Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then I saw a new heaven and new earth, for the first heaven and first earth had passed, and the sea was no more. Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 I saw the holy city, new Jerusalem, coming down out of heaven, from our Father, ready like a bride dressed for her husband. Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 I heard a loud voice from the throne say, "Look, our Father's dwelling is with humanity. He will live with them; they will be his people, and he himself, their Father, will be with them. Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo.
4 Our Father will wipe away every tear from their eyes, and death will be no more, neither will there be mourning, nor crying, nor pain anymore, for the former things have passed away." Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
5 The one seated on the throne said, "Look, I am making everything new." He added, "Write this: these words are trustworthy and true." Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
6 He told me: "Done. I am the Alpha and the Omega, the beginning and the end. To the thirsty I will freely give from the spring of the water of life. Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè.
7 Whoever conquers will inherit these, and I will be his Father, and he will be my son. Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.
8 But the cowardly, unfaithful, detestable, murderers, the sexually immoral, sorcerers, idol worshipers, and all liars—their share is in the lake that burns with fire and sulfur, the second death." Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
9 One of the seven angels holding the seven bowls filled with the seven final plagues came, telling me, "Come, I'll show you the Bride, the wife of Jesus, the Lamb." Answit, youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode ki te plen avèk sèt dènye fleyo yo te vini pale avè m. Li t ap di: “Vini isit la. Mwen va montre ou lamarye a, madanm Jèn Mouton an.”
10 He carried me away in the Spirit to a great, high mountain, and showed me the holy city Jerusalem descending from heaven, from our Father, Konsa, li te pote mwen ale nan lespri a nan yon gwo mòn wo, e li te montre m vil sen an, Jérusalem, ki t ap desann sòti nan syèl la kote Bondye.
11 showing our Father's glory, brilliant like the rarest of jewels, jasper, clear as crystal. Li te gen laglwa Bondye. Li te klere tankou yon pyè presye ki koute trè chè, tankou yon pyè jasp klè tankou kristal.
12 It had a great, high wall with twelve gates, twelve angels stationed at them, and the names of the twelve tribes of Israel's sons written there, Li te gen yon gwo miray wo avèk douz pòt. Nan pòt yo, te gen douz zanj, epi non yo te ekri sou yo, ki se non a douz tribi a fis Israël yo.
13 on the east three gates, on the north three gates, on the south three gates, on the west three gates. Te gen twa pòt nan lès, twa pòt nan nò, twa pòt nan sid, e twa pòt nan lwès.
14 The city's wall had twelve foundations, bearing the twelve names of the twelve apostles of Jesus, the Lamb. Epi miray vil la te gen douz wòch nan fondasyon an, e sou yo, se te douz non a douz apot Jèn Mouton an.
15 The one speaking with me held a gold measuring rod to measure the city, its gates, and its walls. Sila ki te pale avè m nan te gen yon baton mezi ki te fèt an lò pou mezire vil la, pòtay li yo, ak miray li a.
16 The city is square, its length equal to its width. He measured it with his rod: about 1,400 miles—length, width, and height equal. Vil la te fèt kòn yon kare. Longè li te menm fòs ak lajè li. Li te mezire vil la avèk baton an: de-mil-de-san kilomèt. Longè li, lajè li ak wotè li te egal.
17 He measured its wall—about 216 feet, by human measurement, which is also the angel's. Epi li te mezire miray li a, swasann-douz mèt, selon mezi a yon moun, sa vle di, yon zanj.
18 The wall was built of jasper, while the city was pure gold, clear as glass. Materyèl miray la te jasp. Vil la se te lò pi, tankou vit klè.
19 The city wall's foundations were covered with every kind of jewel: first jasper, second sapphire, third agate, fourth emerald, Fondasyon pou miray vil la te dekore avèk tout kalite pyè presye. Wòch premye fondasyon an se te jasp, dezyèm nan, Safi, twazyèm nan, agat, katriyèm nan, emwod,
20 fifth onyx, sixth carnelian, seventh chrysolite, eighth beryl, ninth topaz, tenth chrysoprase, eleventh jacinth, and twelfth amethyst. senkyèm nan, oniks, sizyèm nan, sadwàn, setyèm nan, krizolit, uityèm nan, beril, nevyèm nan, topaz, dizyèm nan, krizopraz, onzyèm nan, tikwaz, douzyèm nan, ametis.
21 The twelve gates were twelve pearls, each gate made from a single pearl. The city's street was pure gold, clear as glass. Epi douz pòtay yo se te douz pèl. Chak pòtay te yon sèl pèl. Epi ri vil la te an lò pi, tankou vit klè.
22 I saw no temple in the city, for its temple is the Sovereign Father Almighty and Jesus, the Lamb. Mwen pa t wè tanp ladann, paske Senyè Bondye Toupwisan an ak Jèn Mouton an se te tanp li.
23 The city needs no sun or moon to shine on it—our Father's glory lights it, and its lamp is Jesus, the Lamb. Vil la pa gen bezwen solèy oubyen lalin pou klere sou li, paske laglwa Bondye te klere li, e lanp li se te Jèn Mouton an.
24 The nations will walk by its light, and earth's kings will bring their glory into it. Nasyon yo va mache pa limyè li. E wa latè yo va pote laglwa nasyon yo ladann.
25 And its gates will never be shut by day—and there will be no night there. Nan lajounen (paske p ap gen lannwit la), pòtay li yo p ap janm fèmen.
26 They will bring into it the glory and the honor of the nations. Konsa, yo va pote laglwa ak lonè a nasyon yo ladann pou yo ka antre.
27 Nothing unclean will ever enter it, nor anyone who does what is detestable or false—only those written in the book of life of Jesus, the Lamb. P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]