Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Judges 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 All the Israelites came out, the assembly gathering as one man, from Dan to Beersheba, with the land of Gilead, before our Father at Mizpah. Konsa, tout fis Israël yo depi Dan jis rive Beer-Schéba, menm avèk peyi Galaad la te sòti e kongregasyon an te rasanble kòm yon sèl òm a SENYÈ a nan Mitspa.
2 The leaders of all the people, all the tribes of Israel, took their place in the assembly of our Father's people—400,000 swordsmen on foot. Chèf a tout pèp yo, menm tout tribi an Israël yo, te vin kanpe nan asanble a pèp Bondye a, kat-san-mil sòlda a pye ki te rale nepe.
3 The Benjaminites heard the Israelites had gone up to Mizpah. The Israelites said, "Tell us, how did this evil happen?" (Alò, fis a Benjamin yo te tande ke fis Israël yo te monte Mitspa.) Epi fis Israël yo te di: “Pale nou kijan mechanste sa a te vin rive?”
4 The Levite, husband of the murdered woman, answered, "I and my concubine came to Gibeah in Benjamin to spend the night. Epi Levit la, mari a fanm nan ki te asasine a, te reponn e te di: “Mwen te vini avèk mennaj mwen pou pase nwit lan Guibea ki pou Benjamin.
5 The men of Gibeah came after me and surrounded the house at night, meaning to kill me. They raped my concubine, and she died. Men mesye Guibea yo te leve kont mwen, yo te antoure kay la pandan nwit lan akoz mwen menm. Yo te gen entansyon touye mwen; men olye de sa, yo te vyole mennaj mwen jiskaske li te vin mouri.
6 Then I took my concubine, cut her in pieces, and sent her throughout Israel's inheritance, because they committed a shameful outrage in Israel. Epi mwen te pran mennaj mwen an, mwen te koupe li an mòso e mwen te voye li nan tout peyi eritaj Israël la, paske yo te komèt yon zak ki lèd e malonèt an Israël.
7 Look, all of you Israelites—give your decision and counsel here and now." Gade byen, tout fis Israël yo, bay lide avèk konsèy nou isit la.”
8 All the people rose as one, saying, "None of us will go to his tent; none of us will return to his house. Alò, tout pèp la te leve kòm yon sèl moun, e yo te di: “Pa gen menm youn nan nou k ap tounen nan tant li, ni nou p ap retounen lakay nou.
9 Now this is what we'll do to Gibeah: we'll attack it by lot. Men kisa n ap fè Guibea; nou va monte kont li pa tiraj osò.
10 From every tribe of Israel we'll take ten men of 100, one hundred of 1,000, 1,000 of 10,000, to get provisions for the troops going to Gibeah of Benjamin, to repay all the outrage it did in Israel." Epi nou va pran dizòm sou san nan tout tribi Israël yo, san sou mil e mil sou dis-mil pou founi manje pou pèp la jiskaske yo vini Guibea nan Benjamin, pou yo kapab pini yo pou tout zak malonèt yo te fè an Israël yo.”
11 So all the men of Israel gathered against the city, united as one. Konsa, tout fis Israël yo te rasanble kont vil la, tèt yo ansanm kòm yon sèl moun.
12 The tribes of Israel sent men throughout Benjamin's tribe, asking, "What evil is this that happened among you? Alò, tribi Israël yo te voye mesye yo pami tout tribi Benjamin an, e yo te di: “Ki kalite mechanste sa ki te fèt pami nou an?
13 Now hand over the worthless men in Gibeah, so we may put them to death and remove the evil from Israel." But the Benjaminites would not listen to the voice of their brothers, the Israelites. Pou sa, livre bannou mesye sa yo, sanzave Guibea yo, pou nou kab mete yo a lanmò e retire mechanste sa an Israël.” Men fis Benjamin yo te refize koute vwa a frè yo, fis an Israël yo.
14 Instead the Benjamites gathered from their towns to Gibeah, to go fight the Israelites. Fis a Benjamin yo te rasanble soti nan vil Guibea yo, pou sòti nan batay kont fis Israël yo.
15 That day Benjamin mustered 26,000 swordsmen from their towns, plus 700 chosen men from Gibeah's residents. Soti nan vil yo, nan jou sa a, fis Benjamin yo te monte ak venn-si-mil mesye ki te rale nepe, anplis moun Guibea ki te konte a sèt-san òm ekstrawòdinè.
16 Among all these troops were 700 chosen left-handed men, each able to sling a stone at a hair and not miss. Pami tout moun sa yo, sèt-san òm ekstrawòdinè yo se te moun goche. Yo chak ta kapab tire yon wòch avèk fistibal sou yon grenn cheve e yo pa janm pa pran l.
17 The men of Israel, apart from Benjamin, mustered 400,000 swordsmen, every one a warrior. Alò, lòt mesye Israël yo anplis Benjamin te konte nan kat-san-mil òm ki rale nepe. Tout sila yo se te moun lagè.
18 The Israelites set out and went up to Bethel and inquired of our Father, "Who of us should go up first to fight against the Benjaminites?" And our Father said, "Judah will go up first." Alò, fis Israël yo te leve monte Béthel. Yo te mande Bondye, e te di: “Se kilès ki va monte avan pou fè batay kont fis Benjamin yo?” Alò, SENYÈ a te di: “Juda va monte avan.”
19 So the Israelites rose in the morning and camped near Gibeah. Alò, fis Israël yo te leve nan maten, e yo te fè kan kont Guibea.
20 Israel's men went out to battle Benjamin and formed their lines against them at Gibeah. Mesye Israël yo te sòti pou batay kont Benjamin e mesye Israël yo te pran pozisyon batay kont yo nan Guibea.
21 The Benjaminites came out of Gibeah and cut down 22,000 Israelites on the field that day. Alò, fis Benjamin yo te parèt deyò nan Guibea, e yo te fè tonbe atè nan jou sa a, venn-de-mil òm nan Izrayelit yo.
22 But Israel's army took courage and again formed their battle line where they had stationed themselves the first day. Men pèp la, mesye Israël yo, te ankouraje youn lòt e te vin pran plas batay la menm kote ke yo te vin parèt nan premye jou a.
23 The Israelites went up, wept before our Father until evening, and asked, "Will we fight our brothers the Benjaminites again?" And our Father said, "Go up against them." Fis Israël yo te monte e kriye devan SENYÈ a jis rive nan aswè. Yo te fè mande SENYÈ a e te di: “Èske nou dwe pwoche ankò pou fè batay kont fis a frè m yo, Benjamin?” Epi SENYÈ a te reponn: “Monte kont li.”
24 So the Israelites advanced against the Benjaminites on the second day. Alò, fis Israël yo te vini kont fis a Benjamin yo nan dezyèm jou a.
25 Benjamin came out from Gibeah against them the second day and cut down another 18,000 Israelites, all armed with swords. Benjamin te sòti kont yo soti Guibea nan dezyèm jou a e yo te fè tonbe atè, ankò 18,000 òm pami fis Israël yo; tout moun ki te rale nepe yo.
26 Then all the Israelites, the whole army, went up to Bethel and sat there weeping before our Father. They fasted till evening that day and offered burnt offerings and peace offerings before him. Alò, tout fis Israël yo ak tout pèp la te monte rive Béthel e te kriye. Konsa, yo te rete la devan SENYÈ a, yo te fè jèn tout jounen an jis rive nan aswè. Epi yo te ofri ofrann brile ak ofrann lapè devan SENYÈ a.
27 The Israelites asked our Father. (In those days the ark of the covenant of our Father was there, Fis Israël yo te mande devan SENYÈ a (paske lach temwayaj la te la nan jou sa yo,
28 and Phinehas son of Eleazar, son of Aaron, served before it.) They asked, "Will we go out again to fight our brothers the Benjamites, or stop?" Our Father replied, "Go up, for tomorrow I will give them into your hand." epi Phinées, fis a Éléazar a, fis Aaron an, te kanpe devan li pou fè sèvis nan jou sila yo, epi yo te di: “Èske mwen dwe sòti menm yon lòt fwa nan batay kont fis a frè m yo, Benjamin, oswa èske m dwe sispann?” Epi SENYÈ a te di: “Monte, paske demen Mwen va livre yo nan men nou.”
29 Then Israel set men in ambush all around Gibeah. Konsa, Israël te pozisyone mesye yo antoure Guibea pou fè anbiskad.
30 On the third day the Israelites marched against the Benjaminites and took positions against Gibeah as before. Fis Israël yo te monte kont fis Benjamin yo nan twazyèm jou a e yo te pozisyone yo menm jan ke yo te fè nan lòt fwa yo.
31 The Benjaminites came out to meet them and were drawn from the city. As before, they began striking down the people, killing about thirty men of Israel in the open country and on the roads, one going up to Bethel, the other to Gibeah. Fis Benjamin yo te sòti kont yo e te rale soti kite vil la. Konsa, yo te kòmanse frape e touye kèk moun nan pèp la, menm jan ak lòt fwa yo, sou gran chemen yo, youn ki te monte a Béthel e lòt la Guibea, anviwon trant mesye Izrayelit.
32 The Benjaminites said, "We're routing them like before." But Israel had said, "Let's flee and draw them from the city to the roads." Fis a Benjamin yo te di: “Yo vin frape tonbe devan nou, menm jan ak lòt fwa a.” Men fis Israël yo te di: “Annou sove ale pou nou kapab atire yo kite vil la rive nan gran chemen yo.”
33 All Israel's men rose from their places and formed up at Baal-tamar, while Israel's ambush burst from its place west of Geba. Epi tout fis Israël yo te leve sou plas yo pou te vin parèt nan Baal-Thamar. Konsa mesye Israël nan anbiskad yo te sòti nan plas pa yo, kote Maaré-Guibea menm.
34 10,000 of Israel's finest advanced against Gibeah, and the fighting was fierce; but the Benjaminites did not realize disaster was closing in on them. Lè di-mil òm ekstrawòdinè nan tout Israël yo te parèt kont Guibea, batay la te vin fewòs; men mesye Benjamin yo pa t konnen ke yon gwo dega t ap pwoche yo.
35 Our Father defeated Benjamin before Israel; that day Israel struck down 25,100 men of Benjamin, all armed with swords. Epi SENYÈ a te frape Benjamin devan Israël jiskaske fis Israël yo te detwi venn-senk-mil-san moun nan Benjamin nan jou sa a, tout moun ki te rale nepe yo
36 The Benjaminites saw they were beaten. Israel's men gave ground to Benjamin, trusting the ambush they had set against Gibeah. Konsa, fis Benjamin yo te wè ke yo te fin bat yo. Paske lè mesye Israël yo te bay teren an a fis Benjamin yo, se te akoz yo te depann de mesye ki t ap fè anbiskad yo, pou yo te voye kont Guibea.
37 The ambush rushed suddenly against Gibeah; they spread out and struck the whole city with the sword. Mesye anbiskad yo te kouri kont Guibea; epi yo te ouvri pou voye frape tout vil la avèk lam nepe.
38 Israel's men had set a signal with the ambush: a great cloud of smoke rising from the city. Alò, siyal ki te prevwa antre mesye Israël yo ak mesye anbiskad yo se te ke yo ta fè yon gran nwaj lafimen leve sòti nan vil la.
39 The men of Israel would turn in the battle. Benjamin had begun striking them down, killing about thirty, and thought, "Surely they're beaten before us as in the first battle." Alò, mesye Israël yo te vire nan batay la e Benjamin te kòmanse frape e touye anviwon trant mesye Izrayelit, paske yo te di: “Vrèman, yo detwi devan nou, tankou nan premye batay la.”
40 When the smoke column began rising from the city, the Benjaminites looked back—and the whole city was going up in smoke toward the sky. Men lè nwaj la te kòmanse leve sòti lavil la tankou yon pilye gwo lafimen, Benjamit yo te gade dèyè yo; epi gade byen, nan tout vil la, lafimen t ap monte vè syèl la.
41 The men of Israel turned, and the men of Benjamin panicked, seeing that disaster had reached them. Alò, moun Israël yo te vire e mesye Benjamin yo te vin sezi avèk laperèz; paske yo te wè ke yon gwo dega te sou yo.
42 So they turned before Israel's men toward the wilderness, but the battle caught up with them, and those from the towns cut them down in the middle of the fighting. Pou sa, yo te vire do devan Israël vè dezè a, men batay la te vin jwenn yo pandan sila ki te sòti nan vil yo te detwi yo nan mitan li.
43 They surrounded the Benjaminites, chased them, and overtook them at their resting place east of Gibeah. Yo te vin antoure mesye Benjamin yo; yo te pouswiv yo san repo e yo te foule yo anba pye anfas Guibea vè lès la.
44 18,000 Benjaminites fell, all of them valiant men. Konsa, diz-uit-mil òm a Benjamin te tonbe; tout sila yo se te vanyan gèrye.
45 The rest fled toward the wilderness to the rock of Rimmon, but Israel cut down 5,000 on the roads and pursued them to Gidom, striking down 2,000 more. Rès yo te sove ale vè dezè a nan wòch Rimmon. Men yo te kenbe senk-mil nan yo sou chemen e te vin rive sou yo nan Guideom. Yo te touye de-mil nan yo.
46 So all the Benjaminites who fell that day were 25,000 swordsmen, all of them valiant men. Konsa, tout Benjamit ki te tonbe nan jou sa yo se te venn-senk-mil òm ki te rale nepe; tout sila yo se te vanyan gèrye.
47 But 600 men fled into the wilderness to the rock of Rimmon, staying there four months. Men sis-san òm te vire kouri vè dezè a nan wòch Rimmon e yo te rete nan wòch Rimmon pandan kat mwa.
48 The men of Israel turned back on the Benjaminites and struck them with the sword—the whole town, the people, the animals, everything they found. They also burned every town in their path. Mesye Israël yo, alò, te vire retounen kont fis a Benjamin yo pou te frape yo avèk lam nepe, tout vil la avèk bèt yo ak tout sa ke yo te twouve. Anplis, yo te mete dife nan tout vil ke yo te twouve yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]