Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 I saw an angel coming down from heaven, with the abyss's key and a great chain in hand. Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.
2 He seized the dragon, the ancient serpent, the devil and Satan, and bound him 1,000 years. Li te pran dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane.
3 He threw him into the abyss, shut and sealed over him, to stop him deceiving the nations until the 1,000 years ended; then he must be freed briefly. Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.
4 I saw thrones; those seated on them received authority to judge. I saw too the souls of those beheaded for their witness to Jesus and the word of our Father—who had not worshiped the beast or its image, nor accepted its mark on forehead or hand. They came alive and reigned with Christ 1,000 years. Answit mwen te wè twòn yo ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.
5 (The rest of the dead didn't live until the 1,000 years ended.) This is the first resurrection. Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. Sa se premye rezirèksyon an.
6 Blessed and holy is the one sharing the first resurrection; the second death has no power over them, but they will be priests of our Father and of Christ, reigning with him 1,000 years. Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.
7 When the 1,000 years are ended, Satan will be released from his prison. Lè mil ane yo vin fini, Satan va lage soti nan prizon li an,
8 He will go out to deceive the nations at earth's four corners—Gog and Magog—gathering them for war, numbering like the sea's sand. epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè.
9 They advanced across the earth's full breadth and surrounded the saints' camp and the beloved city, but fire fell from our Father out of heaven and devoured them. Yo te monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.
10 The devil who deceived them was thrown into the lake of fire and sulfur, joining the beast and false prophet. They will be tormented day and night forever and ever. Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.
11 I saw a great white throne and its occupant. Earth and heaven fled from his presence; no place remained for them. Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.
12 I saw the dead, great and small, standing before the throne. Scrolls were opened, and another—the book of life. The dead were judged by what was written in the scrolls, each by their deeds. Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo.
13 The sea gave up its dead; Death and the grave gave up theirs; each was judged by what they had done. Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14 Death and the grave were thrown into the lake of fire. This is the second death—the lake of fire. Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
15 Anyone whose name was not found written in the book of life was thrown into the lake of fire. Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]