Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 19 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this I heard in heaven what sounded like a huge crowd shouting loudly: "Hallelujah! Salvation and glory and power belong to our Father, Apre bagay sa yo, mwen te tande yon bagay tankou gwo vwa a yon gran foul nan syèl la ki t ap di: “Alelouya! Delivrans, laglwa ak pwisans apatyen a Bondye nou an.
2 for his judgments are true and just; he has judged the great prostitute who corrupted the earth with her immorality, and he has avenged on her the blood of his servants." Paske jijman Li yo vrè e jis. Paske Li te jije gran pwostitiye ki te konwonpi latè avèk imoralite li a, e sou li, Li te vanje san a sèvitè Li yo.”
3 And again they cried out: "Hallelujah! The smoke from her goes up forever and ever." “Yon dezyèm fwa, li te di: ‘Alelouya! Lafimen li an monte pou tout tan e pou tout tan.’”
4 Then the twenty-four elders and four living creatures fell and worshiped our Father seated on the throne, saying: "Amen! Hallelujah!" Konsa, venn-kat ansyen yo ak kat kreyati vivan yo a te tonbe pou adore Bondye ki chita sou twòn nan e t ap di: “Amen, Alelouya!”
5 A voice from the throne said: "Praise our Father, all his servants, who fear him, small and great." Epi yon vwa te vini sòti nan twòn nan e t ap di: “Bay lwanj a Bondye nou an, nou tout, sèvitè Li yo, nou menm ki gen lakrent li, piti kou gran.”
6 Then I heard what sounded like the voice of a great multitude, like the roar of many waters and like the rumbling of mighty thunder, crying out: "Hallelujah! For the Sovereign Father Almighty reigns. Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye.
7 Let us rejoice and be glad and give him the glory, for the marriage of the Lamb has come, and his bride has made herself ready. Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.”
8 She was given fine linen to wear, bright and pure"—for the fine linen is the righteous deeds of our Father's holy people. Yo te bay a lamarye a pou abiye li an lèn fen, briyan e pwòp, paske lèn fen an se zak ladwati a sen yo.
9 The angel told me, "Write: Blessed are those invited to the marriage supper of the Lamb." Then he said, "These are the true words of our Father." Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vrè pawòl a Bondye.”
10 I fell at his feet to worship him. But he said to me, "Don't! I am a fellow servant with you and your brothers and sisters who hold the testimony of Jesus. Worship our Father! For the testimony of Jesus is the spirit of prophecy." Answit, mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”
11 Then I saw heaven opened, and a white horse! Its rider—Jesus—is called Faithful and True, and he judges and makes war justly. Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
12 His eyes like a flame of fire, on his head many crowns, a written name only he knows. Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm.
13 He wears a robe dipped in blood, and his name is the Word of our Father. Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.
14 And the armies of heaven, clothed in fine linen, white and pure, followed him on white horses. Lame ki nan syèl yo, ki abiye an lèn fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
15 From his mouth comes a sharp sword to strike down the nations; he will rule them with a rod of iron. He treads the winepress of the fury of the wrath of our Father, the Almighty. Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.
16 On his robe and thigh a name is written: King of kings and Lord of lords. Epi sou vètman Li ak kwis Li, Li gen yon non ki ekri: “WA DÈ WA E SENYÈ DÈ SENYÈ.”
17 I saw an angel standing in the sun, shouting to all the birds flying overhead, "Come, gather for the great supper of our Father, Answit, mwen te wè yon zanj ki te kanpe nan solèy la. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa e t ap di a tout zwazo ki vole nan mitan syèl yo, “Vin rasanble pou gwo resepsyon Bondye a;
18 to eat kings' flesh, commanders' flesh, strong men's flesh, horses' flesh and their riders', all people's flesh—free and slave, small and great. pou nou kapab manje chè a wa yo, chè a kòmandan yo, chè a moun pwisan yo, chè a cheval yo, chè a sila ki chita sou yo, e chè a tout lèzòm; kit moun lib, kit esklav, piti kou gran.”
19 I saw the beast, the kings of the earth, and their armies gathered to make war on the horse's rider and on his army." Konsa, mwen te wè bèt la, wa latè ak lame yo rasanble pou fè lagè kont Sila ki te chita sou cheval la ak kont lame Li.
20 The beast was captured, along with the false prophet who did the signs before it, deceiving with them all who took the beast's mark and worshiped its image. Both were thrown alive into the lake of fire burning with sulfur. Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.
21 The rest were killed by the sword from the mouth of the horse's rider, and all the birds ate their fill of their flesh. Rès la te touye avèk nepe ki te sòti nan bouch a Sila ki te chita sou cheval la, e tout zwazo yo te vin ranpli avèk chè yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]