan Silo selon pawòl Bondye a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]