Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 3 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 We turned and took the road to Bashan, and Og king of Bashan, with all his people, came out to fight us at Edrei. “Alò, nou te vire monte nan wout la vè Basan. Konsa, Og, wa a Basan an avèk tout pèp li a te sòti pou rankontre nou nan batay nan Édréï.
2 And our Father told me, "Don't fear him, for I've given him, all his people, and his land to you; do to him as you did to Sihon king of the Amorites, who lived at Heshbon." Men SENYÈ a te di mwen: ‘Pa pè li, paske Mwen te livre li avèk tout pèp li a, ak peyi li a nan men ou; epi ou va fè li menm jan ke ou te fè Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon an.’
3 So our Father also gave us Og king of Bashan and all his people, and we struck them down, leaving no survivor. “Konsa SENYÈ a, Bondye nou an, te livre osi Og, wa Basan an, avèk tout pèp li a nan men nou e nou te frape yo jis nanpwen ki te rete vivan.
4 At that time we captured all his cities—all sixty, none untaken—the whole region of Argob, Og's kingdom in Bashan. Nou te pran an kaptif tout vil li yo nan tan sa a; nanpwen vil ke nou pa t pran sou yo: swasant vil, tout rejyon Argob la, wayòm a Og la, nan Basan.
5 All these were cities fortified with high walls and barred gates, besides a great many unwalled villages. Tout vil sa yo te fòtifye avèk miray ki wo, avèk pòtay byen bare; epi osi, anpil vil ki te san miray.
6 We devoted them to destruction, as with Sihon king of Heshbon, devoting to destruction every city—its men, women, and children. Nou te konplètman detwi yo, jis jan ke nou te fè a Sihon, wa Hesbon an, e nou te konplètman detwi gason, fanm ak pitit a chak vil yo.
7 But all the livestock and the plunder of the cities we took as spoil for ourselves. Men nou te piyaje tout bèt ak byen a vil yo.
8 So at that time we took the land from these two Amorite kings across the Jordan, from the Arnon Valley to Mount Hermon. “Konsa, nou te pran peyi a nan tan sa a nan men wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon an.
9 (the Sidonians call Hermon Sirion, while the Amorites call it Senir), (Sidonyen yo rele Hermon Sirion e Armoreyen yo rele li, Senir.)
10 all plateau cities, all Gilead, all Bashan to Salecah and Edrei—Og's kingdom cities in Bashan. Nou te pran tout vil nan platon yo, tout Galaad ak tout Basan jis rive nan Salca ak Édréï, vil a wayòm Og yo, nan Basan.
11 (Only Og king of Bashan was left of the Rephaim's remnant. His bed was an iron bed; isn't it in Rabbah of the Ammonites? It was about thirteen and a half feet long and six feet wide.). (Paske se sèl Og, wa Basan an ki te rete kòm retay a Rephaïm yo. Gade byen, kabann li te fèt an fè. Èske li pa nan Rabbath, vil a fis Ammon yo? Longè li se te nèf koude e lajè li se te kat koude nan koude a yon moun.)”
12 This land we took then: from Aroer on the Arnon Valley's edge, plus half the Gilead hill country and its cities, I gave to the Reubenites and Gadites. “Konsa, nou te vin pran posesyon a peyi sila nan tan sa a. Soti nan Aroër, ki bò kote vale Arnon an, ak mwatye peyi ti mòn a Galaad yo, avèk vil pa li yo, mwen te bay yo a Ribenit yo e a Gadit yo.
13 I gave the rest of Gilead and all Bashan—Og's kingdom—to the half-tribe of Manasseh: the whole region of Argob. (All that part of Bashan was called the land of the Rephaim. Rès pati a Galaad la ak tout Basan an, wayòm Og la, mwen te bay a mwatye tribi Manassé a, tout rejyon a Argob la (pa tout Basan, se li yo rele peyi a Rephaïm yo.
14 Jair son of Manasseh took the whole region of Argob to the Geshurite and Maacathite border, and named Bashan after himself, Havvoth-jair, to this day.). Jaïr, fis a Manassé a te pran tout rejyon Argob la jis rive nan lizyè Gechiyen yo ak Maakatyen yo, e yo te rele li Basan, selon pwòp non pa li, Havvoth-Jaïr, e se konsa li rele jis jodi a.)
15 And to Machir I gave Gilead. A Makir, mwen te bay Galaad.
16 To the Reubenites and Gadites I gave from Gilead to the Arnon Valley—its middle the border—to the Jabbok River, the Ammonites' border. A Ribenit yo avèk Gadit yo, mwen te bay soti Galaad pou rive jis nan vale Arnon, mitan vale a sèvi kòm yon lizyè e jis nan rivyè Jabbok la, ki se fwontyè a fis Ammon yo;
17 Also the Arabah, the Jordan its border, from Chinnereth to the Sea of the Arabah (the Dead Sea), below Pisgah's slopes, eastward. Araba a osi, avèk rivyè Jourdain an kòm yon lizyè soti Kinnéreth jis rive nan lanmè Araba a, Lamè Sale a, nan pye a mòn Pisga nan lès.
18 At that time I ordered you: "Your Father gave you this land to possess; all your fighting men must cross armed ahead of your brothers, the Israelites. “Epi mwen te kòmande nou nan tan sa a e te di: ‘SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou peyi sa a pou posede li. Nou tout, mesye vanyan yo, nou va travèse avèk zam devan frè nou yo, fis Israël yo.
19 Only your wives, children, and livestock—I know you have much livestock—stay in the cities I gave you, Men madanm nou yo avèk pitit nou yo ak bèt nou yo (mwen konnen ke nou genyen anpil bèt) va rete nan vil ke mwen te bannou yo,’
20 until our Father gives your brothers rest as he has you, and they too take the land your Father is giving them beyond the Jordan. Then each of you returns to the possession I gave you." jis SENYÈ a bay repo a sitwayen parèy a nou an, jis tankou nou; epi yo, osi, vin posede peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, va bay yo lòtbò Jourdain an. Nan moman sa a, nou tout kapab retounen nan pwòp posesyon pa l ke mwen te bannou an’.
21 I commanded Joshua then: "Your own eyes saw all your Father did to these two kings. Your Father will do so to all the kingdoms you're crossing into. “Mwen te kòmande Josué e te di: ‘Zye ou gen tan fin wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a dè wa sa yo. Konsa, SENYÈ a va fè nan tout wayòm kote ou prèt pou travèse yo.
22 Don't be afraid of them, for your Father himself fights for you." Pa pè yo; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li menm k ap goumen pou nou.’
23 And I pleaded with our Father at that time, saying, “Nan tan sa a, osi, mwen te sipliye SENYÈ a, Bondye nou an. Mwen te di:
24 "My Sovereign Father, you've begun showing your servant your greatness and strong hand. What god in heaven or earth can do deeds and mighty acts like yours? ‘O SENYÈ BONDYE, Ou te kòmanse montre sèvitè ou a jan Ou gran ak men pwisan Ou. Paske ki dye ki genyen nan syèl la oswa sou tè a, ki kapab fè kalite zèv sa yo, zèv pwisan tankou pa Ou yo?
25 Please let me cross over and see the good land beyond the Jordan, this good highland, and Lebanon." Kite mwen pase, mwen priye Ou, travèse wè bèl peyi ki lòtbò Jourdain an, bèl peyi mòn sa a, avèk Liban.’
26 But our Father was angry with me because of you and would not listen to me; our Father said to me, "Enough! Don't speak to me about this again. “Men SENYÈ a te fache avèk mwen akoz nou menm, e Li pa t koute mwen. SENYÈ a te di mwen: ‘Sa sifi! Pa pale M ankò de zafè sa a.
27 Climb Pisgah's summit, raise your eyes west, north, south, and east, and see with your own eyes, for you won't cross this Jordan. Monte sou tèt Pisga, leve zye ou vè lwès, nan nò, sid avèk lès, e gade li avèk zye ou, paske ou p ap travèse Jourdain an.
28 But commission Joshua, encourage and strengthen him, for he will cross ahead of this people and give them the land you will see as their inheritance." Men pale Josué, ankouraje li e ba li fòs, paske li va ale lòtbò a nan tèt a pèp sa a, e li va bay yo li kòm eritaj pa yo peyi ke ou va wè a.’
29 So we remained in the valley opposite Beth-peor. “Konsa, nou te rete nan vale a anfas Beth-Peor a.”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]