Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ruth 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Naomi had a relative through her husband, a prominent, wealthy man from Elimelech's clan, named Boaz. Alò Naomi te gen yon fanmi pwòch a mari li, yon nonm avèk anpil richès, ki sòti nan fanmi Élimélec, ki te rele Boaz.
2 Ruth the Moabite said to Naomi, "Let me glean grain behind anyone who favors me." She said, "Go, my daughter." Ruth, Moabit la te di a Naomi: “Souple, kite mwen ale ranmase lòj pami tèt sereyal yo nan chan a sila ke mwen kapab twouve favè nan zye li.” Epi li te di l: “Ale fi mwen.”
3 So she went out and gleaned behind the harvesters, and she happened to come to the field belonging to Boaz, of Elimelech's family. Konsa, li te sòti pou te ale ranmase nan chan an apre moun rekòlt yo. Epi li te vin rive nan pòsyon chan ki te pou Boaz la, ki te manm fanmi Élimélec la.
4 Just then Boaz came from Bethlehem, telling the harvesters, "May our Father be with you." "Our Father bless you," they replied. Alò vwala, Boaz te sòti Bethléhem pou te di a moun rekòlt yo: “Ke SENYÈ a kapab avèk nou.” Epi yo te di li: “Ke SENYÈ a beni nou.”
5 Then Boaz said to his foreman, "Whose young woman is this?" Konsa, Boaz te di a sèvitè li ki te an chaj moun rekòlt yo: “Pou kilès jenn fanm sila a?”
6 The foreman answered, "She's the young Moabite woman who returned with Naomi from Moab's country. Sèvitè an chaj la te reponn: “Se jenn fanm Moabit ki te retounen avèk Naomi soti nan peyi Moab la.
7 She said, 'Please let me glean and gather among the sheaves behind the harvesters.' She came and has stayed from morning till now, resting only briefly in the shelter." Li te di nou: ‘Souple, kite mwen ranmase e sanble apre moun rekòlt yo pami pakèt mwasonyè yo.’ Konsa, li te vini e te rete soti nan maten a jis rive koulye a, sòf ke li te chita nan kay la pou yon ti tan.”
8 Boaz said to Ruth, "Listen, my daughter. Don't glean in another field or leave here; stay close to my young women. Alò, Boaz te di a Ruth: “Koute byen fi mwen! Pa ale ranmase nan chan lòt moun. Anplis, pa kite chan sila a, men rete isit la avèk sèvant mwen yo.
9 Watch the field they harvest and follow behind them. I've told the young men not to touch you. When thirsty, drink from the jars the young men filled." Kite zye ou rete sou chan ke yo rekòlte a e swiv yo. Vrèman, mwen te kòmande sèvitè mwen yo pou pa touche ou. Lè ou swaf, ale nan veso dlo yo pou bwè nan sa ke sèvitè yo rale.”
10 She bowed facedown to the ground and asked him, "Why have I found favor in your eyes that you notice me, a foreigner?" Alò, li te tonbe sou figi li e te bese ba atè. Li te di l: “Poukisa mwen jwenn favè nan zye w konsa, pou ou ta wè m, paske se yon etranje ke mwen ye?”
11 Boaz answered, "I've heard all you did for your mother-in-law since your husband died—how you left your father, mother, and homeland to come to a people you didn't know before. Boaz te reponn li: “Tout sa ke ou te fè pou bèlmè ou apre lanmò mari ou te deklare nèt a mwen menm; jan ou te kite papa ou avèk manman ou, peyi nesans ou e te vini a yon pèp ke ou pa t menm konnen oparavan.
12 May our Father repay your deed; may our Father, the God of Israel, under whose wings you've come for refuge, reward you fully." Ke SENYÈ a kapab bay ou rekonpans pou travay sa a, e ke salè ou ki sòti nan SENYÈ a vin plen nèt; Li menm Bondye a Israël la, anba zèl a sila ou te vini mande refij la.”
13 "May I find favor in your eyes, my lord," she said, "for you've comforted me and spoken kindly to your servant, though I'm not one of your servants." Epi li te di: “Kite mwen jwenn favè nan zye ou, patwon mwen, paske ou te fè m jwenn konfò e vrèman te pale pawòl emab anvè sèvant ou, malgre mwen pa youn nan sèvant ou yo.”
14 At mealtime Boaz said, "Come here, eat some bread, dip your piece in the wine vinegar." She sat beside the harvesters; he passed her roasted grain. She ate her fill and had some left. Nan lè manje a, Boaz te di li: “Vin isit la, pou ou kapab manje nan pen an e fonse mòso pen ou an nan vinèg la.” Konsa li te chita akote moun rekòlt yo. Li te sèvi li sereyal boukannen; li te manje, te satisfè, epi te gen rès ki rete.
15 When she rose to glean, Boaz ordered his young men, "Let her glean even among the sheaves; don't shame her. Lè li te leve pou ale ranmase, Boaz te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Kite li ranmase menm pami pakèt yo, pa bay li pwoblèm.
16 Instead, pull stalks from the bundles for her and leave them for her to pick up, and don't correct her." Anplis, nou va rale kèk nan pakèt yo eksprè e kite li la pou li kapab ranmase e pa repwoche l.”
17 She gleaned in the field till evening, then beat out what she'd gathered—about twenty quarts of barley. Konsa Ruth te ranmase nan chan an jis rive nan aswè. Lè li te bat sa li te ranmase yo, li te anviwon yon efa lòj.
18 She carried it to town; her mother-in-law saw how much she'd gleaned. She also brought out and gave her what she'd saved after eating her fill. Li te pran li e te lantre nan vil la pou bèlmè li te wè sa ke li te ranmase yo. Li anplis te rale bay Naomi sa ki te rete lè li menm te fin satisfè.
19 Her mother-in-law asked, "Where did you gather today? Where did you work? Blessed be the man who noticed you!" Ruth named whose field: "The man I worked with today is Boaz." Bèlmè li te di li: “Kote ou te ranmase jodi a e kibò ou te travay? Pou sila ki te pran enterè nan ou yo kapab beni!” Konsa, li te di bèlmè li avèk ki moun li te travay, epi te di: “Non a mesye a avèk sila mwen te travay jodi a te Boaz.”
20 Naomi told her daughter-in-law, "May our Father bless him, whose kindness hasn't left the living or the dead." She added, "He's a close relative, one of our redeemers." Naomi te di bèlfi li: “Ke li menm kapab beni pa SENYÈ a ki pa t retire mizerikòd li sou vivan yo ak sou mò yo.” Ankò, Naomi te di a li: “Nonm nan se fanmi nou, li se youn nan fanmi pwòch nou yo.”
21 Then Ruth the Moabite said, "He even told me, 'Stay with my workers until they finish all my harvest.'" Alò Ruth Moabit la te di, “Anplis, li te di mwen: ‘Ou dwe rete pre sèvitè mwen yo jiskaske yo fin fè rekòlt mwen.’”
22 Naomi told her daughter-in-law Ruth, "Good, my daughter—go out with his young women, so you won't be harmed in another field." Naomi te di a Ruth, bèlfi li a: “Sa bon pitit mwen pou ou sòti avèk sèvant li yo, pou kèk lòt moun pa vin tonbe sou ou nan yon lòt chan.”
23 She stayed close to Boaz's young women, gleaning until the barley and wheat harvests ended, and lived with her mother-in-law. Konsa li te rete pre sèvant Boaz yo pou ranmase jiska fen rekòlt lòj la avèk ble a. Epi li te rete lakay bèlmè li.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]