Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Deuteronomy 4 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Now, Israel, listen to the statutes and rules I am teaching you to follow, so you may live and go take possession of the land your Father, the God of your ancestors, is giving you. “Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou.
2 Do not add to the word I command you, or take from it, so you keep the commandments of your Father that I command you. Nou p ap mete yon mo sou sa ke mwen ap kòmande nou an ni retire nan li; pou nou kapab kenbe kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an, ke mwen te kòmande nou yo.
3 Your own eyes saw what your Father did at Baal-peor: he destroyed from among you every man who followed the Baal of Peor. “Zye nou gen tan wè sa ke SENYÈ a te fè nan ka Baal-Peor a, paske tout moun ki te swiv Baal-Peor yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te detwi yo nan mitan nou.
4 But you who held fast to your Father, the LORD, are all alive today. Men nou menm ki te kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, nou vivan jodi a, nou chak.
5 See, I taught you statutes and rules, as your Father commanded me, to do them in the land you are entering to possess. “Nou wè, mwen te enstwi nou règleman avèk jijman yo jis jan SENYÈ a, Bondye mwen an, te kòmande mwen an, pou nou ta fè konsa nan peyi kote nou ap antre pou posede a.
6 Keep and do them; this is your wisdom and understanding before the nations, who will hear all these decrees and say, 'This great nation is truly a wise and understanding people.' Pou sa, kenbe yo e fè yo paske sa se sajès avèk konprann nou devan zye a tout pèp ki va tande tout règleman sa yo e ki va di: ‘Anverite, nasyon sa a se yon pèp ki saj e ki gen konprann.’
7 What great nation has a god as near to it as your Father is to us whenever we call on him? Paske ki gran nasyon ki genyen, avèk yon dye ki osi touprè li kòm SENYÈ a, Bondye nou an, nenpòt lè nou rele Li?
8 What great nation has statutes and rules as just as all this law I set before you today? Oswa ki gran nasyon ki genyen avèk règleman ak jijman ki dwat tankou sa ke mwen ap mete devan nou jodi a?
9 Only be careful and watch yourself closely, so you do not forget what your eyes have seen, and they do not leave your heart all your days. Make them known to your children and your children's children. “Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo.
10 Remember the day you stood before your Father at Horeb, when he told me, "Gather the people to me, and I will let them hear my words, so they learn to fear me all the days they live on the earth, and teach their children." Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’
11 You came near and stood at the mountain's foot while it burned with fire to the heart of heaven—wrapped in darkness, cloud, and deep gloom. “Nou te pwoche e ou te kanpe nan pye mòn nan. Mòn nan te brile avèk dife jis rive nan kè syèl la: tenèb, nwaj avèk fènwa.
12 Your Father spoke to you from within the fire. You heard the sound of words but saw no form—only a voice. Epi SENYÈ a te pale avèk nou soti nan mitan dife a: nou te tande son pawòl yo, men nou pa t wè okenn fòm——sèlman yon vwa.
13 He declared his covenant to you, commanding you to keep it—the Ten Words—and wrote them on two stone tablets. Konsa, Li te deklare bay nou akò ke Li te kòmande nou pou fè a, sa vle di, Dis Kòmandman yo. Li te ekri yo sou de tab an wòch.
14 And your Father commanded me then to teach you statutes and rules to follow in the land you are crossing to possess. SENYÈ a te kòmande mwen nan tan sa a pou enstwi nou lwa avèk règleman li yo, pou nou ta kapab fè yo nan peyi kote nou pral travèse pou posede a.
15 So watch yourselves very carefully, since you saw no form the day your Father spoke to you at Horeb from the fire, “Pou sa, veye tèt nou, akoz ke nou pa t wè okenn fòm nan jou ke SENYÈ a te pale avèk nou nan Horeb la, soti nan mitan dife a,
16 be careful not to act corruptly by making a carved image for yourselves, in the form of any figure, the likeness of male or female, pou nou pa aji yon jan konwonpi, e fè yon imaj taye pou nou menm nan fòm a okenn bagay, ki sanble a ni mal, ni femèl,
17 the likeness of any animal on the earth, the likeness of any winged bird that flies in the sky, sanblab a nenpòt bèt ki sou latè, oswa sanblab a nenpòt zwazo a zèl ki vole anlè,
18 the likeness of anything that creeps on the ground, of any fish in the water below the earth. ki sanblab a nenpòt sa ki ranpe atè, ki sanblab a nenpòt pwason ki nan dlo anba tè a.
19 And do not lift your eyes to the heavens and, seeing the sun, moon, and stars—all the host of heaven—be drawn away to bow to them and serve them, which your Father allotted to all peoples under the whole heaven. Veye ke nou pa leve zye nou vè syèl la pou wè solèy la, lalin avèk zetwal yo, avèk tout lame syèl la, e mennen pou adore ak sèvi yo, sila ke SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi pou tout lòt pèp anba tout syèl la.
20 Your Father took you and brought you out of Egypt, the iron furnace, to be his own people, his inheritance, as you are today. Men SENYÈ a te pran nou e mennen nou sòti nan founo fè a, an Égypte, pou nou kapab yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, tankou jodi a.
21 Now your Father was angry with me because of you and swore I would not cross the Jordan or enter the good land your Father is giving you to inherit. “Alò, SENYÈ a te fache avè m akoz de nou, e Li te sèmante pou mwen pa t travèse Jourdain an; epi pou Mwen pa ta antre nan bon peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou kòm eritaj nou an.
22 I must die in this land; I will not cross the Jordan. But you are crossing to take that good land. Paske mwen va mouri nan peyi sila a. Mwen p ap travèse Jourdain an, men nou va travèse e pran posesyon a bon peyi sila a.
23 Be careful not to forget the covenant your Father made with you, and make a carved image in the form of anything your Father has forbidden you. Pou sa, veye nou, pou nou pa bliye akò a SENYÈ a, ke Li te fè avèk nou, e fè pou nou menm yon imaj taye nan okenn fòm kont sila SENYÈ Bondye nou an, te kòmande nou an.
24 For your Father is a consuming fire, a jealous Father. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon dife voras, yon Bondye ki jalou.
25 When you have children and grandchildren and have grown old in the land, if you act wickedly by making a carved image in the form of anything, and do what is evil in your Father's sight, provoking him to anger, “Lè nou devni papa a pitit, pitit a pitit, gen tan rete lontan nan peyi a, aji yon jan konwonpi, fè yon zidòl nan fòm a nenpòt bagay, e fè sa ki mal nan zye a SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwovoke Li a lakòlè,
26 today I call heaven and earth to witness against you: you'll soon perish completely from the land you cross the Jordan to possess. Your days there will be few; you'll be totally wiped out. Mwen rele syèl la avèk tè a kòm temwen kont nou jodi a, ke nou va vrèman peri vit nan peyi kote nou ap pase Jourdain an pou posede a. Nou p ap viv pandan anpil tan ladann, men nou va detwi nèt.
27 Your Father will scatter you among the peoples, and you will be left few in number among the nations where your Father drives you. SENYÈ a va gaye nou pami pèp yo; epi nou va rete pa anpil an kantite pami nasyon kote SENYÈ a bourade nou yo.
28 There you will serve gods of wood and stone, the work of human hands, that cannot see, hear, eat, or smell. La, nou va sèvi dye yo, zèv men a lòm yo, bwa avèk wòch, ki pa wè ni tande, ni manje ni santi anyen.
29 But from there you will seek your Father and find him, if you search for him with all your heart and soul. Men soti la, nou va chache SENYÈ a; epi nou va jwenn Li si nou chache Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou.
30 When you are in distress and all these things come upon you in later days, you will return to your Father and obey his voice. Lè nou nan gwo pwoblèm e tout bagay sa yo rive nou; nan dènye jou yo, nou va retounen a SENYÈ a, Bondye nou an, e nou va koute vwa Li.
31 Your Father is a merciful Father; he will not abandon you, destroy you, or forget the covenant he swore to your ancestors. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se yon Bondye ki plen avèk mizerikòd; Li p ap lage nou, ni detwi nou ni bliye akò avèk zansèt nou yo ke Li te sèmante a yo menm.
32 Look back over the days long past, since our Father created humanity on the earth, and ask from one end of heaven to the other: has anything this great ever happened or been heard of? Anverite, mande, koulye a, konsènan ansyen jou avan nou yo, soti jou ke Bondye te kreye lòm sou latè a, e mande soti nan yon pwent syèl la jis rive nan lòt la. Èske yon gran bagay konsa janm fèt, oswa èske yo janm tande anyen konsa?
33 Has any people heard a god's voice speaking from within fire, as you have, and lived? Èske okenn pèp te janm tande vwa Bondye pale ak yo soti nan mitan dife, jan nou te tande l e viv la?
34 Or has any god dared to take a nation out of another nation for himself, by trials, signs, wonders, war, a mighty hand, an outstretched arm, and great terrors, according to all that your Father did for you in Egypt before your eyes? Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou?
35 It was shown to you, so you would know our Father is the Father; there is no other besides him. A nou menm, li te montre ke nou ta kapab konnen ke SENYÈ a, se Bondye; nanpwen lòt sof ke Li menm.
36 From heaven he made you hear his voice to discipline you; on earth he showed you his great fire, and you heard his words from within the fire. Soti nan syèl yo, Li te kite nou tande vwa Li pou korije nou; epi sou latè, Li te kite nou wè gran dife Li a; epi nou te tande pawòl Li soti nan mitan dife a.
37 Because he loved your ancestors and chose their descendants after them, he brought you out of Egypt himself, by his great power, Paske Li te renmen zansèt nou yo; pou sa, Li te chwazi desandan apre yo. Epi Li menm, pou kont Li, Li te mennen nou sòti an Égypte avèk gran pouvwa Li,
38 driving out before you nations greater and stronger than you, to bring you in and give you their land as an inheritance, as it is today. epi te pouse devan nou tout nasyon ki pi gran e ki pi pwisan ke nou menm yo, pou mennen nou antre pou bannou teren pa yo kòm eritaj, jan li ye nan jodi a.
39 Know today, and take it to heart, that our Father is the Father in heaven above and on the earth below; there is no other. Pou sa, konnen jodi a e fè sa antre nan kè nou, ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye anwo nan syèl la e anba sou tè a; nanpwen lòt.
40 Keep his statutes and commandments, which I command you today, so it goes well with you and your children after you, and you live long in the land your Father gives you for all time. Pou sa, nou va kenbe règleman Li yo avèk kòmandman Li yo ke mwen ap bannou jodi a, pou li kapab ale byen avèk nou e avèk zanfan apre nou yo; epi pou nou kapab viv anpil tan sou tè ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou pou tout tan an.”
41 Then Moses set apart three cities in the region beyond the Jordan toward the sunrise, Epi Moïse te mete apa twa vil lòtbò Jourdain an vè lès,
42 so anyone who killed his neighbor unintentionally, without having hated him before, could flee to one of these cities and live: pou yon moun ki touye yon moun ta kapab sove ale, ki te san entansyon touye vwazen li san ke li pa t gen rayisman anvè li nan tan pase yo; pou li ta kab sove ale nan youn nan vil sa yo:
43 Bezer in the wilderness on the plateau for the Reubenites, Ramoth in Gilead for the Gadites, and Golan in Bashan for the Manassites. Betser, nan dezè sou platon an pou Ribenit yo, Ramoth nan Galaad pou Gadit yo ak Golan nan Basan pou Manasit yo.
44 This is the law that Moses set before the people of Israel. Alò, sa se lalwa ke Moïse te mete devan fis Israël yo;
45 These are the testimonies, statutes, and rules Moses spoke to Israel when they came out of Egypt. sa yo se temwayaj avèk lwa avèk règleman ke Moïse te pale a fis Israël yo, lè yo te sòti an Égypte,
46 East of the Jordan, in the valley opposite Beth-peor, in the land of Sihon the Amorite king who lived in Heshbon, whom Moses and Israel defeated after leaving Egypt. anfas Jourdain an, nan vale ki anfas Beth-Peor a, nan peyi a wa Sihon an, wa Amoreyen yo ki te rete Hesbon an, ke Moïse avèk fis Israël yo te bat lè yo te sòti an Égypte la.
47 They took possession of his land and the land of Og king of Bashan, the two Amorite kings who lived beyond the Jordan toward the sunrise, Yo te pran posesyon a teren pa li an avèk teren Og la, wa Basan an, de wa Amoreyen ki te anfas Jourdain yo vè lès,
48 from Aroer on the edge of the Arnon Valley to Mount Sion (that is, Hermon), soti nan Aroër ki vin touche vale Arnon an, jis rive nan Mòn Sion (sa vle di Hermon),
49 with all the Arabah beyond the Jordan eastward, to the Sea of the Arabah, below the slopes of Pisgah. avèk tout Araba anfas Jourdain an vè lès, jis rive nan lanmè Araba, nan pye pant mòn Pisga a.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]