Skip to content
The Believer's Library

Bib Sen An

Leviticus 21 hatbsa

Show hatbsa only
Verse × ×
1 Our Father said to Moses: "Tell the priests, Aaron's sons: No one may make himself unclean for the dead among his people, Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: “Pale avèk prèt yo, fis Aaron yo. Di yo konsa: ‘Pèsòn pa pou konwonpi kò l avèk yon moun mouri pami pèp li a,
2 except for his closest relatives—his mother, his father, his son, his daughter, his brother, sof pou fanmi ki pi prè li yo, tankou manman l, papa l, fis li, fi li ak frè li,
3 or his virgin sister, close to him, still unmarried—for her he may become unclean. ak pou sè vyèj li, ki prè li, ki pa t gen mari. Pou sila a, li kapab konwonpi kò l.
4 He must not make himself unclean as a leader among his people and desecrate himself. Li pa pou konwonpi kò l, akoz li se yon gwo chèf pami pèp li a, e konsa, pou vin degrade tèt li.
5 They must not shave their heads bald, shave off their beard edges, or gash their bodies. “‘Yo pa pou fè tèt yo kale, ni taye bab yo, ni fè okenn blese nan chè yo.
6 They must be holy to their Father and not desecrate his name; they present our Father's food offerings, his bread, so they must be holy. Yo va rete sen a Bondye pa yo a, e yo p ap konwonpi non Bondye pa yo a, paske se yo ki prezante ofrann dife bay SENYÈ a, manje pou Bondye pa yo a. Alò, fòk yo sen.
7 They must not marry a prostitute, one made unclean, or one divorced from her husband; the priest is holy to his Father. “‘Yo pa pou pran yon fanm ki degrade kòm pwostitiye, ni yo pa pou pran yon fanm ki divòse avèk mari li; paske li sen a Bondye pa li a.
8 Treat him as holy—he offers your Father's bread. He is to be holy to you, for I, your Father who makes you holy, your Father who sets you apart, am holy. Konsa, nou va konsakre li, paske li ofri ou manje Bondye nou an. Li va sen pou nou, paske Mwen, SENYÈ ki sanktifye nou an, Mwen sen.
9 A priest's daughter who desecrates herself by prostitution desecrates her father; she is to be burned with fire. “‘Fi a nenpòt prèt, si li degrade tèt li kòm pwostitiye, li degrade papa li. Li va brile nan dife.
10 The high priest, greatest among his brothers, with anointing oil poured on his head and ordained to wear the garments, must not let his hair hang loose or tear his clothes. “‘Prèt ki se wo prèt pami frè li yo, sou tèt sila lwil onksyon an te vide a, e sila ki te konsakre pou abiye avèk vètman yo, pa pou dekouvri tèt li, ni chire rad li.
11 He must not go near a corpse or make himself unclean, even for his father or mother. Li pa pou pwoche okenn moun mouri, ni konwonpi tèt li menm si se pou papa li oswa manman li.
12 He must not leave the sanctuary or desecrate his Father's sanctuary; his anointing oil has dedicated him. I am your Father. Li pa pou sòti nan sanktyè a, ni konwonpi sanktyè Bondye li a, paske konsekrasyon lwil sen an sou li. Mwen se SENYÈ a.
13 He is to marry only a virgin. “‘Li va pran yon madanm ki vyèj.
14 He may not marry a widow, divorced woman, or woman made unclean by prostitution—only a virgin from his own people. Yon vèv, oswa yon fanm divòse, oswa youn ki degrade kòm pwostitiye, sa yo, li pa kapab pran yo. Men okontrè, fòk li marye ak yon vyèj pami pwòp pèp pa li a.
15 So he won't desecrate his offspring among his people, for I, your Father, make him holy—his Father who sets him apart." Li pa pou degrade desandan li yo pami pwòp pèp li a, paske Mwen se SENYÈ ki fè li sen an.’”
16 And our Father said to Moses: Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di:
17 "Speak to Aaron: no descendant of yours, in any generation, who has a defect may approach to offer his Father's food. “Pale avèk Aaron. Di l: ‘Okenn moun pami nou ki gen yon defo fizik p ap pwoche pou ofri manje bay Bondye li a.
18 No man with a defect may approach: blind, lame, disfigured-faced, or deformed-limbed, Paske nenpòt moun ki gen yon defo p ap pwoche: yon nonm avèg, yon bwate, yon nonm ki gen figi defòme, oswa okenn manm kò defòme,
19 or a man who has a broken foot or a broken hand, yon nonm pye kase oswa men kase,
20 or a hunchback, a dwarf, an eye defect, festering sores, scabs, or crushed testicles. yon moun ki gen boul nan do oswa kata, oubyen yon moun ki gen defo nan zye li, oswa ekzema nan po, kal oswa boul grenn ki donmaje.
21 No descendant of Aaron the priest with a defect may approach to offer our Father's food offerings; with a defect, he may not approach to offer his Father's bread. Okenn moun nan ras Aaron, prèt ki gen defo pa pou pwoche pou fè ofrann SENYÈ a pa dife. Akoz li gen yon defo, li pa pou pwoche pou ofri pen ki pou Bondye li a.
22 He may eat the bread of his Father, both the most holy and the holy things. Li kapab manje pen Bondye li a, ni sa ki sen pase tout bagay yo, avèk sa ki sen an.
23 He must not go near the veil or approach the altar, having a defect, so he won't desecrate my holy places—for I, your Father, make them holy, their Father who sets them apart." Se sèlman, li pa pou antre anndan vwal la, ni toupre lotèl la akoz ke li gen yon defo, pou li pa konwonpi sanktyè Mwen yo. Paske Mwen se SENYÈ ki fè yo sen an.’”
24 So Moses spoke this to Aaron and his sons and to all the people of Israel. Alò, Moïse te pale avèk Aaron, a fis li yo, e a tout fis Israël yo.
FHB

Scripture from Father’s Heart Bible™. © 2026 Spirit Media Publishing, the imprint of Spirit Media Inc. All rights reserved. In Divine Voice™ Color, the words spoken by our Father show in blue, the words of the Son in red, and the words of the Spirit in purple.

hatbsa

Copyright © 2017-2023 Ron Smith
Bib Sen An · Creative Commons - Attribution-ShareAlike [CC BY-SA]