Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Revelation 22 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then the angel showed me the river of life-giving water, bright as crystal, flowing from the throne of our Father and of Jesus, the Lamb, Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an,
2 down the middle of its street. On each side of the river grew the tree of life, bearing twelve kinds of fruit, yielding its fruit each month; and the leaves of the tree are for the healing of the nations. nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.
3 No curse will remain. The throne of our Father and of Jesus, the Lamb, will be in the city, and his servants will worship him. P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladann l, e sèvitè Li yo va sèvi Li.
4 They will see his face, and his name will be on their foreheads. Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.
5 No more night. They need no lamp or sunlight, for our Father gives them light, and they will reign forever and ever. Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.
6 Then the angel said to me, "These words are faithful and true. Our Father, who inspires his prophets, has sent his angel to show his servants what must soon happen." Konsa, Li te di mwen: “Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.
7 "Look, I am coming soon! Blessed is whoever keeps the words of this book's prophecy." “Gade byen, Mwen ap vini vit. Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”
8 I, John, heard and saw these things. When I heard and saw them, I fell to worship at the feet of the angel who showed me them. Alò, Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.
9 But he said, "Don't! I serve with you, your brothers the prophets, and those keeping this book's words. Worship our Father!" Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de liv sa a. Olye sa, adore Bondye.”
10 He told me, "Don't seal the words of this book's prophecy—the time is near. Epi li te di mwen: “Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch.
11 Let the wrongdoer keep wronging; the filthy stay filthy; the righteous keep doing right; the holy stay holy." Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.
12 "Look, I am coming soon, my reward with me, to repay each one for what they've done. “Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè.
13 "I am the Alpha and the Omega, the First and the Last, the Beginning and the End." Mwen se Alfa a ak Omega a, premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”
14 Blessed are those who wash their robes, gaining the right to the tree of life and entry through the city gates. Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.
15 Outside are dogs, sorcerers, the sexually immoral, murderers, idol worshipers, and all who love and practice lies. Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
16 "I, Jesus, sent my angel to testify these to you for the churches. I am David's Root and Offspring, the bright Morning Star." “Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”
17 The Holy Spirit and the Bride say, "Come!" Whoever hears, say, "Come!" Whoever is thirsty, come; whoever wishes, take the water of life freely. Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi a san frè a vini.
18 I testify to everyone who hears this book's words of prophecy: if anyone adds to them, our Father will add to that person the plagues written here. Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a.
19 If anyone takes away from the words of this prophecy book, our Father will take away their share in the tree of life and holy city described here. Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.
20 He who testifies to these things says, "Yes, I am coming soon." Amen. Come, Lord Jesus! Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, Mwen ap vini vit.” Amen. Vini, Senyè Jésus.
21 The grace of the Lord Jesus be with all. Amen. Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]