Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 17 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 One of the seven angels with the seven bowls came and spoke with me: "Come, I'll show you the judgment on the great prostitute who sits on many waters. Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo,
2 The kings of earth committed sexual sin with her, and earth's people got drunk on the wine of her sin." avèk sila a wa latè yo a te vin komèt zak imoralite. Tout sila ki demere sou latè yo te fè vin sou avèk diven imoralite li a.”
3 He carried me away in the Spirit into a wilderness, where I saw a woman sitting on a scarlet beast covered with names insulting God, with seven heads and ten horns. Li te pote mwen lwen nan Lespri a nan yon dezè. Mwen te wè yon fanm ki te chita sou yon bèt wouj, plen ak non blasfèm, ki te gen sèt tèt ak dis kòn.
4 The woman wore purple and scarlet, decked in gold, precious stones, and pearls, holding in her hand a gold cup full of detestable things and the impurities of her sexual sin. Fanm nan te abiye an mov ak wouj, e te dekore avèk lò, pyè presye, ak pèl. Nan men l, li te gen yon gode an lò, ranpli ak abominasyon, de tout bagay sal de imoralite li yo.
5 On her forehead was written a name, a mystery: "Babylon the great, mother of prostitutes and of earth's detestable things." Sou fon li, te ekri yon non: MISTÈ: “BABALONE LE GRAN, MANMAN A PWOSTITIYE AK ABOMINASYON SOU LATÈ YO”.
6 I saw the woman drunk on the blood of the saints, the blood of Jesus's witnesses. Seeing her, I was greatly amazed. Konsa, mwen te wè fanm nan sou avèk san a sen yo, e avèk san a temwen Jésus yo. Lè mwen te wè l, mwen te etone anpil.
7 The angel asked, "Why are you amazed? I'll tell you the mystery of the woman and of the beast carrying her, the one with the seven heads and the ten horns. Zanj lan te di mwen: “Poukisa ou etone? Mwen va di ou mistè a fanm nan ak bèt ki pote li a, sila ki gen sèt tèt ak dis kòn yo.
8 The beast you saw was, is not, and is about to rise from the abyss and go to its destruction. Those living on earth whose names were not written in the book of life from the foundation of the world will marvel to see the beast—for it was, is not, and will come. Bèt ke ou te wè, li te ye a, li pa la, e li prè pou sòti nan labim nan pou ale nan destriksyon. Epi sila ki rete sou latè yo, ke non yo pa ekri nan liv lavi a depi nan fondasyon mond lan, va etone lè yo wè bèt la jan li te ye, jan li pa la, ak jan li va vini an.
9 This calls for a wise mind: the seven heads are seven mountains the woman sits on, and they are seven kings. “Men panse ki gen sajès la. Sèt tèt yo se sèt mòn kote fanm nan chita yo.
10 Five have fallen, one is, the other has not yet come; when he comes, he must stay briefly. Yo se sèt wa. Senk te tonbe, youn la toujou, e lòt la poko vini, epi lè l vini, li dwe rete pou yon ti tan.
11 The beast that was and is not is itself an eighth, yet one of the seven, going to destruction. Bèt ki te ye a, e ki pa la a, li se yon uityèm tou, e youn nan sèt yo. L ap wale nan destriksyon.
12 The ten horns you saw are ten kings who haven't yet received a kingdom, but receive authority as kings for one hour with the beast. “Dis kòn ke ou te wè yo, se dis wa ki poko janm resevwa wayòm yo, men yo resevwa otorite tankou wa, ansanm avèk bèt la pandan yon èdtan.
13 These are of one mind, and they hand over their power and authority to the beast. Sa yo gen yon sèl bi, e yo va bay pouvwa yo ak otorite a bèt la.
14 They will fight the Lamb, and the Lamb will defeat them, since he is Lord of lords and King of kings, and those with him are called and chosen and faithful." Sila yo va fè lagè kont Jèn Mouton an, e Jèn Mouton an va venk yo, paske Li se Senyè dè senyè e Wadèwa. Konsa, sila ki avè l yo se sila ki gen apèl, ki chwazi e ki fidèl.
15 The angel told me, "The waters you saw, where the prostitute sits, are peoples, crowds, nations, and languages. “Ankò, li te di mwen: “Dlo ke ou te wè, kote pwostitiye a chita a, se pèp yo, foul yo, nasyon yo, ak lang yo.
16 The ten horns you saw, and the beast, will hate the prostitute. They will leave her desolate and naked, eat her flesh, and burn her up with fire. Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.
17 For our Father put it in their hearts to carry out his purpose, unite in one mind, and hand their kingdom to the beast, until our Father's words are fulfilled. “Paske Bondye te mete nan kè yo pou fè volonte L avèk bi ke yo gen ansanm nan, e pou donnen wayòm pa yo a bèt la, jiskaske pawòl Bondye yo ta vin akonpli.
18 The woman you saw is the great city that reigns over earth's kings." “Fanm ke ou te wè a se gran vil la, ki renye sou wa latè yo.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]