Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

1 Samuel 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Samuel's word reached all Israel. Israel went to fight the Philistines, camped at Ebenezer; the Philistines camped at Aphek. Konsa, pawòl a Samuel te rive a tout Israël. Alò, Israël te sòti pou rankontre Filisten yo nan batay. Yo te fè kan akote Ében-Ézer pandan Filisten yo te rete Aphek.
2 The Philistines lined up against Israel; battle spread, Israel was defeated by the Philistines, who struck down about 4,000 men in the field. Filisten yo te parèt nan ranje batay yo pou rankontre Israël. Lè batay la te gaye, Israël te vin bat devan Filisten yo ki te touye anviwon kat-mil òm sou chan batay la.
3 When the troops returned to camp, Israel's elders asked, "Why did our Father let the Philistines defeat us today? Let's bring our Father's covenant ark from Shiloh, so he may come among us and save us from our enemies." Lè pèp la te antre nan kan an, ansyen a Israël yo te di: “Poukisa SENYÈ a bat nou konsa jodi a devan Filisten yo? Annou pran pou nou menm lach akò a pou l soti Silo. Konsa, li kapab vini pami nou e livre nou sòti anba pouvwa lènmi nou yo.”
4 So the people sent to Shiloh and brought the ark of the covenant of the Father of heaven's armies, seated above the cherubim. Eli's two sons, Hophni and Phinehas, were there with the ark of the covenant of our Father. Epi pèp la te voye Silo e soti la, yo te pote lach akò SENYÈ dèzame a, ki chita anwo cheriben yo. Epi de fis a Éli yo: Hophni avèk Phinées, te la avèk lach akò Bondye a.
5 When the ark of our Father's covenant entered the camp, all Israel shouted so loudly the earth shook. Pandan lach akò SENYÈ a te antre nan kan an, tout Israël te kriye avèk yon gwo kri, jiskaske tè a te vin sone.
6 The Philistines heard the shout and asked, "What is this great shout in the Hebrew camp?" Then they knew our Father's ark had entered the camp. Lè Filisten yo te tande gwo kri sila a, yo te di: “Kisa sa vle di? Gwo kri sila a nan kan Ebre yo?” Epi yo te vin konprann ke lach SENYÈ a te antre nan kan an.
7 The Philistines were afraid, for they said, "A god has entered the camp!" Then they said, "We're doomed—this never happened before. Filisten yo te krent, paske yo te di: “Bondye vin antre nan kan an.” Konsa, yo te di: “Malè a nou menm! Paske anyen parèy a sa pa t konn fèt avan.
8 We're doomed! Who will save us from the hand of these mighty gods? These are the gods who struck the Egyptians with every plague in the wilderness. Malè a nou menm! Kilès k ap delivre nou nan men a dye pwisan sa yo? Sila yo se dye ki te frape Ejipsyen yo avèk tout kalite fleyo nan dezè a.
9 Be strong, Philistines! Be men, or you'll serve the Hebrews as they served you. Be men—fight! Pran kouraj e mete gason sou nou, O Filisten yo, oswa nou va devni esklav a Ebre yo jis jan ke yo te esklav nou an. Pou sa, mete gason sou nou pou nou goumen!”
10 Philistines fought; Israel was defeated, fleeing each to his tent. The slaughter was massive: 30,000 Israelite foot soldiers fell." Konsa, Filisten yo te goumen e Israël te bat. Tout mesye yo te sove ale rive nan pwòp tant yo. Masak la te byen gwo, e te vin tonbe an Israël trant-mil sòlda a pye.
11 The ark of our Father was captured, and the two sons of Eli, Hophni and Phinehas, died. Anplis, lach Bondye a te sezi pran; epi de fis Éli yo, Hophni avèk Phinées te mouri.
12 A Benjamite ran from the battle line to Shiloh that day, clothes torn, dust on his head. Konsa yon mesye a Benjamin te kouri sòti nan chan batay yo pou te parèt Silo nan menm jou a avèk rad li chire ak pousyè sou figi li.
13 On arrival, Eli sat on his seat by the road watching, his heart trembling for the ark of our Father. The man entered the city, told it, and the whole city cried out. Lè li te vini, vwala, Éli te chita sou chèz li akote wout la pou veye tann, akoz kè li t ap tranble pou lach SENYÈ a. Konsa, mesye a te vin pale sa nan vil la e tout vil la te kriye fò.
14 When Eli heard the outcry he asked, "What is this uproar?" Then the man hurried over and told Eli. Lè Éli te tande bri kriye a, li te di: “Kisa bri kriye sa a vle di?” Epi mesye a te vini avèk vitès e li te pale Éli.
15 Eli was ninety-eight years old, and his eyes had grown so dim that he could not see. Alò, Éli te gen laj a katrevendizuit ane, zye li te fikse epi li pa t kab wè.
16 The man told Eli, "I came from the battle, fled the battle line today." Eli asked, "What happened, my son?" Mesye a te di a Éli: “Mwen se sila ki te sòti nan chan batay la. Vrèman, mwen te chape sòti nan chan batay la jodi a.” Epi Éli te mande: “Kijan tout bagay te mache, fis mwen?”
17 The messenger answered, "Israel fled before the Philistines; also, heavy losses among the troops; also, your two sons Hophni and Phinehas are dead; and the ark of our Father was captured." Konsa, sila ki te pote nouvèl la te reponn: “Israël te sove ale devan Filisten yo, e te genyen osi, yon gwo masak pami pèp la. Anplis, de fis ou yo, Hophni avèk Phinées mouri, e lach Bondye a te kaptire.”
18 As he mentioned our Father's ark, Eli fell backward off his seat at the gate, broke his neck, and died—old and heavy. He had judged Israel forty years. “Lè li te mansyone lach Bondye a, Éli te tonbe sou chèz li pa dèyè akote pòtay la. Kou li te kase, e li te mouri, paske li te fin granmoun e li te gra.” Konsa, li te jije Israël pandan karant ane.
19 His daughter-in-law, Phinehas's wife, was pregnant, near delivery. Hearing our Father's ark seized and her father-in-law and husband dead, she crouched and gave birth, for pain overwhelmed her. Alò, bèlfi li, madanm a Phinées te ansent e prèt pou akouche. Lè li te tande nouvèl ke lach Bondye a te pran an kaptivite e ke bòpè li avèk mari li te mouri, li te bese sou jenou li e te akouche, paske doulè li te vin rive sou li.
20 As she lay dying, the women beside her said, "Don't be afraid, for you've borne a son." But she didn't answer or notice. Epi nan lè li t ap mouri an, fanm ki te kanpe akote li a te di li: “Pa pè, paske ou te bay nesans a yon fis.” Men li pa t reponn li ni li pa t okipe li.
21 She named the boy Ichabod, saying, "The glory has departed from Israel"—over the capture of our Father's ark, her father-in-law, and her husband. Konsa, li te rele gason an I-Kabod, e te di: “Laglwa Israël pati!” akoz lach Bondye a te pran an kaptivite e akoz bòpè li avèk mari li.
22 She said, "The glory has left Israel, for our Father's ark is captured." Li te di: “Laglwa gen tan pati soti an Israël; paske lach Bondye a te pran an kaptivite.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]