Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 18 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 After this I saw another angel coming down from heaven, holding great authority; the earth lit with his glory. Apre bagay sa yo, mwen te wè yon lòt zanj k ap desann sòti nan syèl la, avèk gwo otorite, e tè a te byen klere avèk glwa li.
2 He shouted loudly: "Fallen, fallen—great Babylon! She's become a home for demons, a haunt for every unclean spirit, a haunt for every unclean bird, a haunt for every unclean, hated beast. Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab.
3 For all the nations have drunk the wine of the passion of her immorality; the kings of the earth committed immorality with her, and the merchants of the earth have grown rich from the power of her luxury." Paske tout nasyon yo te bwè diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo.”
4 Then I heard another voice from heaven: "Come out of her, my people, so you don't share her sins or receive her plagues; Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo.
5 for her sins are piled up as high as heaven, and our Father has remembered her crimes. Paske peche li yo anpile vin menm wotè ak syèl la, e Bondye sonje tout inikite li yo.
6 Pay her back as she herself has paid out, and repay her double for what she has done; in the cup she mixed, mix a double portion for her. Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li.
7 As she glorified herself and lived in luxury, give her the same measure of torment and grief; for in her heart she says, 'I sit enthroned as a queen; I am no widow, and I will never see grief.' Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: “Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.”
8 For this reason her plagues will come in a single day—death and grief and famine—and she will be burned up with fire; for mighty is our Father, who has judged her." Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.
9 Earth's kings who sinned sexually and shared luxury with her will weep and wail over her, seeing the smoke of her burning. “Epi wa latè yo ki te komèt zak imoralite e ki te viv selon lachè avè l yo, va kriye e lamante sou li lè yo wè lafimen monte pandan l ap brile a.
10 Standing far off, fearing her torment, they say: "Woe, woe, great city, Babylon, mighty city! In one hour your judgment came." Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’
11 Earth's merchants weep and mourn over her, for no one buys their cargo anymore. “Konsa, machann latè yo kriye e lamante sou li paske pèsòn pa achte machandiz yo ankò.
12 Cargo of gold, silver, gems, pearls, fine linen, purple, silk, scarlet; all scented wood, every ivory item, costly wood, bronze, iron, marble. Machandiz lò, ajan, pyè presye, pèl, ak lèn fen, koulè mov, twal swa, wouj, tout kalite bwa sitwon ak tout kalite ivwa, tout atik ki fèt ak bwa ki koute chè, bwonz, fè, ak wòch mab.
13 Cinnamon, spice, incense, myrrh, frankincense, wine, olive oil, fine flour, wheat, cattle, sheep, horses, carriages, and human bodies and souls. Epi kanèl, epis, lansan, pafen, lwil doliv, farin fen, ble, bèf, mouton, ak kago bato cheval, cha, esklav, ak lavi moun.
14 "The ripe fruit your soul craved is gone from you; all your riches and splendor lost, never found again." “Fwi nou anvi yo disparèt, tout bagay ki te swa, chè oswa ekstrawòdinè yo te pase kite nou e moun p ap twouve yo ankò.
15 The merchants of these things who grew rich from her will stand far off, afraid of her torment, weeping and mourning, Machann a bagay sa yo, ki te vin rich akoz gran vil sa a va kanpe a yon distans akoz perèz toumant li an, yo va kriye e lamante.
16 and crying: "Grief, grief on the great city, dressed in fine linen, purple, and scarlet, gilded with gold, jewels, and pearls! In one hour such wealth is ruined." Yo va di: “Malè, malè, gran vil la, sila ki te abiye an lèn fen, mov e wouj la, ki te anbeli ak lò, pyè presye, ak pèl yo;
17 And every ship's captain, everyone who sails the seas, the sailors, and all who make their living from the sea stood far off, Paske nan yon èdtan, gran richès sa a gen tan vin gaspiye!” Epi tout kaptenn bato ak tout pasaje, tout maren e tout sila ki fè lavi yo nan travay lanmè yo, te kanpe a yon distans.
18 and cried out seeing the smoke of her burning: "What city was ever like the great city?" “E yo t ap kriye anmwey lè yo te wè lafimen dife li a, e t ap di: “Ki vil ki tankou gran vil sila a?”
19 They threw dust on their heads and cried out, weeping and mourning: "Woe, woe to the great city, where all with ships at sea grew rich from her wealth! In one hour she is ruined." Konsa, yo te jete pousyè sou tèt yo e t ap rele fò, kriye, lamante e t ap di: “Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!”
20 Rejoice over her, heaven, and you saints and apostles and prophets! For our Father has judged your case against her. “Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”
21 A mighty angel hurled a stone like a great millstone into the sea, saying: "So Babylon the great city will be thrown down violently, never found again. Answit, yon zanj pwisan te pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: “Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li p ap twouve ankò.
22 The sound of harpists and musicians, of flute players and trumpeters, will never be heard in you again. No craftsman of any craft will ever be found in you again. The sound of the mill will never be heard in you again. Konsa, son sila k ap jwe ap yo, mizisyen yo, sila k ap jwe flit ak twonpèt yo p ap tande nan ou ankò. P ap ankò gen moun okenn metye k ap twouve nan ou ankò. Ni bri moulen an p ap tande nan ou.
23 The light of a lamp will never shine in you again. The voice of groom and bride will never be heard in you again. For your merchants were the great ones of the earth, and all the nations were deceived by your sorcery. Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò. “Paske machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a.
24 In her was found the blood of prophets and saints, and of all slaughtered on the earth." Nan li menm te twouve san a pwofèt ak sen yo, ak tout sila ki te touye sou latè yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]