Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Moses spoke these words to all Israel across the Jordan, in the wilderness, in the Arabah opposite Suph, between Paran and Tophel, Laban, Hazeroth, and Dizahab. Sa yo se pawòl a Moïse ke li te pale a tout pèp Israël la lòtbò Jourdain an, nan dezè a, nan Arabah, anfas Suph, antre Paran, Tophel, Laban, Hatséroth, ak Di-Zahab.
2 It is eleven days' journey from Horeb by the way of Mount Seir to Kadesh-barnea. Se te yon vwayaj onz jou soti nan Horeb pa chemen a Mòn Séir pou rive nan Kadès-Barnéa.
3 In the fortieth year, on the eleventh month's first day, Moses told Israel all our Father had commanded him for them, Nan katriyèm ane a, nan premye jou nan onzyèm mwa a, Moïse te pale avèk fis Israël yo selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande li anvè yo,
4 after he defeated Sihon king of the Amorites, who lived in Heshbon, and Og king of Bashan, who lived in Ashtaroth and Edrei. lè li te fin bat Sihon, wa Amoreyen ki te rete Hesbon an, ak Og, wa Basan an, ki te rete Aschtaroth avèk Édréï.
5 Beyond the Jordan, in the land of Moab, Moses began to explain this instruction, saying: Anfas Jourdain an, nan peyi Moab la, Moïse te kòmanse fè eksplikasyon sou lwa sa a. Li te di:
6 Our Father spoke to us at Horeb, saying, "You have stayed long enough at this mountain. “SENYÈ a, Bondye nou an, te pale avèk nou isit la nan Horeb, e Li te di: ‘Nou gen tan rete la a nan mòn sa pou ase de tan.
7 Turn and travel to the Amorite hills and all their neighbors—the Arabah, hills, lowland, Negev, seacoast—the Canaanite land, Lebanon, as far as the great Euphrates River. Vire kòmanse vwayaj nou an pou ale nan peyi mòn ki pou Amoreyen yo e vè tout kote nan Arabah yo nan peyi mòn yo, nan teren ba yo, nan Negev la, nan lanmè a, peyi a Canaran yo ak nan Liban jis rive nan gran rivyè Lefrat la.
8 Look, I have set the land before you. Go possess the land I swore to give your fathers—Abraham, Isaac, and Jacob—and their descendants after them." Nou wè, Mwen te mete tout peyi a devan nou. Ale ladann pou posede peyi ke SENYÈ a te sèmante pou bay a zansèt nou yo—a Abraham, Isaac, e a Jacob—a yo menm ak desandan ki apre yo.’”
9 At that time I said to you, "I am not able to carry you by myself. “Mwen te pale avèk nounan tan sa a pou te di nou, ‘Mwen sèl p ap kapab pote fado nou pou kont mwen.
10 Your Father has multiplied you, and today you are as numerous as the stars of heaven. SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil, e gade byen, jodi a nou vin anpil tankou zetwal nan syèl la.
11 May our Father multiply you 1,000 times over and bless you, as he promised you. Ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, kapab fè nou vin miltipliye yon mil fwa anplis ke nou ye a, e beni nou jis jan ke li te pwomèt nou an.
12 How can I bear by myself the weight and burden of you and your strife? Kijan mwen sèl mwen, ta kapab sipòte fado a nou menm avèk tout zen nou konn fè yo?
13 Choose for your tribes wise, understanding, and experienced men, and I will appoint them as your heads." Chwazi moun ki saj, ki gen disènman avèk eksperyans nan pwòp tribi nou yo e mwen vaapwente yo kòm chèf nou.’
14 And you answered me, "The thing that you have spoken is good for us to do." “Nou te reponn mwen e te di: ‘Bagay ke ou di a, bon.’
15 So I took your tribal heads—wise, experienced men—and made them leaders over you: commanders of thousands, hundreds, fifties, tens, and officers for your tribes. “Konsa, mwen te pran chèf an tèt tribi nou yo, moun saj avèk eksperyans, e mwen te apwente yo kòm chèf sou nou, dirijan a dè milye, a dè santèn, a dè senkantèn, a dè dizèn ak ofisye pou tribi nou yo.
16 At that time I instructed your judges: "Hear cases between your brothers, and judge justly between a man, his brother, or the foreigner with him. Mwen te pase lòd ak jij nou yo nan tan sa a. Mwen te di, ‘Tande ka ki parèt antre nou menm avèk moun peyi parèy nou yo, e jije avèk ladwati antre yon nonm avèk moun peyi parèy a li, oswa etranje ki pami nou an.
17 Show no favoritism in judgment; hear small and great alike. Fear no one, for judgment belongs to our Father. Bring me any case too hard for you; I will hear it." Nou pa pou gen moun pa nan jijman an; nou va tande moun gwo pwa avèk moun ki manke pwa egal menm jan. Nou pa pou pè moun, paske jijman an se pou Bondye. Ka ki twò difisil pou nou an, nou va pote li ban mwen, e mwen va tande l.’
18 And I commanded you at that time all the things that you should do. Mwen te kòmande nou nan tan sa a, tout bagay ke nou te gen pou fè.
19 We left Horeb and went through that whole vast, frightening wilderness you saw, toward the Amorite hill country, as our Father commanded us, and came to Kadesh-barnea. “Konsa, nou te pati Horeb pou te pase nan tout gran dezè tèrib sila a ke nou te wè nan wout la pou rive nan peyi mòn a Amoreyen yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an; epi nou te vini Kadès Barnéa.
20 I said to you: You have reached the Amorites' hill country, which our Father is giving us. Mwen te di nou: ‘Nou gen tan vini nan peyi mòn a Amoreyen yo ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.
21 See, your Father has put the land before you. Go up, take it, as our Father promised. Don't fear or lose heart. Nou wè, SENYÈ a, Bondye nou an, te mete peyi a devan nou. Monte ladann, posede li, jan SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te pale nou an. Pa pè, ni dekouraje.’”
22 All of you came to me and said, "Let's send men ahead to scout the land for us and bring back word on the route to take and the cities we'll reach." “Konsa, nou tout te vin kote m e te di: ‘Annou voye moun devan nou pou yo kapab fè ankèt peyi a pou nou, pou retounen bannou yon pawòl konsènan chemen nou ta dwe monte a ak vil ke nou va antre yo.’
23 The plan seemed good to me, so I took twelve of your men, one from each tribe. “Sa te fè m plezi. Mwen te pran douz mesye pami nou, yon mesye pou chak tribi.
24 They turned and went up into the hill country, reached the Valley of Eshcol, and explored it. Yo te vire pou te monte nan peyi mòn nan, e yo te rive nan vale Eschcol la pou espyone ladann.
25 They took some of the land's fruit in their hands, brought it down to us, and reported: "The land our Father is giving us is good." Epi yo te pran kèk nan fwi peyi a nan men yo pou te pote li bannou. Yo te mennen bannou yon rapò. Yo te di: ‘Se yon bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, prèt pou bannou an.’”
26 Yet you would not go up, and you rebelled against the command of your Father. “Men nou pa t vle monte. Nou te fè rebèl kont kòmand a SENYÈ a, Bondye nou an.
27 And you grumbled in your tents and said, "Because God hates us, he brought us out of the land of Egypt to put us in the Amorites' hands, to destroy us. Nou te plenyen nan tant nou yo e te di: ‘Akoz SENYÈ a rayi nou, Li te mennen nou sòti nan peyi Égypte la pou livre nou nan men Amoreyen yo pou detwi nou.
28 Where are we going up? Our brothers melted our hearts, saying, 'A people bigger and taller than us; huge cities walled to the sky; and we saw Anakim's sons there too.'" Kibò nou kab monte?’ Frè nou yo te fè kè nou fann. Yo te di: ‘Pèp la pi gran e piwo pase nou! Vil yo gran e fòtifye jis rive nan syèl la!’ Anplis, nou te wè fis a Anak yo la!”
29 Then I said to you, "Do not be terrified or afraid of them. “Konsa, mwen te di nou: ‘Pa etone, ni pa pè yo.
30 Your Father, going before you, will himself fight for you, as he did for you in Egypt, before your eyes, SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou,
31 and in the wilderness, where you saw your Father carry you, as a father carries his son, all the way you traveled until you reached this place." epi nan dezè a kote nou te wè kijan SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”
32 Yet in spite of this word you did not believe your Father, “Men malgre tout sa, nou pa t mete konfyans nan SENYÈ a, Bondye nou an,
33 going ahead of you on the road to scout your campsite—fire by night, cloud by day—showing you the way to go. ki te ale devan nou nan chemen an pou chèche yon kote pou nou fè kan, kòm dife nan aswè ak nwaj nan lajounen pou montre nou nan ki chemen nou dwe ale.
34 And our Father heard what you said, and he was angry, and he swore, “Epi SENYÈ a te tande son pawòl nou yo. Li te fache. Li te sèmante e te di:
35 "None of these men, this evil generation, will see the good land I swore to give your fathers, ‘Nanpwen youn nan mesye sa yo, jenerasyon mechan sila a, ki va wè bon peyi ke mwen te sèmante pou bay a zansèt nou yo.
36 except Caleb son of Jephunneh. He will see it, and I will give him the land he walked on, and his children, because he fully followed our Father.' Sof ke Caleb, fis a Jephunné a. Li va wè li. A li menm avèk fis li yo Mwen va bay peyi kote li te mete pye li akoz li te swiv SENYÈ a nèt.’
37 "our Father was angry with me too because of you, saying, 'You also will not enter there.' “Anplis, SENYÈ a te fache avèk mwen osi akoz nou menm. Li te di: ‘Ni ou menm tou, ou p ap antre la.
38 Joshua son of Nun, who stands before you, will enter there. Strengthen him; he will give Israel its inheritance. Josué, fis a Nun nan, ki kanpe la devan nou an, li va antre la. Ankouraje li, paske li va fè Israël jwenn eritaj li a.
39 Your little ones, who you said would be plunder, and your children, who today don't know good from evil—they will enter it. I will give it to them; they will possess it. “‘Anplis, pitit nou ke nou te di ta devni yon piyaj la, ak fis nou ki nan jou sa a pa t gen konesans a ni sa ki bon ak sa ki mal, va antre la. Mwen va bay yo li, e yo va posede li.
40 But you—turn and set out into the wilderness by the road to the Red Sea." Men pou nou menm, vire pa dèyè, e fè wout nou pou dezè a pa Lamè Wouj.’
41 Then you answered me, "We sinned against our Father. We will go up and fight, as our Father commanded us." Each of you strapped on his weapons, thinking it easy to go up into the hill country. “Konsa, nou te di mwen: ‘Nou te peche kont SENYÈ a; anverite, nou va monte pou fè lagè, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an.’ Epi tout gason nan nou te mete zam sou yo. Yo te kalkile ke li te fasil pou monte nan peyi mòn nan.”
42 Our Father said to me, "Tell them: 'Don't go up or fight, for I'm not among you, or you'll be struck down before your enemies.'" “Men SENYÈ a te di mwen: ‘Di yo: “Pa monte, ni goumen, paske Mwen pa pami nou. Otreman, nou va vin bat devan lènmi nou yo.”’
43 I spoke to you, but you didn't listen. You rebelled against our Father's command, acted arrogantly, and went up into the hill country. “Konsa, mwen te pale avèk nou, men nou pa t koute mwen. Olye de sa, nou te fè rebèl kont kòmand SENYÈ a. Nou te aji avèk awogans e nou te monte nan peyi mòn lan.
44 The Amorites living in that hill country came out against you, chased you like bees, and crushed you in Seir as far as Hormah. Amoreyen ki te rete nan peyi mòn sa yo te parèt kont nou. Yo te chase nou tankou myèl ta fè e yo te kraze nou soti nan Séir jis rive nan Horma.
45 You returned and wept before our Father, but our Father didn't hear your voice or listen to you. Konsa, nou te retounen pou te kriye fò devan SENYÈ a; men SENYÈ a pa t koute vwa nou, ni bannou zòrèy Li.
46 So you stayed at Kadesh many days, the many days that you remained there. Pou sa, nou te rete Kadès pandan anpil jou, jou sa yo ke nou te pase la a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]