Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 36 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The family heads of Gilead's clan—descendants of Machir son of Manasseh, from Joseph's clans—approached and spoke before Moses and the leaders, heads of Israel's family clans. Epi chèf lakay zansèt a fis a Galaad yo, fis a Makir yo, fis a Manassé a, a zansèt a Joseph yo, te vin toupre pou te pale devan Moïse ak devan chèf yo, chèf lakay zansèt a fis Israël yo.
2 They said, "Our Father commanded my lord to give the land as an inheritance by lot to Israel's people, and my lord was commanded by our Father to give our brother Zelophehad's inheritance to his daughters. Yo te di: “SENYÈ a te kòmande mèt pa mwen an pou bay peyi a pa tiraj osò a fis Israël yo. E mèt mwen an te kòmande pa SENYÈ a pou bay eritaj a Tselophchad la, frè nou an, bay pitit fi li yo.
3 If they marry men from other Israelite tribes, their inheritance will be removed from our fathers' inheritance and added to their new tribe's, shrinking our allotted inheritance. Men si yo marye avèk youn nan fis nan lòt tribi fis Israël yo, eritaj yo va retire nan eritaj zansèt nou yo, e li va vin ajoute a eritaj a tribi sou sila yo vin manm nan. Konsa, l ap retire nan eritaj ki te tonbe nan dwa nou an.
4 When Israel's jubilee comes, their inheritance joins the inheritance of the tribe they marry into, taken from our fathers' tribe's inheritance." Lè jibile a rive, alò, eritaj pa yo a va ajoute a eritaj tribi kote yo manm nan. Konsa, eritaj pa yo a va retire nan eritaj tribi a zansèt nou yo.”
5 So Moses commanded the Israelites at our Father's word, saying, "The tribe of Joseph speaks rightly. Alò, Moïse te kòmande fis a Israël yo pa pawòl a SENYÈ a, e te di: “Sa ke tribi a fis Joseph yo di a se sa.
6 This is what our Father commands about Zelophehad's daughters: they may marry whoever they think best, only within their father's tribal clan. Se sa ke SENYÈ a te kòmande konsènan fi a Tselophchad yo e te di: ‘Kite yo marye ak nenpòt moun ke yo vle; men fòk yo marye nan pwòp fanmi a tribi zansèt papa pa yo.
7 No Israelite inheritance may pass from tribe to tribe; each Israelite must keep their ancestral tribe's inheritance. Konsa, nanpwen eritaj nan fis Israël yo ki va transfere de tribi a tribi, paske fis Israël yo va chak kenbe eritaj a tribi zansèt yo.
8 Every daughter who inherits in an Israelite tribe must marry within her father's tribal clan, so every Israelite keeps his ancestral inheritance. Chak fi ki vin posede yon eritaj nan yon tribi a fis Israël yo va madanm a yon moun ki nan fanmi tribi zansèt papa li a, pou chak fis Israël yo kapab posede eritaj a zansèt pa yo.
9 No inheritance may pass from one tribe to another; each tribe of Israel must hold to its own inheritance." Konsa nanpwen eritaj k ap transfere de yon tribi rive nan yon lòt tribi. Paske, tribi a fis Israël yo va chak kenbe nan pwòp eritaj pa yo.’”
10 Just as our Father commanded Moses, so the daughters of Zelophehad did. Jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la, se konsa fi a Tselophchad yo te fè:
11 Mahlah, Tirzah, Hoglah, Milcah, and Noah, the daughters of Zelophehad, married their cousins on their father's side. Machla, Thirtsa, Hogla, Milca, ak Noa, fi a Tselophchad yo, yo te marye avèk fis a tonton yo.
12 They married into the clans of Manasseh son of Joseph's descendants, and their inheritance stayed in their father's tribal clan. Yo te marye sa yo soti nan fanmi a fis a Manassé yo, fis a Joseph la, e eritaj yo te rete avèk tribi a fanmi zansèt papa yo.
13 These are the commands and rulings our Father commanded through Moses to Israel's people on the plains of Moab, by the Jordan at Jericho. Sa yo se kòmandman ak règleman ke SENYÈ a te kòmande a fis Israël yo pa Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an, anfas Jéricho.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]