Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Micah 1 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 The word of our Father to Micah of Moresheth in the days of Jotham, Ahaz, and Hezekiah, kings of Judah—what he saw about Samaria and Jerusalem. Pawòl SENYÈ a ki te adrese a Michée, moun Moréscheth la, nan jou a Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa Juda yo, pawòl ke li te wè konsènan Samarie ak Jérusalem nan.
2 Hear, all you peoples; listen, earth, and all that fills it—let the Sovereign Father be a witness against you, the Sovereign Father from his holy temple. Tande, O pèp yo, nou tout! Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann. Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou; SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
3 For look—our Father is coming out from his place; he will come down and tread on the high places of the earth. Paske gade byen, SENYÈ a ap vin sòti nan plas Li a. Li va vin desann pou foule wo plas latè yo.
4 The mountains will melt beneath him, and the valleys will split apart, like wax before the fire, like waters poured down a steep slope. Mòn yo fann anba Li; Vale yo fann tankou lasi devan dife, tankou dlo k ap vide desann yon pant apik.
5 All this is because Jacob rebelled and the house of Israel sinned. What is Jacob's rebellion? Isn't it Samaria? And what is Judah's high place? Isn't it Jerusalem? Tout sa se pou rebelyon a Jacob la ak pou peche Israël la. Se kisa ki rebelyon a Jacob la? Èske se pa Samarie? Se kisa ki wo plas a Juda yo? Èske se pa Jérusalem?
6 So I will make Samaria a heap of ruins in the open field, a place for planting vineyards. I will pour her stones down into the valley and lay bare her foundations. Alò, Mwen va fè Samarie vin yon pil mazi nan yon chan louvri, tankou yon kote pou plante yon chan rezen. Mwen va vide wòch batisman li yo nan vale a, e Mwen va dekouvri mete toutouni tout fondasyon li yo.
7 All her carved images will be shattered, all her wages burned in the fire; all her idols I will lay waste. For from a prostitute's wages she gathered them, and to a prostitute's wages they will return. Tout zidòl li yo va vin kraze nèt, tout kado yo bay li yo va vin brile ak dife a, e tout zidòl li yo Mwen va detwi; paske se pou salè a yon pwostitiye ke li te ranmase yo, e pou salè a yon pwostitiye yo va remèt.
8 Because of this I will lament and wail; I will go stripped and naked. I will howl like jackals and moan like ostriches. Pousa, mwen oblije fè dèy e kriye fò. Mwen oblije ale pye atè ak toutouni. Mwen oblije fè lamantasyon tankou chen mawon, plenyen tankou otrich!
9 For her wound is incurable; it has come all the way to Judah. It has reached the gate of my people, all the way to Jerusalem. Paske blesi li a p ap ka geri; paske li fin rive nan Juda. Li rive nan pòtay a pèp mwen an, menm Jérusalem.
10 Do not tell it in Gath; do not weep at all. In Beth-le-aphrah roll yourselves in the dust. Pa pale sa nan Gath. Pa kriye menm. Nan Beth-Leaphra mwen te woule kò mwen nan pousyè.
11 Pass on your way, you who live in Shaphir, in nakedness and shame. Those who live in Zaanan do not come out; the wailing of Beth-ezel leaves you with no place to stand. Ale fè wout ou, ou menm ki rete Schaphir; nan lawont ak toutouni ou. Moun Tsaanan p ap chape. Plenyen Beth-Haëtsel la: Li va retire sou ou tout soutyen li.
12 For those who live in Maroth wait anxiously for good, because disaster has come down from our Father to the gate of Jerusalem. Paske moun Maroth vin fèb nan tann sa ki bon, akoz malè vin desann sòti nan SENYÈ a, rive nan pòtay Jérusalem nan.
13 Harness the horses to the chariot, you who live in Lachish. She was the beginning of sin to the daughter of Zion, for in you the rebellions of Israel were found. Tache cheval yo nan cha lagè a, O moun Lakis! Fi sila a te kòmansman peche pou fi Sion an— akoz se nan ou, yo te twouve zak rebelyon a Israël yo.
14 Therefore you will give parting gifts to Moresheth-gath; the houses of Achzib will be a deception to the kings of Israel. Alò, ou va bay kado dadye a Moreschet-Gath. Lakay Aczib yo va vin yon desepsyon pou wa Israël yo.
15 Once more I will bring a conqueror against you, you who live in Mareshah; the glory of Israel will come to Adullam. Anplis, Mwen va mennen bay nou sila k ap pran posesyon nou an, O nou menm k ap viv nan Maréscha yo! Glwa Israël la va antre menm nan Adullam.
16 Shave your head and cut off your hair for the children you love; make yourself as bald as the eagle, for they will go from you into exile. Vin chòv nèt; koupe tout cheve ou pou pitit ke ou renmen an. Elaji tèt chòv ou pou vin tankou èg, paske yo te ale an egzil kite ou!
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]