Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 20 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father spoke to Moses: SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di:
2 "Tell the Israelites: Any Israelite, or foreigner living in Israel, who gives any of his children to Molech must surely be put to death—the people of the land are to stone him with stones. “Ou va osi di a fis Israël yo: ‘Nenpòt moun nan fis Israël yo, oswa nan etranje ki rete an Israël yo ki bay nenpòt nan pitit li yo a Moloc, li va vrèman vin mete a lanmò. Pèp peyi a va lapide moun sa a avèk kout wòch.
3 I myself will set my face against that man and cut him off from among his people, for giving any of his children to Molech, making my sanctuary unclean and desecrating my holy name. Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a. Mwen va koupe retire li de pèp li a, akoz li te bay nan pitit li bay Moloc pou konwonpi sanktyè Mwen an, e degrade non sen Mwen an.
4 If the people of the land turn a blind eye when that man gives any of his offspring to Molech, and do not put him to death, Men si moun nan peyi a ta janm tolere moun sa a lè li bay nan pitit li yo bay Moloc, e pa mete l a lanmò,
5 I will set my face against that man and his family, and cut him off—with all who follow him in prostitution to Molech—from among their people. alò, Mwen menm va mete figi Mwen kont moun sila a ak kont fanmi li, e Mwen va koupe retire de pèp li a; non sèlman li menm, men tout sila ki jwe pwostitiye dèyè li yo, lè yo jwe pwostitiye dèyè Moloc.
6 "Whoever turns to mediums or spiritists, prostituting themselves after them, I will set my face against that person and cut them off from among their people. “‘Epi pou moun ki vire vè moun k ap fè kontak ak mò yo, ki swiv lespri dyab yo, pou yo jwe pwostitiye avèk yo, Mwen va osi mete figi Mwen kont moun sa a e Mwen va koupe retire li de pèp li a.
7 "Set yourselves apart, therefore, and be holy, for I am your Father. “‘Konsa, nou va konsakre nou menm e nou va rete sen, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.
8 Keep my statutes and do them. I am your Father who makes you holy. “‘Nou va kenbe règleman Mwen yo, e nou va swiv yo. Mwen se SENYÈ a ki fè nou sen an.
9 "Whoever curses his father or his mother must be put to death; he has cursed his father or his mother—his blood is on him. “‘Si yon moun anmède papa li oswa manman li, li va vrèman vin mete a lanmò. Li te anmède papa li oswa manman li. Koupabilite san li rete sou li.
10 "If a man commits adultery with another man's wife—his neighbor's wife—both adulterer and adulterous woman must surely be put to death. “‘Si yon mesye fè adiltè avèk madanm a yon lòt, menm sila ki fè adiltè avèk madanm zanmi li an, adiltè la avèk fanm adiltè la va vrèman vin mete a lanmò.
11 "A man who sleeps with his father's wife has exposed his father's nakedness; both must be put to death; their blood is on them. “‘Si yon nonm vin kouche avèk madanm a papa li, li te dekouvri nidite a papa li. Yo tou de va vin mete a lanmò. Koupabilite san yo rete sou yo.
12 "If a man sleeps with his daughter-in-law, both must be put to death; they have done a perversion; their blood is on them. “‘Si gen yon nonm ki kouche avèk bèlfi li, tou de va vin mete a lanmò. Yo te fè ensès; koupabilite san an sou yo.
13 "If a man lies with a male as with a woman, both have done a detestable thing; they must surely be put to death; their blood is on them. “‘Si gen yon gason ki kouche avèk yon lòt gason, menm jan ke li ta kouche avèk yon fanm, tou de te fè yon zak abominab. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san yo sou yo.
14 "If a man takes a woman and her mother, that is evil; burn him and them with fire, so no evil remains among you. “‘Si gen yon mesye ki marye avèk yon fanm ansanm ak manman li, sa se konwonpi. Yo tout va brile avèk dife pou mechanste pa rete nan mitan nou.
15 "If a man has sex with an animal, he must be put to death, and you must kill the animal. “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon bèt, li va vrèman vin mete a lanmò. Nou va anplis touye bèt la.
16 "If a woman approaches any animal to mate with it, kill the woman and the animal; both must be put to death; their blood is on them. “‘Si gen yon fanm ki vin pwoche yon bèt pou kouche avèk li, nou va touye fanm nan ansanm ak bèt la. Yo va vrèman vin mete a lanmò. Koupabilite san an sou yo.
17 "If a man marries his sister, his father's or mother's daughter, and they have sexual relations, it is a disgrace; they must be cut off before their people. He has exposed his sister; he bears his guilt. “‘Si yon mesye pran sè li, oswa fi a papa li, oswa fi a manman li, pou l wè nidite li, epi li wè nidite li, sa se yon gwo wont. Yo va koupe retire devan zye a fis pèp Israël la. Li te dekouvri nidite sè li. Li pote koupabilite pa l.
18 "If a man sleeps with a woman during her period, he exposes her flow, and she uncovers its source; both are cut off from their people. “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk yon fanm sou règ li e dekouvri nidite li, li te vin dekouvri flèv li, e li te fè flèv san li vin parèt. Pou sa, tou de va koupe retire de pèp pa yo a.
19 "Do not have sex with your mother's or father's sister—that disrespects a close relative; they will bear their guilt. “‘Nou pa pou dekouvri nidite sè manman nou, ni sè papa nou, paske yon nonm konsa te fè nidite a fanmi de san li vin parèt. Yo va pote koupabilite yo.
20 A man who sleeps with his uncle's wife disrespects his uncle; they will bear their sin and die childless. “‘Si gen yon mesye ki kouche avèk madanm tonton li, li te dekouvri nidite tonton li. Yo va pote peche yo. Yo va mouri san fè pitit.
21 "If a man marries his brother's wife, it is impurity; he exposed his brother's nakedness; they will be childless. “‘Si gen yon mesye ki pran madanm a frè li, sa se abominab. Li te dekouvri nidite a frè li. Yo p ap janm fè pitit.
22 "Keep all my statutes and all my rules, and do them, so the land I'm bringing you to live in won't vomit you out. “‘Konsa, nou gen pou kenbe tout règleman ak tout òdonans Mwen yo e fè yo, pou peyi kote M ap mennen nou pou viv la, pa krache mete nou deyò.
23 You must not adopt the customs of the nation I am driving out before you, because they did all these things, and I detested them. Anplis, nou pa pou swiv koutim nasyon sa yo ke Mwen va pouse fè sòti devan nou yo, paske yo te fè tout bagay sa yo, e konsa, Mwen te vin rayi yo.
24 I have told you: you will inherit their land; I myself will give it to you to possess, a land flowing with milk and honey. I am your Father, who set you apart from the peoples. Konsa Mwen te di nou: “Nou dwe posede peyi pa yo a, e Mwen menm va bannou li pou posesyon, yon peyi k ap koule lèt ak siwo myèl.” Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mete nou apa de lòt pèp yo.
25 "So distinguish clean animals from unclean, and unclean birds from clean. Do not make yourselves detestable by any animal, bird, or thing crawling on the ground that I have set apart for you as unclean. “‘Se konsa ke nou gen pou distinge antre bèt ki pwòp ak bèt ki pa pwòp, e antre zwazo ki pa pwòp ak sa ki pwòp la. Nou pa pou fè tèt nou vin abominab ni pa bèt, ni pa zwazo, ni pa sa ki trennen atè reptil ke Mwen te separe pou nou kòm pa pwòp.
26 Be holy to me, for I, your Father, am holy, and I have set you apart from the peoples to be mine. Se konsa, nou va sen pou Mwen, paske Mwen, SENYÈ a, Mwen sen. Mwen te mete nou apa de lòt pèp yo pou nou kapab pa Mwen.
27 "A man or woman who is a medium or spiritist must be put to death—stoned; their blood is on them." “‘Alò, yon nonm oswa yon fanm ki kontakte mò yo, oswa lespri yo, yo va anverite vin mete a lanmò. Yo va vin lapide avèk kout wòch. Koupabilite san rete sou yo.’”
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]