Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 16 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I heard a loud voice from the temple tell the seven angels, "Go, pour out the seven bowls of God's wrath on the earth." Konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan tanp lan ki t ap di a sèt zanj yo: “Ale vide sèt gode kòlè Bondye yo sou tè a.”
2 The first angel poured his bowl on the earth; harmful, painful sores broke out on those who had the beast's mark and worshiped its image. Donk, premye zanj lan te ale vide gode li a sou tè a. Konsa, li te devni yon maleng rayisab sou moun ki te pote mak a bèt la e ki te adore imaj li a.
3 The second poured his bowl into the sea; it became blood like a corpse's, and everything alive in the sea died. Dezyèm zanj lan te vide gode li a nan lanmè a, e li te devni san tankou san a yon moun mouri. Konsa, tout bagay vivan nan lanmè a te mouri.
4 The third angel poured his bowl into the rivers and springs of water, and they became blood. Answit, twazyèm zanj lan te vide gode li a nan rivyè ak sous dlo yo, e yo te tounen san.
5 I heard the angel of the waters say, "You are righteous, our Father, who is and who was, the Holy One, for you judged these things. Mwen te tande zanj a dlo yo k ap di: “Jis se Ou menm ki la e ki te la a, O Sila Ki Sen an, paske Ou te jije bagay sa yo.
6 For they shed the blood of your holy people and prophets, and you have given them blood to drink. It is what they deserve." Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”
7 And I heard the altar respond, "Yes, Sovereign Father Almighty, true and righteous are your judgments." Konsa, mwen te tande lotèl la ki t ap di: “Wi, O Bondye Senyè, Sila Ki Toupwisan an, vrè e jis se jijman Ou yo.”
8 The fourth angel poured his bowl on the sun, given to scorch people with fire. Katriyèm zanj lan te vide gode li a sou solèy la, epi li te bay a li menm pou chode moun avèk dife.
9 Scorched by intense heat, people insulted the name of our Father, who controls these plagues, and refused to repent and give him glory. Moun yo te chode avèk yon chalè. Konsa, yo te blasfeme non Bondye ki gen pouvwa sou fleyo sa yo, men yo pa t repanti pou ta ba Li glwa.
10 The fifth angel poured his bowl on the beast's throne, darkening its kingdom; people gnawed their tongues in pain, Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a.
11 and insulted our Father of heaven for their pains and sores, refusing to repent of their deeds. Yo te blasfeme Bondye syèl la, akoz de doulè ak maleng yo. Malgre sa a, yo pa t repanti de zèv yo.
12 The sixth angel poured his bowl on the great river Euphrates; its water dried up, clearing the way for the kings from the east. Sizyèm zanj lan te vide gode li a sou gran rivyè Euphrate la. Dlo li te vin seche, pou chemen an ta kapab prepare pou wa ki sòti nan lès yo.
13 I saw three frog-like unclean spirits come from the mouths of the dragon, the beast, and the false prophet. Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo.
14 Demonic spirits performing signs, they go out to kings of the whole world to gather them for battle on the great day of our Father, the Almighty. Se te lespri a demon yo, ki t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.
15 "Look, I'm coming like a thief! Blessed is he who stays awake and keeps his clothes, so he won't walk naked and they see his shame." “Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”
16 And they gathered the kings together to the place that in Hebrew is called Armageddon. Konsa, yo te rasanble ansanm kote ki, an Ebre, yo rele Harmaguédon an.
17 The seventh angel poured his bowl into the air, and a loud voice from the temple throne said, "It is done!" Answit, setyèm zanj lan te vide gode li anlè. Yon gwo vwa te sòti nan tanp lan bò kote twòn nan. Li te di: “Sa fin fèt.”
18 Lightning flashed, rumblings sounded, thunder rolled, and a massive earthquake struck—the worst since humanity began on earth—so great was that earthquake. Te gen kout eklè, gwo bri ak gwo kout tonnè. Konsa te fèt yon gwo tranbleman detè, tankou pa t janm genyen depi lòm te vini sou latè, tèlman tranbleman detè a te gran e pwisan.
19 The great city split into three parts; the nations' cities fell. Babylon the great was remembered before our Father, to make her drink the cup of the wine of his fierce wrath. Gran vil la te fann an twa pati, e gran vil a nasyon yo te tonbe. Konsa, Babylone le gran te sonje devan Bondye, pou Li ba li gode diven de kòlè vyolan Li a.
20 Every island fled away, and no mountains could be found. Tout lil yo te sove ale, e mòn yo pa t kab twouve.
21 Huge hailstones, about one hundred pounds each, fell from heaven on the people, who cursed our Father for the plague of hail, because the plague was so terrible. Gwo bòl lagrèl chak te peze anviwon san liv, te desann sòti nan syèl la tonbe sou moun. Pou sa a, moun te blasfeme Bondye akoz defleyo lagrèl la, paske fleyo li a te ekstrèmman grav.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]