Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 2 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Then we turned and traveled toward the wilderness by way of the Red Sea, as our Father told me, and circled Mount Seir for many days. “Epi nou te vire pati vè dezè a pa chemen Lamè Wouj la, jan SENYÈ a te pale mwen an, e nou te ansèkle Mòn Séir pandan anpil jou.
2 Then our Father said to me, “Epi SENYÈ a te pale avèk mwen. Li te di:
3 "You have gone around this hill country long enough. Turn northward. ‘Nou gen tan fin ansèkle mòn sa a pandan ase de tan. Vire bò kote nò a.
4 Command the people: You are crossing the territory of your brothers, Esau's descendants, who live in Seir. They will fear you—be very careful. Kòmande pèp la e di yo: “Nou va pase nan teritwa frè nou yo, fis a Ésaü yo ki rete Séir, eyo va pè nou. Pou sa, fè atansyon.
5 Do not provoke them; I will not give you any of their land, not even a footstep's width, since I have given Mount Seir to Esau as his possession. Pa bourade yo, paske Mwen p ap bannou okenn nan tè pa yo, menm yon ti mòso, paske Mwen te bay Ésaü Mòn Séir pou posede l.
6 Buy food from them for silver to eat, and also buy water from them for silver to drink. Nou va achte manje nan men yo avèk lajan pou nou kapab manje. Epi nou va, osi, achte dlo pou bwè nan men yo avèk lajan nou.”’”
7 "For your Father has blessed you in all the work of your hands. He has known your journey through this great wilderness. These forty years your Father has been with you; you have lacked nothing." “Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”
8 So we passed by our brothers, the descendants of Esau who live in Seir, away from the Arabah road that comes up from Elath and Ezion-geber. Then we turned and went on toward the wilderness of Moab. “Pou sa, nou te pase devan kite frè nou yo, fis a Esaü ki rete Séir yo, lwen wout Araba a, lwen Élath ak Etsjon-Guéber. Konsa, nou te vire pase nan chemen dezè Moab la.
9 And our Father said to me, "Do not harass Moab or provoke them to battle, for I will not give you any of their land as a possession, since I have given Ar to Lot's descendants as a possession." “Alò, SENYÈ a te di mwen, ‘Pa menase Moab, ni pa fè pwovokasyon lagè, paske Mwen p ap bannou okenn nan peyi pa yo pou posede. Paske Mwen te bay Ar a fis a Lot yo kòm posesyon.’
10 (The Emim formerly lived there, a large and powerful people, as tall as the Anakim. “(Avan, se te pèp Émim ki te rete la; yon gwo pèp, gran an kantite, e wo menm jan ak Anakim (jeyan yo).
11 Like the Anakim, they too are counted as Rephaim, but the Moabites call them Emim. Tankou Anakim yo, yo konnen kòm Rephaïm; men Moabit yo, te rele yo Émim.
12 Horites once lived in Seir, but Esau's descendants drove out and destroyed them, settling in their place—just as Israel did in the land our Father gave them.). Otrefwa, se te Oriyen yo ki te rete Séir, men fis a Esaü yo te deplase yo, te detwi yo devan yo, e yo te vin rete nan plas yo, jis jan ke Israël te fè lè yo te vin posede peyi pa yo ke SENYÈ a te bay yo.)
13 Now get moving and cross the Wadi Zered." So we crossed the Wadi Zered. “‘Koulye a, leve travèse ravin Zéred la, nou menm.’ Konsa, nou te travèse ravin Zéred la.
14 From Kadesh-barnea to crossing the Wadi Zered took thirty-eight years, until the whole generation of fighting men had died out of the camp, as our Father had sworn to them. “Alò, tan ke nou te pran pou sòti Kadès-Barnéa pou vin travèse ravin Zéred la se te trann-tuit ane, jiskaske tout jenerasyon moun lagè yo te mouri soti anndan kan an, jan SENYÈ a te sèmante a yo menm nan.
15 Indeed, the hand of our Father was against them, rooting them out from the camp until they perished. Anplis, men a SENYÈ a te kont yo, pou detwi yo soti anndan kan an jiskaske yo tout te mouri.
16 So when all the fighting men had finally perished and died from among the people, “Epi li te vin rive ke lè tout moun lagè yo te fin mouri pami pèp la,
17 our Father said to me, ke SENYÈ a te pale avè m e te di:
18 "Today you are to cross the boundary of Moab at Ar. ‘Jodi a, ou va travèse sou Ar, lizyè a Moab la.
19 When you come near the Ammonites, do not attack or provoke them, for I will not give you any of their land as a possession—I gave it to Lot's descendants as their possession." Lè ou vin anfas fis Ammon yo, pa menase yo ni pwovoke yo, paske Mwen p ap bay ou okenn nan peyi ki pou fis Ammon yo kòm posesyon pa w, paske Mwen te bay li a fis a Lot yo kòm posesyon.’
20 (That too counts as Rephaim land—Rephaim lived there before, though Ammonites call them Zamzummim, “(Li rele osi peyi a, Rephaïm, akoz Rephaïm yo te viv la avan sa, men Amonit yo rele yo Zamzumminim,
21 a large and powerful people, tall as the Anakim. But our Father destroyed them before the Ammonites, who drove them out and settled in their place, yon pèp tèlman gran e anpil, wo tankou Anakim, men SENYÈ a te detwi yo devan yo. Epi yo te chase yo sòti pou te vin rete nan plas yo,
22 as he did for Esau's descendants living in Seir, when he destroyed the Horites before them; they drove them out and settled in their place, remaining to this day. jis jan ke li te fè pou fis Esaü yo, ki te rete Séir, lè Li te detwi Oriyen yo soti devan yo; yo te chase yo e yo te vin rete nan plas yo menm jiska jodi a.
23 The Avvim lived in villages as far as Gaza; Caphtorim, who came from Caphtor, destroyed them and settled in their place.). Epi Avyen ki te rete nan vil yo jis rive kote Gaza, Kaftorim yo ki te sòti nan Caphtor, te detwi yo, e te vin viv nan plas yo.)
24 "Set out and cross the Wadi Arnon. Look, I have given Sihon the Amorite, king of Heshbon, and his land into your hand. Begin to take possession—engage him in battle. “Leve, pati, e pase nan vale Arnon an. Gade! Mwen te bay Sihon, Amoreyen an, wa a Hesbon avèk peyi pa l nan men nou. Kòmanse pran posesyon an e atake li pou fè lagè.
25 Today I will begin putting dread and fear of you on every people under heaven. They will hear the report of you, tremble, and writhe in anguish because of you." Nan jou sila a, Mwen va kòmanse mete lakrent ak laperèz ou sou pèp toupatou anba syèl yo, ki, lè yo tande rapò a ou menm, yo va tranble e soufri nan laperèz akoz de ou.”
26 I sent messengers from the wilderness of Kedemoth to Sihon king of Heshbon with words of peace, saying, “Konsa, Mwen te voye mesaje soti nan dezè a Kedémoth vè Sihon, wa Hesbon an avèk pawòl lapè. Mwen te di:
27 "Let me pass through your land. I will stay only on the road, turning aside neither right nor left. ‘Kite mwen pase nan peyi ou a, Mwen va vwayaje sèlman sou gran chemen an; mwen p ap vire akote ni adwat ni agoch.
28 Sell me food for money to eat, give me water for money to drink—only let me pass through on foot, Ou va vann mwen manje pou lajan pou m kab manje; epi ban mwen dlo pou lajan pou m kab bwè. Sèlman, kite mwen pase ladann a pye,
29 as Esau's descendants who live in Seir and the Moabites who live in Ar did for me, until I cross the Jordan into the land our Father is giving us." jis jan ke fis a Esaü ki rete Séir yo ak Moabit ki rete Ar yo te fè pou mwen, jiskaske mwen travèse Jourdain an pou antre nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an.’
30 But Sihon king of Heshbon refused to let us pass, for our Father hardened his spirit and stiffened his heart, to hand him over to you, as he has done this day. “Men Sihon, wa Hesbon an, pa t dakò kite nou pase nan peyi pa li a; paske SENYÈ a te fè lespri li rèd e kè li di, pou l ta kapab livre li nan men nou, jan ke li ye la jodi a.
31 And our Father said to me, "Look, I've begun giving you Sihon and his land. Begin now taking possession—possess his land." “Senyè a te di mwen: ‘Ou wè, Mwen te deja kòmanse livre Sihon avèk peyi li a nan men ou. Kòmanse okipe ou, pou nou kapab genyen peyi li a.’
32 Then Sihon came out against us, he and all his people, to fight at Jahaz. “Epi Sihon avèk tout pèp li a te parèt pou rankontre nou nan batay nan Jahats la.
33 And our Father gave him to us, and we struck him down, his sons, and all his people. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre li bannou, e nou te bat li avèk fis li yo ak tout pèp li a.
34 At that time we captured all his cities and completely destroyed every city—men, women, children—leaving no survivor. Konsa, nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a, e nou te konplètman detwi mesye yo, fanm yo, avèk pitit nan chak vil yo. Nou pa t menm kite youn vivan.
35 We plundered only the livestock for ourselves, plus the spoil of the cities we captured. Se sèl bèt nou te pran kòm piyaj nou, ak piyaj a vil ke nou te pran an kaptif.
36 From Aroer on the Wadi Arnon's edge, and from the town in the valley, to Gilead, no town was too strong for us; Our Father gave them all to us. “Soti nan Aroër ki nan arebò vale Arnon an, epi soti nan vil ki nan vale a, menm pou rive Galaad, pa t gen vil ki te twò wo pou nou. SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo bannou tout.
37 But you did not go near the Ammonites' land, all along the banks of the Wadi Jabbok and the hill country's towns, just as our Father commanded us. Sèlman, nou pa t pwoche teritwa fis a Ammon yo, toupatou akote rivyè Jabbok la ak vil peyi mòn yo, ak nenpòt kote ke SENYÈ a, Bondye nou an, te enpeche nou antre.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]