Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Ruth 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 When the judges ruled, a famine struck the land, and a man from Bethlehem in Judah went with his wife and two sons to stay a while in the fields of Moab. Alò li te vin rive nan jou ke jij yo te gouvène yo, te genyen yon gwo grangou nan peyi a. Yon sèten mesye ki sòti Bethléem nan Juda te ale pou demere nan peyi Moab la avèk madanm li ak de fis li yo.
2 The man was named Elimelech, his wife Naomi, and his two sons Mahlon and Chilion—Ephrathites from Bethlehem in Judah. They went to the territory of Moab and stayed there. Mesye a te rele Élimélec e madanm li, Naomi. Epi non a de fis li yo se te Machlon avèk Kiljon, Efratyen yo, de Bethléhem nan Juda. Alò, yo te antre nan peyi Moab la pou te demere la.
3 Then Elimelech, Naomi's husband, died, and she was left with her two sons. Epi Élimélec, mari a Naomi an te mouri. Konsa, se li ki te rete avèk de fis li yo.
4 They married Moabite women—Orpah and Ruth—and lived there about ten years. De fis yo te pran pou kont yo fanm Moabit yo kon madanm yo. Youn nan yo te rele Orpa e lòt la Ruth. Epi yo te viv la pandan anviwon dis ane.
5 Both Mahlon and Chilion also died, and Naomi was left without her two children and husband. Alò Machlon avèk Kiljon te vin mouri osi. Konsa, fanm nan vin pèdi de pitit li yo, ansanm ak mari li.
6 In Moab's fields, Naomi heard that our Father had attended his people, giving them food, so she set out with her two daughters-in-law to return from there. Konsa li te leve avèk bèlfi li pou l ta kab retounen kite Moab. Paske, depi lè li Moab, li tande ke SENYÈ a te vizite pèp li a nan bay yo manje.
7 She left the place where she had been, with her two daughters-in-law, and they went on the road back to the land of Judah. Konsa, li te pati kote li te ye, de bèlfi li yo te avèk li. Epi yo te fè wout la pou retounen nan peyi Juda.
8 Naomi told her two daughters-in-law, "Return, each to your mother's home. May our Father deal kindly with you, as you dealt with the dead and with me. Epi Naomi te di a de bèlfi li yo: “Ale, retounen nou chak lakay manman nou. Ke SENYÈ a kapab aji anvè nou avèk dousè, jan nou te aji avèk sila ki mouri yo e avèk mwen menm tou.
9 May our Father give each of you rest in another husband's home." Then she kissed them, and they wept aloud. Ke SENYÈ a kapab pèmèt nou jwenn repo, nou chak lakay a pwòp mari pa li.” Alò, li te bo yo, yo te leve vwa yo wo, epi te kriye.
10 And they said to her, "No—we will return with you to your people." Epi yo te di li: “Non, men n ap retounen avè w vè pèp ou a.”
11 Naomi said, "Go back, my daughters. Why go with me? Do I have more sons in my womb to become your husbands? Naomi te di yo: “Retounen fi mwen yo. Poukisa nou ta dwe ale avè m? Èske m toujou gen fis nan vant mwen pou yo ta vin mari nou?
12 Return, my daughters, go, for I'm too old to marry. Even if I said there's still hope, even if I had a husband tonight and bore sons, Retounen fi mwen yo, paske mwen twò vye pou m gen yon mari. Si m te di nou ke m gen espwa, si m ta menm gen yon mari aswè a pou fè fis,
13 would you wait for them until grown? Would you stay unmarried for them? No, my daughters—it's far more bitter for me than you, since our Father's hand has turned against me." Èske konsa nou ta tann jiskaske yo ta grandi? Èske pou sa, nou ta refize marye? Non fi mwen yo, sa fè m trist pou ka nou yo. Paske, men SENYÈ a gen tan parèt kont mwen.”
14 At this they wept aloud again. Then Orpah kissed her mother-in-law goodbye, but Ruth clung to her. Epi yo te leve vwa yo wo e te kriye ankò. Orpa te bo bèlmè li, men Ruth te rete sou li.
15 Naomi said, "Look, your sister-in-law went back to her people and her gods. Go back with her." Li te di: “Veye byen, bèlsè ou te retounen vè pèp li avèk dye li yo. Ale swiv bèlsè ou.”
16 Ruth said, "Don't push me to leave you or turn back from following you. Where you go, I'll go; where you stay, I'll stay. Your people will be my people, and your God my God. Men Ruth te di: “Pa pouse m kite ou ni pou m ta fè bak nan swiv ou. Paske kote ou ale mwen va ale, e kote ou viv, se la mwen va viv. Pèp ou, pèp pa m, e Dye pa ou, Dye pa m.
17 Where you die I will die, and there I will be buried. May our Father punish me ever so severely if anything but death separates you and me." Kote ou mouri mwen va mouri; epi la mwen va antere. Se konsa pou SENYÈ a fè m, ak pi mal, si anyen sof ke lanmò ta separe ou de mwen.”
18 When Naomi saw that Ruth was determined to go with her, she said no more to her. Lè li wè ke li te fin pran desizyon pou ale avè l, li pa t di l anyen ankò.
19 So both of them traveled until they reached Bethlehem. When they entered Bethlehem, the whole town stirred over them, and the women said, "Is this Naomi?" Konsa yo ale ansanm jis rive Bethléhem. Lè yo te rive Bethléhem, tout vil la te boulvèse akoz yo menm. Fanm yo te di: “Se Naomi sa a?”
20 "Don't call me Naomi," she said. "Call me Mara—the Almighty has dealt very bitterly with me. Li te di yo: “Pa rele m Naomi. Rele m Mara, paske Toupwisan an te aji byen anmè avè m.
21 I went away full, but our Father has brought me back empty. Why call me Naomi, when our Father has afflicted me and the Almighty has brought misfortune upon me?" Mwen te sòti plen, men SENYÈ a mennen m tounen vid. Poukisa nou rele m Naomi, konsi SENYÈ a gen tan temwaye kont mwen, e Toupwisan an te aflije mwen?”
22 So Naomi returned from the fields of Moab with Ruth the Moabite, her daughter-in-law, who came back with her. They reached Bethlehem as barley harvest began. Konsa Naomi te retounen, epi avèk li, Ruth, Moabit la, bèlfi li ki te retounen soti nan peyi Moab la. Yo te vini Bethléhem nan kòmansman rekòlt lòj la.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]