Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Israel's men had sworn at Mizpah: "None of us will give his daughter to Benjamin as a wife." Alò, mesye Israël yo te deja sèmante nan Mitspa. Yo te di: “Pa gen nan nou menm k ap bay fi li a Benjamin nan maryaj.”
2 The people came to Bethel and sat there before our Father until evening, crying out and weeping bitterly. Konsa, pèp la te vini Béthel e yo te chita la devan Bondye jis rive nan aswè, epi yo te leve vwa yo e te kriye amè.
3 They said, "Why, our Father, God of Israel, has this happened in Israel—one tribe missing from Israel today?" Yo te di: “Poukisa, O SENYÈ, Bondye Israël la, èske bagay sa a vin rive an Israël pou youn nan tribi yo jodi a ta vin disparèt an Israël?”
4 The people rose early next day, built an altar there, and offered burnt and peace offerings. Li te vin rive nan pwochen jou an ke pèp la te leve bonè. Yo te bati yon lotèl e yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè.
5 Then Israel's people asked, "Which of all the tribes of Israel did not come up to the assembly, to our Father?" For they had sworn a solemn oath that whoever did not come up to our Father at Mizpah must surely be put to death. Konsa, fis Israël yo te di: “Kilès ki pami tout tribi Israël yo ki pa t monte nan asanble SENYÈ a?” Paske, yo te fè yon gran ve pou sila ki pa monte vè SENYÈ a nan Mitspa, epi yo te di: “Li va vrèman vin mete a lanmò.”
6 The Israelites grieved for their brother Benjamin. They said, "Today one tribe is cut off from Israel. Fis Israël yo te tris; yo te plen regrè pou Benjamin, frè parèy yo a, e yo te di: “Yon tribi vin koupe nèt sou Israël jodi a.
7 How can we get wives for the survivors, since we swore by our Father not to give them our daughters?" Kisa nou ap fè pou twouve madanm pou sila ki rete yo, akoz nou te sèmante pa SENYÈ a pou nou pa bay okenn nan fi pa nou yo nan maryaj?”
8 Then they asked, "Which of the tribes of Israel did not come up to our Father at Mizpah?" No one from Jabesh-gilead had come to the camp, to the assembly. Epi yo te di: “Kilès sila pami tribi Israël yo ki pa t monte kote SENYÈ a nan Mitspa?” Gade byen, pèsòn pa t monte nan kan an sòti nan Jabès-Galaad pou patisipe nan asanble a.
9 For when the people were counted, not one of the inhabitants of Jabesh-gilead was there. Paske, lè pèp la te konte, gade byen, pèsòn nan sila ki rete Jabès-Galaad yo pa t la.
10 The assembly sent 12,000 of their bravest fighters there, ordering: "Go strike the residents of Jabesh-gilead with the sword, including women and children. Konsa, kongregasyon an te voye douz-mil gèrye vanyan rive la e yo te pase lòd di yo konsa: “Ale frape sila ki rete Jabès-Galaad yo avèk lam nepe, ni fanm yo ak pitit yo.
11 Do this: devote to destruction every male, and every woman who has had relations with a man." Men kisa ou va fè, ou va detwi nèt tout gason ak tout fanm ki gen tan kouche avèk yon gason.”
12 Among Jabesh-gilead's residents they found 400 young virgins who had never slept with a man, and brought them to the camp at Shiloh, in the land of Canaan. Epi yo te jwenn pami moun Jabès-Galaad yo, kat-san jèn vyèj ki pa t konnen yon gason kouche avèk li. Konsa, yo te mennen yo nan kan an Silo ki nan peyi Kananeyen yo.
13 Then the whole community sent word to the Benjaminites at the rock of Rimmon and declared peace to them. Epi tout kongregasyon an te voye pale avèk fis Benjamin ki te nan wòch Rimmon yo e te deklare lapè pou yo.
14 Benjamin returned at that time; they gave them the women kept alive from Jabesh-gilead—still not enough for them all. Nan lè sa a, Benjamin te retounen e yo te bay yo kat-san fi ke yo te kenbe vivan soti Jabès-Galaad. Men, li poko te kont pou yo.
15 The people grieved for Benjamin, because our Father had made a breach in the tribes of Israel. Konsa, pèp la te tris e te plen regrè pou fis Benjamin yo paske SENYÈ a te fè yon brèch nan tribi Israël yo.
16 The elders of the assembly said, "How do we get wives for the survivors, since Benjamin's women were wiped out?" Epi ansyen nan kongregasyon yo te vin di: “Kisa nou va fè pou sila ki rete toujou, kòmsi fanm nan Benjamin yo detwi?”
17 They said, "Benjamin's survivors need an inheritance, so a tribe isn't erased from Israel. Yo te di: “Fòk gen eritaj pou retay Benjamin an, jis pou tribi a pa efase nèt sou Israël.
18 We cannot give them our daughters as wives, for Israel had sworn, 'Cursed is anyone who gives a wife to Benjamin.'" Alò, nou pa kab ba yo madanm pami fi nou yo.” Paske fis Israël yo te sèmante e yo te di: “Modi se sila ki bay yon madanm a Benjamin.”
19 They said, "There's a yearly feast of our Father at Shiloh, north of Bethel, east of the road up from Bethel to Shechem, south of Lebonah." Konsa, yo te di: “Gade byen, gen yon fèt a SENYÈ a chak ane nan Silo, ki nan kote nò a Béthel, sou lès a gran chemen ki monte soti Béthel pou rive Sichem nan, vè kote sid a Lebona.”
20 And they instructed the Benjaminites, "Go and hide in the vineyards. Pou sa a, yo te kòmande fis Benjamin yo konsa: “Ale kache tann nan chan rezen yo,
21 Watch—when Shiloh's young women come out to dance, rush from the vineyards, each seize a wife from Shiloh's young women, and go to Benjamin's land. epi gade byen, veye, si fi a Silo yo sòti deyò pou patisipe nan dans lan, nou va sòti nan chan rezen yo, e nou chak va kouri kenbe madanm li pami fi a Silo yo e ale avè l nan peyi Benjamin?
22 When their fathers or brothers come to us to complain, we'll tell them, Show them favor for our sake, since we didn't capture a wife for each in battle, and you didn't give them wives yourselves—else you'd be guilty now." Li va rive ke lè papa yo oswa frè yo vin plenyen a nou, ke nou va di yo: ‘Ba yo a nou avèk bòn volonte; paske nan batay la, nou pa t konsève yon fanm pou chak Benjamit, ni nou pa t founi youn pou yo, sinon koulye a menm, nou ta koupab.’”
23 So Benjamin's sons did this: they took wives, one for each, from the dancers they seized, went back to their inheritance, rebuilt the cities, and lived there. Konsa fis a Benjamin yo te fè e te pran madanm selon fòs kantite yo pami sila ki te danse yo, pou yo te pote ale. Konsa, yo te ale retounen nan eritaj pa yo, e te rebati vil pa yo pou te viv ladan yo.
24 At that time the Israelites left there, each to his tribe and clan; each went out from there to his inheritance. Fis Israël yo te pati la nan lè sa a, chak òm ak pwòp tribi ak fanmi li, e yo chak te sòti la pou rive nan pwòp eritaj pa yo.
25 In those days there was no king in Israel; everyone did what was right in his own eyes. Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Tout moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]