Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Numbers 35 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses on the plains of Moab by the Jordan across from Jericho: Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse nan plèn Moab yo akote Jourdain an anfas Jéricho. Li te di:
2 "Command the Israelites to give the Levites, from the inheritance they hold, cities to live in, and pastureland around them, for the Levites. Kòmande fis a Israël yo pou yo bay a Levit yo soti nan eritaj a posesyon pa yo vil pou Levit yo rete ladan. Konsa, nou va bay a Levit yo teren patiraj ki antoure vil yo.
3 The cities are theirs to live in; the pasturelands are for their cattle, livestock, and all their living creatures. Vil yo va pou yo, pou yo viv ladann. Teren pa yo va pou bèf pa yo, pou twoupo pa yo ak pou tout bèt pa yo.
4 "The pasturelands of the cities you give the Levites reach about 1,500 feet out from the city wall on every side. Teren patiraj lavil ke nou te bay a Levit yo va rive soti nan miray lavil yo, pou lonje rive jis a mil (1,000) koude.
5 Measure outside the city: about 3,000 feet on the east side, 3,000 on the south side, 3,000 on the west side, 3,000 on the north side, with the city in the middle. This is the pastureland for their cities. Nou va, osi, mezire deyò lavil la nan kote lès, de-mil (2,000) koude, nan kote sid, de-mil (2,000) koude, nan kote lwès, de-mil (2,000) koude, ak nan kote nò, de-mil koude, avèk vil nan mitan li an. Sa va devni pou yo kòm teren pa yo pou vil yo.
6 "Of the cities you give the Levites, six are to be cities of refuge, for a killer to flee to; besides these, give forty-two cities. Vil ke nou va bay a Levit yo va sis vil azil kote moun ki touye moun kapab sove ale. Anplis de sa yo, nou va bay karann-de vil.
7 "All the cities that you give the Levites are to be forty-eight cities, together with their pasturelands. Tout vil ke nou va bay a Levit yo va karanntuit vil ansanm avèk teren patiraj pa yo.
8 From Israel's territory, give the Levites cities—more from large tribes, fewer from small; each gives in proportion to the inheritance it received." Selon vil ke nou va bay soti nan posesyon a fis Israël yo, nou va pran plis nan men pi gran yo, e nou va pran mwens nan men pi piti yo. A tout selon eritaj li ke li resevwa va bay kèk nan vil pa li yo a Levit yo.
9 Our Father spoke to Moses: Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
10 "Speak to the Israelites and tell them: When you cross the Jordan into the land of Canaan, “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou fin travèse Jourdain an pou lantre nan peyi Canaran an,
11 choose cities for yourselves, cities of refuge, where anyone who kills a person unintentionally may flee there. alò, nou va apwente pou nou menm vil azil nou, pou sila ki touye moun yo, san entansyon eksprè, kapab sove ale.
12 These cities are a refuge for you from the blood avenger, so the killer won't die until standing before the assembly for judgment. Vil yo va pou nou yon refij kont vanjè yo, pou sila ki touye moun nan pa mouri jiskaske li ta vin kanpe devan kongregasyon an pou jije.
13 The cities you give are to be six cities of refuge for you. Vil ke nou bay yo va sis vil nou yo pou azil.
14 Give three cities beyond the Jordan and three cities in the land of Canaan; they are to be cities of refuge. Nou va bay twa vil lòtbò Jourdain an ak twa vil nan peyi Canaran an. Yo va sèvi kòm vil azil.
15 These six cities are a refuge for Israelites, the foreigner, and the temporary resident among them, so anyone who kills a person by accident may flee there. Sis vil sila yo va tankou refij pou fis Israël yo, pou etranje a ak pou sila ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san entansyon eksprè kapab sove ale pou rive la.
16 "But if someone strikes another with an iron object and the victim dies, the attacker is a murderer—the murderer must be put to death. “‘Men si li te frape detwi li avèk yon objè an fè, pou l ta vin mouri, li se yon asasen. Yon asasen va, anverite, vin mete a lanmò.
17 If he struck him with a stone in his hand that could kill, and he died, he is a murderer; the murderer must be put to death. Si li te frape li avèk yon wòch nan men l, pou l ta vin mouri, epi li mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò.
18 Or if he struck him with a deadly wooden tool in hand, and he died, he is a murderer; the murderer must be put to death. Oswa, si li te frape li avèk yon bout bwa nan men l pou li ta mouri, e li vin mouri, li se yon asasen. Asasen an va vrèman, vin mete a lanmò.
19 The avenger of blood is to kill the murderer himself; when he meets him, he is to kill him. Vanjè san an va, li menm, mete asasen an a lanmò. Li va mete li a lanmò depi li rankontre li.
20 If he pushed him from hatred, or threw something at him in ambush, so he died, Si li t ap pouse li akoz rayisman, oswa jete yon bagay sou li lè li kouche pou fè pèlen, e kòm rezilta, li te vin mouri,
21 or if he struck him with his hand out of hatred and he died, the striker must be put to death—he is a murderer. The avenger of blood is to kill the murderer when he finds him. oswa, si li te frape li avèk men l an rayisman, e li vin mouri, sila ki te frape li a va, vrèman, vin mete a lanmò. Li se yon asasen. Vanjè san an va mete asasen an a lanmò lè li rankontre li.
22 "But if he shoved him suddenly without hostility, or threw anything at him without ambush, “‘Men si li vin pouse li sibitman san rayisman, oswa li te jete yon bagay sou li san entansyon,
23 or, without seeing him, dropped on him a stone able to kill, and he died—not his enemy, not seeking his harm, oswa, avèk nenpòt objè mòtèl an wòch, men san wè, li vin tonbe sou li e li vin mouri, pandan li pa t lènmi li, ni li pa t ap chache pou fè li mal,
24 then the assembly is to judge between the slayer and the avenger of blood according to these rules. alò, kongregasyon an va jije antre moun ki touye moun nan avèk vanjè san an, selon òdonans sa yo.
25 The assembly must rescue the killer from the blood avenger's hand and return him to the city of refuge he fled to; he must stay there until the high priest anointed with holy oil dies. Kongregasyon an dwe pwoteje moun ki touye moun nan de men a vanjè san an, e kongregasyon an va voye li retounen nan vil azil kote li te sove ale a. Epi konsa, li va viv ladann jiskaske lanmò wo prèt ki te onksyone avèk lwil sen an.
26 "But if the killer ever leaves the border of his refuge city, where he fled, “‘Men si moun ki touye moun nan sòti pi lwen ke lizyè pwòp vil azil pa li a, kote li te gen dwa sove ale a,
27 if the avenger of blood finds him outside his city of refuge's border and kills the killer, he incurs no bloodguilt. epi vanjè san an vin jwenn li deyò lizyè vil azil li a; epi vanjè san an touye moun ki te touye moun nan, li p ap koupab de san an,
28 The killer must stay in his city of refuge until the high priest dies; only after the high priest's death may he return to his own land. akoz li te dwe rete nan vil azil pa li a jiskaske wo prèt la vin mouri. Men apre lanmò wo prèt la, moun ki te touye moun nan va retounen vè peyi posesyon pa li a.
29 These are to be a permanent law for you throughout your generations, in every place where you live. “‘Bagay sa yo va yon òdonans lalwa pou tout jenerasyon nou yo nan tout abitasyon nou yo.
30 "Anyone who kills a person is to be executed as a murderer, on witnesses' testimony; one witness alone cannot testify against a person to cause death. “‘Si, yon moun touye yon moun, asasen an va vin mete a lanmò sou temwayaj temwen yo, men pèsòn pa pou mete a lanmò sou temwayaj a yon sèl temwen.
31 "Take no ransom for a murderer's life who deserves death—he must be executed. “‘Anplis, nou pa pou pran ranson pou lavi a yon asasen ki koupab jiska lanmò. Li va, vrèman, vin mete a lanmò.
32 Take no ransom for someone who fled to his city of refuge, letting him return to live in the land before the priest dies. Nou pa pou pran ranson pou sila ki te sove ale nan vil azil la, pou l kab retounen viv nan peyi a avan lanmò a wo prèt la.
33 "Don't pollute the land you live in—blood pollutes the land, and the land can have no atonement for blood shed on it except by the blood of the one who shed it. “‘Alò, nou pa pou kontamine peyi kote nou rete a; paske san an va kontamine peyi a e nanpwen ekspiyasyon pou peyi pou san ki koule ladann, sof pa san a sila ki te fè vèse san an.
34 Don't make the land unclean—you live there, and I live among you; for I, your Father, live among Israel's people." Nou pa pou konwonpi peyi kote nou rete a, kote Mwen menm rete a. Paske Mwen, SENYÈ a, Mwen ap viv pami fis Israël yo.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]